KU ScholarWorks | http://kuscholarworks.ku.edu Ann Bay Lodyans 12 se Bryant Freeman (“Tonton Liben”) ki pare ti liv sa a 2000 by Bryant C. Freeman, ed. This work has been made available by the University of Kansas Libraries’ Office of Scholarly Communication and Copyright. Please share your stories about how Open Access to this article benefits you. This is the published version of the book, made available with the permission of the publisher. Freeman, Bryant C., ed. Ann bay lodyans 12 / se Bryant Freeman (“Tonton Liben”) ki pare ti liv sa a. [Lawrence, Kan.] : Institute of Haitian Studies ; [Port-au-Prince] : Bon Nouvèl : Fondasyon Alfa Lwès, 2000. Terms of Use: http://www2.ku.edu/~scholar/docs/license.shtml EPI BONDYE KREYE PREMYE FS A Nan komansman Bondye te kreye tout bagay. Apre sa, ii te fe premye moun Ian: yon gason. Se le sa a, ii we li pa rete anyen pou I ta fe yon fi. Bondye pran kalkile yon bon ti rnoman: "Ak ki bagay m prai kreye yon fi pou m bay premye gason an kom zanmi?" Nou konnen anyen pa enposib ak Bondye. Se konsa II jwenn yon bon solisyon. Pou torn kd fi a ka bel, Bondye pran fom lalin le ! nan pozisyon premye katye. Li pran ti fey leje ak ti reyon soley pou I fe kd a, epi li fe I soup tankou ti zeb yo. Pou karakte a, Bondye fe yon bon ti melanj: li pran bwode ki gen nan pan, di ki gen nan woch, fines ki gen nan ke zwazo, douse ki gen nan siwo myel, mechanste ki gen nan tig, chale ki gen nan dife, fredi ki gen nan lanej. Bondye kontwole yo, sa pa ase toujou. Li pran souples ki gen nan branch rezen le I ap vlope pyebwa. Li ajoute yon ti kal nan karakte krabye, li pran fidelite ki gen nan manman lyon, tout chante ki gen nan goj wosiydl, pale anpil ki gen nan goj jako, belte ki gen nan fie k ap boujonnen, mouvman ki gen nan van k ap soufle, epi dlo ki gen nan je. 2 Bondye melanje tout bagay sa yo ansanm pou I fe yon pat. Li travay pat la byen travay, epi li fe fi a. Se pa de bel fi sa ate bel! Bondye fe gason an kadofia. Msye te kontan anpil. Yo te viv ansanm pandan kek tan konsa. Men yon jou, msye a al devan Bondye ansanm ak fi a. Li pote I remet Bondye. Li di konsa: "Bondye, m pa kapab viv ak zanmi ou ban mwen an. Li pale san rete, li fatige m twop, menm yon ti poze m pa kab fe. Sa ki pi red la, ii egzijan anpil! Li vie pou m okipe I toutan. M pa kapab fe travay mwen. M pa gen Iibete menm pou m al fe yon ti flann. Lefini, pou nenpot ti bagay li pran kriye! Se poutet sa, m vie remet ou li, Bondye. Li two difisil pou m viv ave I." Bondye di: "Dako, ou met remet mwen li." 3 Apre yon senmenn. gason an tounen bo kote Bonclye. Li di: "Tanpri, Bondye, ban m fi a anko. M santi lavi m vid san li. Depi mwen fin remet ou li a, m sonje li. M sonje jan li te konn gade m, jan li te konn okipe m, jan li te konn ri, jan li te konn chante pou mwen, jan li te konn danse pou mwen. 0! o! jan m renmen tande vwa I. M pa kapab viv san li." Epi Bondye te dako, li remet msye fi a. GASPIYAY NAN FIMEN Te genyen yon msye ki te fe gaspiyay nan fimen. Li achte kek goud tabak chak jou. Men madanm li fe yon ti kes, konsa li te gen lajan. Chak fwa pou msye a achte tabak, madanm Ian pran kek goud pa li, e li mete yo nan kes la. Yon jou rive, gen yon moun ki vin ofri yo yon te. Msye a bare, paske li deja depanse tout lajan I nan tabak. Madanm Ian menm ale nan kes li, li pran lajan an. Li konte I, li pote I bay mari I. Li di: "Men. Sa se lajan ou gaspiye nan achte tabak." Msye a sezi. Li konnen li pa t kapab achte te a. Depi le sa a, li kite fimen. Li pran bwa pip li, li voltije I laba. Koze I regie tout tan. Lamesi Montelis, Ravin Twonpet 4 NEG KABRIT AK NEG SOULYE Yon jou, te gen yon neg ki te gen yon bel kabrit. Li te soti Leste, e le I rive Gonayiv, li we yon kodonye ki gen yon bel souiye nwa. Youn te renmen lot: kodonye a renmen kabrit la, neg kabrit Sa renmen souiye a. Sa k rive? Neg souiye a di: "Se pou neg kabrit la bay deye." Neg kabrit la pa vie dako. Neg souiye a menm, se yon bakonye li ye. Li veye neg kabrit la, e Ii koupe chemen pou pase devan. Li mete yon seS grenn souiye kote neg kabrit la ap pase, epi li kache ko I yon ti kote. Kon neg kabrit la rive, li we souiye sa a. Men se yon sel grenn souiye ki la, pa gen parey. Li pa pran I. Kon li rive pi devan, li jwenn lot grenn souiye a. Li kontan net. Konsa, li mare kabrit la kote dezyem grenn souiye a, epi li tounen pran premye a. Men li pa we I. Li pati pou I al pran lot la kote kabrit la te mare a. Li pa we ni kabrit la ni souiye a. Li mete men nan machwa, e li chagren we kote lavaris mete I. Mekane Dovil, Ravin Twonpet 5 ZWAZO BLE NWA Vwala, te gen yon wa ki pa t janm fe pitit. Tout tan li t ap mande I: Ki moun ki va wa le m a mouri? Telman yo lapriye, yo fin fe yon It gason. Se pa de bere yo te bere pitit la. Li te gen ven esklav pou sevi If, pou jwe ak Is, pou ba ! tout sa li bezwen. Jwet menm se pa pale. Yo te fe menm yon jaden pou neg la ka pwonmennen. Granmoun yo telman pe pou maldjdk pa tonbe sou li, yo pa t janm kite I soti deyd barye. Vwala, yon jou pitit la te pou ko I nan fon jaden an. Li we pot la louvri. Floup! li nan lari. Msye flannen kont flannen I nan kenbe papiyon, keyi tie, voye wdch. Konsa, li rive bo dlo a. Men te gen yon djab kanpe lot bo larivye a k ap griyen dan. Djab la di: "Ala chans m genyen, papa! Menm m chita lakay mwen, manje m vin jwenn mwen." Li te pret pou vole sou pitit la, lamenm yon bel zwazo nwa zel ble voltije voup sou pitit la. L ale ave I. Djab la te fache, konpe! Li di: "Ban mwen li, zwazo! Ban mwen li! M a ba ou yon barik plen mayi." Ti gason an di: "Sove mwen, zwazo! Sove mwen! M a ba ou yon barik plen lajan." Nan pale, se te tet chaje. Tout bagay tet anba. Gad yo te nan minot, esklav yo nan kacho. Tout 6 sa ki pa t nan prizon, te fou ap chache kote y a jwenn pitit la. Plap! Zwazo poze sou pewon kay wa a ak pitit la. Yo mennen I bay granmoun li. Se pa ti jwa ki te nan ke yo. Wa a mande: "Kisa n a bay zwazo a?" Pitit la menm di: "M te pwomet li yon barik plen lajan si I sove m." Wa a reponn: "Kantite I a vie, pitit mwen." Men zwazo a pa t vie asepte lajan an. Li di: "Eske nou vie ban m yon chanm isit nan pale a? Chak swa m ta vin kouche isit, chak maten m t ale okipe zafe m." Wa a reponn: "O! o! se pa anyen sa. Ou pa vie anyen anko?" Zwazo a reponn: "Non, m pa bezwen anyen anko." Reyelman vre, yo te ba li yon chanm an balkon. Elas, sa k rive: Yon swa, le I ap rantre lakay li, youn nan gad yo we gwo bet sa a k ap plannen sou pale a. Nan fenwa, li te kwe se yon malfini. Paw! Li tire yon kout fizi. Zwazo a mouri fret. Rann sevis bay chagren. Rawoul Jilyen LESON KALKIL Nan yon ti vil pwovens, te gen yon msye ak yon madanm ki te gen yon sei pitit gason. Yo deside voye I lekol Potoprens. Le vakans vin rive, I ai pase kek jou ak fanmi li. Papa I ak manman I sitelman kontan we I, yo kwit de poul toutantye mete sou tab la. Ti gason an te chita ap manje avek manman I ak papa I, le li komanse fe chelbe, rakonte jan li aprann anpil bagay, jan li vin fd. Manman an avek papa a te kontan anpil deske yo tande pitit yo komanse save, paske yo menm yo pa t gen chans pase lekol. Se konsa ti gason di papa I: "Papa, eske ou kapab di mwen konben poul ki genyen sou tab la?" Papa a sezi. Li di gen 2 poul sou tab la. Ti gason an di se pa vre. Papa a blije di li pa konprann. Ti neg save a komanse esplike ato: "Ou we poul sa a, papa, se poul nimewo I. Lot la se poul nimewo 2. Konsa, 1 plis 2 egal 3." Papa a reponn: "A! bon! M pa t konnen. Enben, si se twa poul ki genyen, pa gen pwoblem. M ap pran nimewo I an. Poul nimewo 2 a se pou manman ou. Ou met manje twazyem poul la." Enstiti Pedagojik Nasyonal NOU PRAL TOUYE TOUDE De zanmi t ap mache. Nan mache mache, li vin fe nwa. Yo pedi. Se yon sel ti kay yo we. Y al mande yon ti kote pou yo ddmi. Yo ranje kabann pou yo. Men pandan yo nan ddmi, gen youn ladan yo ki tande met kay la di: "Nou pral touye toude." Li pran tranble. Li ta reveye lot la, men li pe pou I pa fe bri. Tout lannwit I ap kalkile kile y ap vin koupe tet yo. Nandenmen, li we met kay la paret ak yon gwo kouto. Li fek touye de manman poul ki te nan lakou a. Wozelin Bazil 9 TWA WIETDAM Te gen twa metdam ki pa t gen anyen pou yo manje. Premye a di: "Mesye, nou pa kap rete san manje. Ti trip mwen kdmanse ap vale gwo trip mwen." Dezyem fan di: "Mwen sitelman grangou, mwen ta manje yon bef ak tout kon." Twazyem Ian di: "M pa gen bouch pou m pale. Pale anpil pa regie anyen. Annou degaje, degaje pa peche. Se vole ki peche." Premye neg la ate bo lanme. Li pran yon vye kanndt, epi I al peche pwason. Le I fin pran yon paket pwason, li di lot de neg yo konsa: "Men pwason m te pran. Pa gen Iwil, pa gen pen." Dezyem neg la pran yon kalbas. Li plen I koton, epi ii rive devan yon machann Iwil. Li di I: "Madanm, plen kalbas sa a pou mwen, souple." Madanm Ian vide Iwil. Kalbas la p ap janm plen, paske koton an bwe tout Iwil madanm Ian mete a. Le sa a, neg la di li pa gen lajan. Se kredi li vie. Madanm lan refize. Li fe gwo kdle. Neg la pran kalbas li, li vire I tet anba, li remet madanm lan tout Iwil ki te vie degoute nan koton an. Le I rive lakay, msye kraze kalbas li. Li 10 jwenn plis pase yon lit Iwil. Le sa a, yo di: "Nou gen pwason, nou gen Iwil. Kounye a, se kou pa ou, pou ou bay pen." Twazyem neg la pati. Le I rive devan yon machann pen, anfas yon presbite, li kanpe. L ap tann yon pe paret. Le yon pe rive, li mande I: "Monpe, ki le ou fe?" Monpe reponn: "Kat senkant." Neg la mande anko: "Se kat senkant ou di, monpe?" Pe a reponn anko: "Se sa menm." Konsa neg la di madanm lan: "Ou pa tande, monpe di pou ou ban m kat pen senkant." Madanm lan vlope kat pi bel pen senkant kob yo, ii bay neg la. Li konnen, de pyas sa a asire. Ve size, le madanm lan prale lakay li, I al mande touche. Monpe di I li pa dwe I. Madanm lan di monpe: "Ou te di neg la, pran kat pen senkant nan men m." Monpe di: "A madanm, ou fe ere. Neg la mande m ki le m fe. Mwen reponn li: kat senkant. Sa vie di katre senkant minit. Tank ou renmen vann two vit, ou pa pran esplikasyon." Madanm lan vire do I, san kob, san pen. Konsa twa vole yo chita. Yo gen pwason, yo gen Iwil , yo gen pen, epi yo manje vant deboutonnen. Joslen Jozef, Potoprens 11 KUAN M RELE? Te gen yon granmoun fanm ki t ap viv nan yon savann pou kont li. Pyes moun pa t janm al vizite !, ..„"-, w. 2 fit Si te abandonnen I, telman Is te detestab. Granmoun sa a te gen pouvwa pale langaj bet yo. Se yo sel ki te zanmi I, se ak yo sel 11 te pran kontak. Li te abite nan yon bel kay, lakou a gran, fie pasipala. Yon jou, yon madanm debake ak yon bel tifi nan lakou a. Non I se te Dyevela. Manman I ak papa I te mouri, e yon vwazin te pran I mennen I kay grann li. Premye jou a, tifi a pa jwenn manje. Le li grangou, I al larivye a, li bwe yon bon vale dlo, epi li retounen. Denmen maten, li leve, li di grann Ian: "Grann, mwen grangou, wi! Ye ou pa t ban m anyen, e jodi a?" Granmoun Ian di I: "Ou konn kijan m rele?" Tifi a reponn: "Non, mwen pa konn non ou, grann. E sa sa fe? Ou se grann mwen..." Madanm Ian ri: "Si 12 ou te konn non m, pitit mwen, mwen ta ba ou manje." Depi jou sa a, granmoun Ian obiije pitit la fe tout travay. Li blije bale lakay ak lakou, sekle, plante fie, wouze, netwaye. Men malgre sa, li pa janm ba I manje. Chdche a pito al manje nan fon bwa pou I pa bay pitit la moso. Se vye fey ak grenn bwa ki pemet tifi a kenbe. Jou ale jou vini, sitiyasyon an vin pi mal. Li chache sove, men chak fwa granmoun Ian toujou jwenn li. Yon jou, granmoun fe yon gwo babako manje. Li monte sou tab, li manje, li manje. Pandan sa, li rele tifi a. Ke malerez la louvri, sant manje a satouyet twou nen I. Sa fe I vin pi grangou. Men grann Ian pa ba I santi I menm, li di I pran veso yo pou I al lave. Manmzel te tris, li t ap soufri. Pandan I ap grate chodye a konsa, yon ti sourit paret devan I: "Ban m yon ti graton, m a di ou non choche a." Tifi a pa t ka kwe sa. Li reponn: "Pa jwe kon sa, non. Kouman ou fe konnen I?" Ti bet la di I: "M se yon sourit, m antre kote m vie, anplis m gen zorey fen. M se sel zannimo nan zon isit ki pa kite anraje sa a jwe nan tet li." 13 Se kon sa Dyevela aprann non ti granmoun lan. Li prese, fi demefe I fin lave veso a, epi I al jwenn granmoun lan. Li gade I byen gade, epi li tonbe ri. Granmoun lan di: "Kisa ou we ki rizib la, pitit mwen?" Tifi a kontinye ri. Granmoun lan komanse vie fache. Li repete I: "Men sa k ap fe ou ri konsa?" Dyevela reponn: "Enben grann, m konn non ou, wi." Choche a te telman seten pyes moun pa ka konn non I, li vie pase timoun lan nan jwet: "Enben, pitit mwen, si se vre ou konn non m, di m kijan m rele. M rele grann Chwal, grann Bourik, grann Sourit?" Tifi a reponn: "Non, grann, ou rele Dede Granbwa." Wouy! Sa granmoun lan tande a, li dechennen. Lamenm li pati kon yon bet anraje. Li kontre chwal, bourik, kochon, yo semante yo pa konn anyen nan sa. Li file kay pwason, poul, kodenn, pentad, menm repons. Li kontinye mache jouk li rive kay sourit. Ti sourit la di I: "Wi, se mwen menm menm, choche. Se mwen menm ki di ou rele Dede Granbwa. Sa k gen nan sa?" 14 Choche a fache, li fou net. Li bondi sou sourit fa ak yon kouto. Ti bet la kouri rantre nan yon twou. Granmoun Ian fou re kouto a nan twou a pou farm fwa ti bet la. Li brase, foure I, rebrase anko. Ti sourit la sote plip! Li kouri lotbo yon pi dlo. Granmoun Ian vole ak yon raj, pye li glise, li tonbe nan fon pi a. Li mouri tet nwe. Se konsa, tout kay la ak tout riches yo vin rete pou Dyevela. Tout moun ki te blije kite bitasyon an, tout tounen sou te yo anko. Tifi a vin grandi, li vin yon bel demwazel. Sourit la menm vin tounen yon bel jennjan byen kanpe, epi li ma rye ak fi a. Nan maryaj la, se nan danse danse, pye m glise. M fe yon sel lakilbit, m vin tonbe isit la, ki fe m ka rakonte nou ti istwa sa a. Mari Dyevela Seza DOUSMAN Bouki: Pa deranje m, non! M ap ekri yon let pou voye bay mennaj mwen. Ti Malis: Men, poukisa ou ap ekri si dousman konsa? Bouki: Se paske mennaj mwen pa kapab li two vit, non. 15 YON KOKOBE AK YON AVEG Te gen de malere. Youn te kokobe, lot la te aveg. Yo pa t kapab jwenn dekwa pou yo viv. Yon jou, aveg la t ap tatonnen sou baton li nan lari. Li rive tou pre kokobe a, ki te chita bo yon plas e ki t ap mande lacharite. Le kokobe a we aveg la, li di: "Fre m, vini m pale ou. Monche, depi lontan m ap mande Bondye pou mete fen nan lavi mwen. Men jodi a mwen gen kouraj pou m viv. Fo nou mete mize nou ansanm." Aveg la reponn: "Ou pa kapab fe anyen ave m, non. M pa we." Kokobe a di: "Koute sa m ap di ou. Mwen gen je. Ou menm ou gen janm. Aloske ou ap pote m, mwen menm m ap gade pou dirije move pa ou yo. Janm ou ap mennen m kote ou vie." Se te konsa lamitye yo te deside. Youn mache pou lot, lot la we pou li. Se pou youn ede lot. Mai nou an va diminye enpe. Joslen Jozef, Potoprens &U BOOKSTORES S2.00 0-8400-5119-0 OUT MOUN KONN LI. 9 I I780840 I I0511961 1 FREEMAN, BRYANT UT MOUN KONN EKRI. 50200 ANN BAY LODYANS VOL.12 16 GCON 02/23/01