KU ScholarWorks | http://kuscholarworks.ku.edu Ann Bay Lodyans 14 se Bryant Freeman (“Tonton Liben”) ki pare ti liv sa a 2000 by Bryant C. Freeman, ed. This work has been made available by the University of Kansas Libraries’ Office of Scholarly Communication and Copyright. Please share your stories about how Open Access to this article benefits you. This is the published version of the book, made available with the permission of the publisher. Freeman, Bryant C., ed. Ann bay lodyans 14 / se Bryant Freeman (“Tonton Liben”) ki pare ti liv sa a. [Lawrence, Kan.] : Institute of Haitian Studies ; [Port-au-Prince] : Bon Nouvèl : Fondasyon Alfa Lwès, 2000. Terms of Use: http://www2.ku.edu/~scholar/docs/license.shtml fcjNlVfcHto" r ' K A N S A S L lBf iAH.r ANN BAY LODYANS1 4 Se Bryant Freeman ("Tonton Liben") ki pare ti liv sa a. A 51* AYITI SE PEP AYISYEN PM 7854 .H39 A56 2000 v. 14 Enstiti Etid Ayisyen - Inivesite Kannzas Bon Nouvel Fondasyon Alfa Lwes 2000 YON TI PYE ZORANJ Se istwa yon ti fi ki pa t gen ni manman ni papa. Li te setoblije al viv kay marenn li. Malgre li te tou piti, al nan dlo jis nan sous se li menm. Al nan raje bouske bwa, se li menm. Limen dife, se li menm. Menm manje, se li ki te kwit sa. Tout komisyon se li ki t al fe yo. Tout travay sa yo, tout soufrans ak fatig sa yo, ti fi a te fe yo san plenyen. Men malgre tout sevis sa yo, se yon tray ti fi a t ap pase anba men marenn Ian. Ti krik ti krak se chaplet isit chaplet laba. Marenn Ian te fe I fe tout bagay epi se yon grapday manje li te konn ba li. Yon jou marenn Ian t ap soti. Li kite pou ti fi a fe manje, lave veso, fe tout travay nan kay la, epi pinga bouch li long le I antre. Men pandan li t ap fe sa, li we yon panye ak twa bel zoranj byen mi. 2 Zoranj yo te telman bel, yo fe bouch ti fi a kouri dlo. Li di nan ke I: "Depi maten m pa goute anyen, menm yon grenn sel m pa mete anba lang mwen. Nan twa zoranj sa yo, we pa we, m ap manje youn." Se konsa li te pran youn, li manje I tranch pa tranch. Li sere tout grenn yo nan cheve I. Apre sa, li tounen al fe travay nan kizin Ian. Kou marenn li tounen, li we gen yon zoranj ki manke, se de sel li jwenn. Li di: "Ki moun ki frenk pran nan zoranj ki te la?" Ti fi a reponn: "Se mwen wi, marenn. Te gen twa zoranj, mwen manje youn, epi m kite de pou ou." Marenn Ian pa t bezwen tande tout pawol sa yo. Li rale rigwaz li, li komanse wonpi ti malerez la. Se pa sa selman, anmenmtan li te tou pwofite vide sou ti fi a mezi move pawol li te gen nan lespri I. "Ale, mwen mete ou deyd. Leou a jwenn zoranj la pou pot vini, ou a rantre." Ke ti fi a t ap fann de bo, telman li te nan tristes. Li pete yon kous kouri san I pa menm konn kote li prale. "Woy! Kouman m pral fe, mezanmi! M pa gen kob, m pa gen yon ti moso te, m pa gen pye zoranj, kote m pral jwenn zoranj pou m remet nennenn mwen!" Nan kouri li t ap kouri a, li te vin ap pase devan simitye kote manman I te antere a. "Ay! manman, 3 ou sel m te genyen, ou ale. Gade nan ki soufrans m ye kounye a! Kouman m pral fe? Ou pa kite lajan pou mwen, ou pa kite te pou mwen, m pa gen byen ditou ditou, pa kite m peri. Manman, tanpri souple, fe kichoy pou mwen. M pa ka tounen kay nennenn mwen san zoranj la." Soley la ap desann nan lanme, piti piti li fe nwa. Somey pran ti fi a sou tonm manman I. Le I reveye denmen maten, li leve kanpe ak menm chay lapenn. Nan voye je, li we yon ti pye zoranj k ap soti nan te a. Kote li te ye nan lot monn lan, manman ti fi a te tande rel li. Nan tout ti grenn zoranj ki te nan cheve ti fi a, yon grenn te tonbe, epi li t ap monte. ^ \ La pou la, ti fi a pran chante. Menm le a ti pye zoranj la te pouse byen vit. Tankou yon kout zekle, nan yon ti moman ti pye zoranj la te kouvri ak bel fie ki santi bon. Epi yon paket bel ti zoranj paret. Piti piti yo komanse vin gwo. Se konsa ti pye zoranj la te kouvri ak yon seri bel zoranj. Kom ti pye zoranj la pa t wo, ti fi a pa t gen pwoblem pou I te keyi twa bel: youn pou manman I ki te 4 tande I, youn pou papa I ki mouri tou, anfen youn pou li menm. Apre sa, li te keyi twa anko pou pote remet marenn li. Si le I te kite kay marenn li, se ak dlo nan je li te kouri, fwa sa a se ak ke kontan li te kouri tounen. Le I rive sou pewon kay la, ti fi a tande yon vwa ki di I: "Kote ou te kache ko ou? Kote ou jwenn zoranj sa yo ki nan men ou? Ki bo ou t al vole yo? Ou pa gen lajan, ou pa gen pye zoranj!" Se konsa marenn Ian te akeyi ti fi a, men ti fi a pa t pe anko. Li reponn tenkantenk: "Se devan je m ti pye zoranj mwen an te pouse, se devan je m ti pye zoranj mwen an te grandi, epi se devan je m ti pye zoranj mwen an te donnen." Ti fi a te telman pale ak asirans, sa te pwovoke madanm Ian. Li vin move kou kong, li baf! epi li rale zoranj yo. Se konsa zoranj yo te bel male tou. La pou la, madanm Ian pa t menm gentan pran sant zoranj yo. Apenn li te touche yo, li tonbe sou fal. Epi I te pati nan peyi san chapo. Apre lanmo marenn li, ti fi a vin gen tout byen yo pou li, kay ak te. Chak senmenn I al nan mache pou I vann yon panye zoranj ki sot nan ti pyebwa li sel konnen sekre a. M t ap pase bo ti pye zoranj la, li te ban m kek zoranj pou m gen fos pou m vin bay ti kont sa a. 5 RENA AK KABRIT NAN YON PI Yon jou kapitenn rena pral flannen. L ale avek zanmi li, yon gwo bouk kabrit ki gen gwo kon long. Bouk kabrit la pa t we pi Iwen pase nen li. Rena, jan nou konnen, se bet ki gen anpil lespri, epi ki renmen twonpe lot bet. Yo mache mache. Le yo rive byen Iwen, yo te swaf. Yo te oblije desann nan yon gwo twou dlo yo rele yon pi. Le yo fin bwe kont dlo yo, rena a di kabrit la: "Sa n ap fe kounye a, konpe? Se pa tout pou nou bwe dlo, men fok nou soti nan twou a." Kabrit la reponn: "M pa konnen, non." Rena a di: "Leve pye ou avek kon ou tou. Mete yo sou mi an. M ap grenpe anvan. M ap monte Sou kon ou yo. Grasa sa, m a soti. Apre, m a ede ou." Kabrit la reponn: "O monche, ou gen lespri. Mwen pa ta janm jwenn sekre sa ou di a." Apre, le rena a soti nan pi a, li di kabrit la: "Monche, kounye a mwen deyo. Ou menm ki anndan, degaje ou pou ou soti, paske mwen pa fouti rete plis." Se konsa kabrit la te rete nan gwo twou dlo a. Anpil moun di: "Degaje pa peche." Yo mete lespri yo pou yo fe lot moun mal. Se egoyis yo ye. Pinga ou kite yo twonpe ou! Joslen Jozef, Potoprens 6 NAN YON RESTORAN Vwala, se te yon fwa yon neg andeyo ak yon neg Potoprens ki te rankontre Potoprens menm. Neg Potoprens la di: "Konpe, sanble ou grangou?" Lot la di: "Ou ap di, konpe. Neg la grangou pase chen laplenn." Neg Potoprens la di: "Enben, men yon bon restoran. Se la n apral manje." Neg andeyo a di: "Konpe, ou di n apral manje. Men m pa gen senk kob menm nan poch mwen. Pinga ou fe yo bat mwen. Mwen pa moun isit." Lot la reponn: "Monche, ou pa bezwen pe. Se mwen ki di ou yon bagay. Men sa ou ap fe: ou ap pran yon baton lakre. Ou a fe 2 ba nan ponyet ou, pou yo konnen se kaporal ou ye, epi ou ap tann mwen. Le m f ini epi y ap fe tenten, ou a pa ret. Ou a arete mwen." Reyelman vre, neg Potoprens la rantre. Li manje yon pla pou kenz dola. Le I fini, yo mande I kob la. Li di: "Sa k genyen? Se fini m fini, wi . Sa n ap vin di m la?" Mouche refize peye. Koken leve. Nan tenten, neg andeyo 7 a paret. Li mande: "Sa k genyen la?" Yo rakonte I. Li di: "Ban m mouche, pou m al regie sa!" Le yo rive pi devan nan yon lot ri, li lage mouche. Kounye a se neg andeyo a k al manje. Neg andeyo a rantre nan yon lot bon restoran. Li manje byen manje. Le I fini, li pa vie peye. Men ( ( 9 e n y ° n v r e P ° ' ' s f f v i n P a r e t , yon vre ou ak mouche?" Kaporal la reponn: "Se manje I al manje, li pa peye." Neg Potoprens la di: "Oke, ban m mouche, pou m al regie sa." Se konsa de neg yo manje, san yo pa t gen anyen ki rive yo. kaporal. Li arete mouche, epi li vie mennen I lapolis. Men neg Potoprens la te gentan mete twa ba nan ponyet li, li mete I sejan. Li di kaporal la: "Otan! Kaporal, sa k pase 8 ISTWA YON GWO WOCH Te gen yon vye granmoun ki te rich anpil. Yon jou li deside pou li pataje riches li ak kominote a. Li woule yon gwo woch nan mitan yon wout kote tout moun konn pase. Yon premye moun paret. Li we gwo woch la ki bouche wout la. Li tonbe plenyen, li joure. Men apre sa li chache yon ti kwen bo woch la, li pase, li ale. Yon gwo tonton vin ap pase. Li gade woch la, li tonbe joure jan leta pa bon, jan moun ki mete woch la pa bon. Le I fin joure kont li, li tchoule ko I nan kwen woch la, li pase, li ale. Vin gen yon jenn neg ki t ap pase, ki we woch la. Li di: "A non! Se pa plas woch sa a. Lijennen kominote a." Msye chache yon gwo gol, li rantre I anba woch la. Li pouse, li swe, men apre yon bon ti moman li deplase woch la. Li pouse I mete andeyo wout la. Le I fin fe sa, li gade, li we yon gwo sak anba plas woch la. Li pran sak la, li louvri I. Li we li plen lajan. Epitou te gen yon papye nan sak la kote granmoun rich la te ekri: "Moun ki deplase woch sa a nan mitan wout la, se moun ki renmen bone ak pwogre kominote a. Se pou li lajan sa a ye." Mimoz Antwan 9 YON CHWAL AK YON KRAPO Te gen yon bel fi ki rele Melani. Li pa t konn sa pou I fe: li te gen 2 mennaj, yon chwal ak yon krapo. Le I fe kom si I ta pito youn, menm le a lot la fin anraje. Yon swa, chwal soti. Li konnen, se mennaj li I apral we. Men le I rive, li jwenn Melani ap bay lodyans ak krapo. Msye move. Li joure paske lot la t ap koupe zeb anba pye I. Alafen Melani di: "M pral mete nou dako. Denmen maten nou toude apral lasous. Kou grigri pran chante, derape vin jwenn mwen. Sa k rive anvan an, se ak li m ap marye." Kou li jou, chwal mete ode, li byen poudre, zago I annavan pret pou soti. Li pa we krapo kache bo kote I. Grigri tanmen chante. A! chwal pati, men krapo pi vif pase I. Li bondi al tache nan gwo ke chwal la. F6 nou te we chwal kouri tout boulin. Li voltije ni rigol ni lantiray. Le li bouke, li fe yon ti rete. 10 Men, tou dousman, krapo fe yon ti "ef-6f." Chwal sezi, li sitelman sezi li ranni: "Sa sa vie di, papa?" Li pran kouri pi vit toujou. Li rive bo yon ti dlo. Li kanpe. Li di konsa: "M ap bwe yon ti goje dlo sou tet ti krapo a. Podjab! Se laraj jan sa dwe bouke." Menm moman an, krapo ki te kole nan ke chwal, fe yon ti "ef-df" anko. Chwal rele: "Sa pa posib!" Epi li komanse galope vites boulin pou I ka rive pi vit. Nan yon ti moman, li paret nan bouk la. Men kay Melani. Chwal rele: "Cheri! cheri!" Yo tande vwa li. Tout moun vini pou yo ka resevwa msye, pou yo ka fe fet pou li, pou yo ka fe I konpliman. Kou chwal fe sa pou I louvri barye a, li tande: "Paf!" Yon bagay soti tonbe sou zepol Melani. Se te krapo ki te rive, san swe, pi pre pase li. Krapo bo Melani. Le chwal we sa krapo fe, li rive tounen lakay li tou wont. Li pedi mennaj li. Lesli Ogis, Los Palis 11 DE POV AVEG Vwala, te gen de pov aveg ki t ap mande charite ansanm. Gen yon mouche ki vin ap pase. Yo mande I charite. Mouche a di yo: "Men, n a separe." Poutan li pa ba yo anyen. Epi youn nan aveg yo di lot la konsa: "Konben li te ba ou?" Lot la menm di: "Enben, sa k fe ou ap mande m konben li te ban mwen an? Se pou ou pa ban m pa m Ian!" Youn konnen se lot ki resevwa kob la. Yo pran goumen, youn komanse bay lot kou. Gen yon lot msye ki rive, li mande yo sa k genyen. Yo esplike I. Li di yo: "Enben, moun sa a pa ban nou anyen. Se paske li we nou aveg, li twonpe nou toude." Le sa a, aveg yo kite batay la, e yo vin byen jan yo te ye a. Si selman tout chirepit ant kretyen vivan ta ka regie kon sa! Mak Montilis, Ravin Twonpet 12 KISA SA VLE DI? Vwala se yon pe ki te granmoun anpil. Li pa t kab pale anpil. Yon jou li di fidel yo se ak siy li pral preche yo. Yon mouche vin paret. Pe a lonje yon dwet, mouche lonje de (2) dwet. Pe a lonje twa dwet, mouche lonje pwen li. Pe a rale yon ponm nan poch li, mouche rale yon pen nan sak li. Pi ta, fidel yo mande mouche a kisa siy sa yo vie di. Mouche reponn: "Pe a di I ap foure yon dwet nan grenn je m. Mwen di I m a foure de (2) nan pa I. Li di I a foure twa dwet nan je m. Mwen di m a frenk li yon kout pwen. Pe a vie montre m jan li konn manje ponm. Mwen montre mwen menm m konn manje pen." Fidel yo pa kwe. Y al mande pe a sa I te vie di a. Pe a menm di yo: "Mwen montre yon dwet, sa vie di yon pesonn. Li montre de (2) dwet, sa vie di yon dezyem pesonn. Mwen montre I twa dwet, sa vie di yon twazyem pesonn. Li montre m yon pwen, sa vie di touletwa pesonn sa yo fe yon sel: Bondye, Jezikri, ak Sentespri a. Mwen rale yon ponm nan poch mwen, sa vie di se nan yon ponm konsa nou te pret pou pedi. Li rale yon pen nan 13 poch li, sa vie di se pen an, Jezikri, ki sove nou." Yo tout reponn: "Se sa menm." Se yon kote m t ap pase, yo ban m yon ti kout pye, mwen vin bay koze sa a. Joslen Kazimi, Okap YOUN RENMEN LOT Vwala te gen yon msye avek madanm li ki pa t janm gen kay pou yo rete. Yo te gen senk tach yo pote tout kote yo pase. Yo rive yon kote, epi msye a koupe kat ti poto. Li mete tach yo pou fe yon tonnel. Epi li chache yon bel fwet, e li bat madanm li. Madanm lan rele, men pyes moun pa mande sa ki genyen. Nan denmen, yo soti, yo ale yon lot kote. Li fe menm ti tonnel la anko. Epi msye a chache yon bel fwet, e li bat madanm li menm jan anko. Lamenm yon pil moun sanble la, yo vin we sa ki genyen. Apre tout moun yo ale, msye a di madanm li: "Bon, se isit la n ap rete, paske moun isit yo gen lacharite. Si nou gen yon ka ki rive nou, y a sekoure nou." Ibe Egzil, Sekakavajal 14 YON ISTWA BOLET Konpe Dezino se te yon gran fanatik bolet. Se tout tan li pral nan simitye pou I al mande mo li yo, ki nimewo k ap fe premye lo. Yon jou, pandan I ap domi, li we yon mo ki vin pale ave I. Mo a di I: "Monche, ou met jwe 25 san reve." Leve msye leve, li souke madanm li. Li di I: "Mwen jwenn yon bi. M we yon mo ki vin pale ave m. Li ban m 25 san reve. Jodi a n ap vann tout sa nou genyen pou nou jwe boul la." Le yo fin jwe, y al chita nan vwazinaj la pou yo tande ki boul radyo a ap di ki fe premye lo. Chita, chita, chita. Koute, koute. Pirn! Yo tande 38 fe premye lo. Mezanmi, nou pa bezwen mande kouman moun sa yo sezi. Yo tranble tankou fey bwa, yo pa ka bwe, alewe pou yo ta manje. Lannwit vin rive, y al domi. Femen msye femen je I, li we menm mo a paret devan I. Anvan mo a pale, msye gentan ap repwoche I: "Sa ou fe m konsa? Ou fe m pedi tout!" Mo a reponn: "A! a! monche, ou pa t konprann, non? Men se yon blag mwen t ap ba ou la!" Depi le sa a, konpe Dezino geri. Li pa jwe bolet anko. Belanj Dezi, Leyogan 15 YON CHEN YO RELE GRANJE Te gen yon chen yo rele Granje. Travay li, se te mete sekirite nan lakou a, men se te two byen li te konn fe travay li. Paske li te toujou grangou, chat, poul ak tout lot ti bet nan lakou a te gen anpil pwoblem pou manje. Yon jou, tankou toujou, vant konpe a pa t plen. Konsa li deside al chache yon ti manje lot kote. Chans pa li, li we yon kivet vyann. Li pase anba, li vole yon gwo moso vyann, epi li kouri kouri. Pandan I ap pase sou yon pon, sou tet yon rivye, li gade nan dlo. Li we yon chen ak yon moso vyann nan bouch li tou. Touswit li anvi jwenn lot moso vyann Ian. Konsa li sote nan dlo a deye lot chen an. Men se te pwop imaj pa I li te we a. Konsa, dlo a pote I ale, e se selman grasa yon branch bwa ki sove lavi li. Li pa jwenn lot moso vyann Ian, epi li pedi pa I la tou. Tante gwo pedi tout. Feliks Sentile, Gwomon $2.00 KUBOOKSTORES 0-8400-5121-2 '0200 FOK TOUT MOU FOK TOUT MOUN *2mm™ FREEMAN, BRYANT — — ANN BAY LODYANS VOL.14 GCON 0 2 / 2 3 / 0 1