TRAKA YON KRETYEN PANDAN VWAYAJ LI Adaptasyon liv "Pilgrims Progress" John Bunyan Dezyem Paret TRAKA YON KRETYEN PANDAN VWAYAJ LI Adaptasyon liv "Pilgrims Progress" John Bunyan Tradiksyon KreyM: CARRlfi PAULTRE Revizyon tfeks la: JIM D. ROSS BRYANT C. FREEMAN Enstiti Etid Ayisyen Inivesite Kannzas La Presse Evang^lique Port-au-Prince UNIVERSITY OPP&NSAS LIBRARIES Pbtoprens, Premye Park: Komite Pwotestan Alfabetizasyon e Literati Mount Oread Bookshop University of Kansas Lawrence, Kansas 66045 (Tel.: 785-864-4431) La Presse Evangelique (Boite Postale 458) 27, boulevard Harry Truman Port-au-Prince (Tel.: 222-4045) AVfeTISMAN Sou kbmannman Jak2, waanAngleti, tegen yon predikati yo te rele John Bunyan (1628-1688). Yonjou lift yon reyinyon san li pa t gen otorizasyon biwo polis, epi li pale kont legliz ofisyilpeyi a. Si se te sUman pou otorizasyon an, apreyo tefin arete lyo ta lage I Men kbm lipa t dakb ak sa legliz Leta a te di, yo voye I nan yon prizon pou I reflechi pandan douzan. Kbm li te asepte soufiri ak kk kontany li pose tan sa a ap etidye Pawbl Bondye a. Konsa Pawbl la vin kit pou IL Men sa ki tefi I lapenn anpil, se pou I te viv san madanm li ak pitit liyo. Satefil mal tankou si se racheyo t ap rache vyann li sou zoL Li I tepansepaske I nan prizon an, madanm li ak timoun yo te soufiri, sa tefi ki I ft I mal anpil. Men malgre sa, li te mete tout bagay nan men Bondye. Pandan li t ap soufiri nan «Fbs Lyon» sa a, paske se konsa li te rele prizon an, li te gen yon anvi wi manm legliz liyo, sila yo li te konsidere tankou pitit li nan lafiva. Li te anvi wiyo, pou I ta edeyo vin gen yon fiva kipi solid. Se sa kifiyon jou lipran plim li, epi li ekri ti liv sa a ki rele: « Trakayon Kretyen pandan Vwayaj Ih. Se an 1678yo pibliye I pou premye fiva. Men kounyeya, se yon liv ki tradwi nan plis pose 120 lang. Apre Bib la se liv yo li plis, paske pa gen pi bil ti istwa pose vwayaj jenn gason sa a. **Ti chif nou wi apre kik firaz, se pou Referans Biblik fit Jim Rossjwenn pou mete nan finisman liv la. ** CHAPIT 1 Kretyen soti nan vil Pedisyon pou 1 ale lakay Bondye Pandan m t ap vwayaje nan deze lavi a, mwen rive yon kote ki te gen yon gw6t (twou woch). Kom mwen te kouche la pou m repoze m, domi pran m. Pandan m ap ddmi, mwen fe yon rev. 5 Mwen we yon n£g ki abiye ak yon vye rad dechire sou li.1 Li te kanpe devan pot kay li, men li te bay p6t la do. Li te gen yon liv nan men 1 epi yon gwo chay pandye nan do I.2 Mwen wb 1 louvri liv la epi li konmanse li. Pandan 1 ap li, konsa li konmanse ap kriye epi 1 ap tranble. Rive yon \k> k6m li pa t kapab kontinye li, li leve je 1 epi li di konsa: «Kisa pou m fe?»3 Se nan eta dekourajman sa a nbg la antre lakay fanmi 1. Men kom li pa t vie pou madanm li ak pitit li we kijan 1 te ye, li fe sa 1 te kapab pou 1 te kache yo sa. Men 1 pa t kapab. Rive yon le, li oblije di yo sa 1 te gen sou ke 1: «Che madanm mwen, ak nou menm tout timoun yo, mwen santi m dekouraje anpil, paske gen yon gwo chay ki peze m. Mwen soti li dife nan sybl pral boule vil kote n ap viv la. Si mal£ sa a rive pandan nou isit la, nou tout ap peri. Sel jan pou nou sove, se pou nou tout pad kite vil la.» Madanm lan ak timoun yo sezi, epi yo pe tou. Se pa telman pou sa nonm lan ap di a, men yo te kwe 1 te konmanse pfcdi tbt li. K6m li te fin aswe, yo fe 1 ale kouche nan kabann li, paske yo konprann yon bon ti domi ta mete lespri 1 anplas. Men nwit la te move tankou jounen an. Li te si eksite, li pa t kapab jwenn som£y. Li pase tout nwit la ap plede plenyen. Nan denmen maten, le madanm li ak timoun yo vin pran nouvel li, li di yo konsa: «Sa pi mal pase ay£.» Li redi yo menm sa li te di an van an, men yo tout te refize kwe. Ni manman ni pitit, yo tout konmanse pase 1 nan betiz. Apre sa, pyes moun nan kay la pa okipe L 6 Li sip6te tout bagay sa yo san 1 pa di anyen. Apre sa li antre nan chanm li, epi 1 konmanse plenyen mize 1. Li rakonte Bondye tou sa yo fe 1 soufri nan pwop fanmi 1. Li mande 1 pou gen pitye pou li. Li s6ti ale mache andey6. Pandan 1 ap mache konsa, yon moman li li nan liv la, yon Ibt moman li priye. Men 1 te toujou tris menm jan 1 te ye anvan an. Yon le konsa li rete epi 1 di: «Kisa pou m fe pou m sove?»4 Li gade adwat, li gade ag6ch tankou yon moun ki ap chache yon kote pou 1 kouri. Men kom li pa konnen ki kote pou 1 ale, li rete. Pandan m ap gade, konsa m wb yon nonm yo rele Levanjil ki vin rankontre 1. Li mande 1 poukisa li tris konsa. Li menm li reponn li: «Monch&, mwen li nan liv sa a m gen pou m mouri epi apre sa se pou m jije.5 Men m pa vie mouri epi m poko pare pou jijman.» Levanjil reponn li: «Men kantite mize ki gen nan lavi a, poukisa ou pa vie mouri?» Kretyen reponn li: «Mwen pb pou chay sa a ki sou do m lan, pa ft m ale jouk nan lanfe.» Levanjil di 1: «Men si se nan eta sa ou ye, poukisa ou rete la a?» Li menm li reponn: «Men m pa konnen kisa pou m Levanjil (b 1 kado yon woulo papye, ladann te gen mo sa yo ekri: «Kouri pou kblb ki ap vini an.» Le Kretyen li koze sa a, li leve je 1 epi 1 di Levanjil konsa: «Ki kote pou m kouri?» Lb sa a, Levanjil lonje men 1, li montre 1 yon ti kote ki te I6t b6 plenn lan epi 1 di 1 konsa: «Eske ou wb ti 7 pot tou piti sa a ki laba a?» Li reponn: «Non.» Levanjil di 1: «Eske ou pa v/k yon kote ki klere laba a?»6 Li reponn: «Wi, m we L» Konsa Levanjil di 1: «Kenbe je ou sou ti limye sa a, mache dwat sou li, epi se konsa ou va jwenn pot la. Rive ou rive, se pou ou frape, epi y a di ou kisa pou ou fe.» Nan rev la, mwen we neg la sa Levanjil te di 1 fe a. Li leve epi 1 derape. Anvan 1 gentan rive tw6 lwen, madanm li ak pitit li yo rele 1, yo di 1 retounen.7 Men 1 bouche zorey li epi 1 konmanse ap plede repete: «Lavi, lavi, lavi etenel.» Li pa janm vire gade dbyk> pase 1 s6ti nan vil la, epi 1 kontinye ap mache nan plenn lan. Tout moun nan vwazinay la s6ti \b yo w& 1 ap kouri.8 Yon pati konmanse pase 1 nan rizib, yon I6t menm ap plede fe 1 menas, epi yon dknye menm ap seye fe 1 retounen. Nan moun sa yo, genyen ki te vie fe 1 retounen ak fbs. Se yo de (2) ki te pi cho. Premye a te rele Teti, lot la te rele FasiL Le Kretyen we yo ap vin jwenn li, li di yo konsa: «Mezanmi, poukisa n ap swiv mwen?» Yo reponn li: «Nou vin mande ou pou ou retounen ak nou.» Kretyen reponn yo: «Se yon bagay ki enposib. Vil kote nou rete a rele Pedisyon. Se yon vil ki gen pou 1 disparet. Si nou kontinye ap viv nan vil sa a, n ap disparet ak li tou. Pito nou swiv mwen, n a ft pi byen.» Teti di 1: «Kisa ou di la a, pou nou kite zanmi nou 8 yo, kalite bon jan van ki gen isit la?» Kretyen menm reponn yo: «Se sa menm mwen di nou pou nou fe. Zanmi ak plezi pa kapab vin we devan sa m ap chache a. Paske kote m prale a, se la ki gen tout bon bagay. Vin non n a we si sa m di a pa vre.»9 Teti: «Ki kalite bagay sa a ki si bon ou pito kite tout I6t bagay pou ou kapab jwenn li a?» Kretyen: «M ap chache yon eritaj ki pa kapab gate. Se nan Sybl la eritaj sa a ye. Li san tach epi 1 p ap janm fini. Se moun ki chache 1 ak fwa, ki kapab jwenn li, le tan an rive. Bagay sa yo, se nan ti liv sa a pou ou li sa.»1 ( ) Teti: «Kite m trankil nonaklivoua. Mwenbezwen konnen si wi ou non ou gen lide retounen ak nou.» Kretyen: «Non, mwen p ap retounen. Pawol la di: Moun ki mete men nan travay pa dwe ap renka sou dbyb.»u Teti: «Vwazen Fasil, pito nou ale kite neg la. Gen yon kalite moun, depi yo gen yon lide nan tet yo, yo konprann se yo menm ki pi saj pase tout moun.» Fasil: «Pa joure 1 non. Si sa I di a se vre, bagay 1 ap chache yo kapab pi bon pase sa nou genyen. Mwen tou anvi ale ak li.» Teti: «An, ou genl£ fou tou. Pito ou koute m. Annou retounen. Ou pa konnen ki kote egare a vie mennen ou. Pa pran p6z moun fou, annou retounen lakay.» Kretyen: «Vin av£ m pito, ou va gen lavi sa m te esplike ou a. Si ou pa kwb m, li nan liv sa a. Tou sa 1 di se verite. Verite sa yo sele ak san Jezikri pitit Bondye.»1 2 9 Fasil: «Vwazen Teti, mwen deside ale ak Kretyen, pou m sa pataje so 1 ak li. Depi 1 kapab jwenn chemen ki mennen nan bon kote sa a.» Kretyen: «Gen yon nonm ki rele Levanjil ki di m se pou nou mache tou dwat ale nan ti p6t jis sa a ki lot bo plenn lan.»13 Fasil: «Vini non monch&, ann ale ft wout nou.» Se konsa Kretyen ak Fasil pati ansanm. Teti: «Mwen, pito m retounen lakay pase m ale ak moun fou sa yo.» Pandan m nan rev la, mwen w£ Teti retounen lakay li epi Kretyen ak Fasil menm derape ansanm. Pandan y ap mache, y ap koze. Kretyen: «Vwazen Fasil, kijan sa ye? Mwenkontan anpil pou m we kijan ou pran yon bon desizyon. Si Teti te konprann ki kalite bagay ki pral rive, li pa ta retounen nan vil la ak kb kontan sa a.» Fasil: «Vwazen Kretyen, k6m nou pou kont nou, rakonte m byen ki kote nou prale, kisa n ap jwenn epi ki jwisans ki genyen.» Kretyen: «Monch£, li pi fasil pou m ft vizyon bagay sa yo pase pou mwen pale sou sa. K6m ou anvi konnen plis, kite m li pou ou nan liv la.» Fasil: «Bon, ou kwe paw6l ki nan liv la se verite yo ye?» Kretyen: «Tou sa liv la di se vre. Paske moun lan ki di yo a pa kapab manti.»1 4 Fasil: «Bon, ki bagay sa yo li di a?» Kretyen: «N a viv nan yon peyi ki p ap janm dispar£t epi lavi nou va etenel»15 10 Fasil: «Se byen sa, epi kisa 1 di ank6?» Kretyen: «Y ap sere yon kouwon laviktwa pou mete sou tbt nou chak, epi n a klere tankou sol£y la ki nan syb\ la.» 1 6 Fasil: «Ala bb\ bagay. Bon, kisa ki gen anko?» Kretyen: «Nan kote sa a, moun p ap janm kriye, paske moun p ap janm gen lapenn anko. Chef peyi kote nou prale a va siye tout dlo nan je nou.» 1 7 Fasil: «Bon, kijan moun yo ki ap viv nan peyi sa yo ye?» Kretyen: «N ap rete ak zanj yo ki nan syel la. Moun sa yo sit£lman bb\ je nou p ap kapab gade yo. N a rankontre ak tout kantite moun ki te rive la anvan nou. Gen de vye tonton ki gen kouwon yo sou tet yo. Gen de bbl ti jenn fi ki ap jwe mizik nan enstriman ki an 16. Se la n a rankontre tout moun ki te mouri nan mati pou mbt la. Yo tout deja ap viv nan ke kontan, epi yo p ap janm mouri ank6.» 1 8 Fasil: «Sa fe kb m kontan \b m tande bel bagay sa yo. Men kijan pou nou fe pou nou kapab gen tout bagay sa yo, epi kijan n ap fe pou nou pran plezi nan yo?» Kretyen: «Bondye ki mbt peyi a, ekri liv sa a. Li di si nou anvi genyen yo, li kapab ban nou yo gratis.»19 Fasil: «Men monch&, pou jan m kontan tande bel bagay sa yo, annou mache pi vit pou nou sa rive.» Kretyen: «Mwen pa kapab mache pi vit pase sa. Ou pa wb ki gwos£ chay ki sou do m.» Pandan yo t ap fin koze, konsa yo rive sou bo yon ma labou ki te nan mitan plenn lan. Kom yo pa t fe 11 atansyon 1, yo toulede (2) tonbe nan labou a. Yo te rele ma labou sa a Dekourajman. Yo ft ton sa yo te kapab pou yo soti, men se antre yo te antre plis nan labou a. Kretyen menm ak gwo chay ki te sou do 1 la, te antre pi vit. Fasil: «Vwazen Kretyen, ki kote nou ye kounyeya?» Kretyen: «An verite, mwen pa fouti di ou.» Le sa a, Fasil fache anpil epi I di: «Se kalite bagay sa a, ou di ki bon an? Si depi kounyeya, nou tonbe nan kalite devenn sa a, le pou nou rive kote nou prale a menm, kijan sa va ye? Si chans pou mwen, maft pa rive m, soti m soti, m ap kite ou kontinye pou kont ou.» Pandan 1 ap di sa, li fe yon d&nye eft, epi 1 s6ti nan labou a. Kom li te tou sou b6 kay li, Kretyen pa menm we kile li gentan chape k6 1. Se konsa Kretyen rete pou kont li ap seye trav£se labou a. Men sa te difisil ak pak£t li te gen sou do 1 la. Pandan m nan rbv la, mwen wb yon nonm yo rele Sekou ki vin ap pase. Li mande Kretyen kisa li ap ft la a. «Monche, reponn Kretyen, yon nonm yo rele Levanjil di m se pou m ale nan p6t jis sa a si mwen vie chape anba k6le ki gen pou vini. Se konsa, pandan m ap mache, mwen tonbe nan twou sa a.» Sekou: «Men poukisa ou pa t swiv mak pye sa yo?» Kretyen: «Mwen te pb. Se sa ki ft m te mache dwat devan m.» Sekou: «Ban m men ou.» Kretyen kenbe men 1, epi Sekou ede I s6ti nan ma 12 labou a. Li mete 1 sou bon chemen an pou 1 kapab kontinye vwayaj li. 2 0 Lb sa a, mwen ale jwenn moun lan ki te ede 1 soti nan labou a, epi mwen di 1 konsa: «Poukisa yo pa konble ma labou sa a, k6m se sou wout ki mennen kay Bondye li ye? Konsa moun yo ki s6ti nan vil P£disyon an kapab fe wout la san danje.» Li reponn mwen konsa: «Se pa fasil pou yo konble twou sa a non. Paske depi yon moun pran konsyans peche I, tout vye bagay ki s6ti nan kb 1 koule vin tonbe la a. Se pout£t sa yo rele ma sa a: Ma Dekourajman. l i : yon pech£ wb 1 p£di, nanm li gen yon dout ki antre ladann. Li pb, li dekouraje, epi konsa li gen yon pak£t vye dlo ki ale tonbe nan ma a. Konsa ma a pa kapab cheche. Men se pa sa non Wa a ta vie. Depi demilan (2.000 an) pr&ske, 1 ap chache ranje wout la. Pou sa m konnen ki feu yo jete pase venmilyon chajman (predikasyon) ranbl£ nan twou sa a. Yo pran ranbl£ sa yo nan peyi Wa a deja soum£t. Se bon materyo sa yo ki te pou ranje wout la, men sa pa posib paske tout tan gen lot vye dlo ki ap vin tonbe. Men malgre sa, Wa a fe mete yon kalite bon poto solid ki antre fon nan tb. Si yon moun te wb yo, li ta kapab mete pye 1 sou yo. Men \b dlo a anpil, li kouvri tbt yo. Depi yon moun fin pase move pa sa a, wout la bon pou jouk tan 1 rive devan p6t jis la.» Apre sa, pandan m nan rbv la, mwen we Fasil ki rive lakay li. Tout moun nan vwazinay la vin rann li vizit. Anpil nan yo di 1 konsa kijan yo kontan wb 1 retounen. 13 Gen lot menm ki mande 1 si 1 te fou. Pou fini, gen yon kantite lot menm ki konmanse ap pase 1 nan betiz. Yo di 1 konsa: «Si se te nou menm, nou pa ta lach menm jan ak ou. Depi nou konmanse, nou pa ta janm retounen deye.» Le sa te fek rive, Fasil te yon ti jan wont. Men piti piti li vin reprann fbs epi 1 mete 1 ak vwazinay la sou do Kretyen. 14 CHAPIT2 Kretyen pedi wout li paske 1 koute koze nan bouch yon neg yo rele Metdam Pandan Kretyen ap mache pou kont li sou wout la, konsa li we yon nonm ap mache vin sou li. Yo rankontre sou chemen an. Se te yon granneg yo te rele Metdam 15 ki te rete nan yon vil yo rele Banbilaj. Vil sa a te tou kole ak vil kote Kretyen te rete a. Le 1 wb kijan Kretyen ap redi anba chay la ki te sou zep6l li a, li di 1 konsa: «Zanmi m, ki kote ou prale ak gwo chay sa a?» Kretyen: «Ou gen rezon, chay la lou vre. Mwen pa kwe gen yon moun sou tb a ki chaje tankou m. Ou vie konnen ki kote m prale? Se la a, nan p6t jis sa a. Yo di m la gen yon moun ki kapab di m kijan pou m retire chay la sou do m.» Metdam: «Eske ou gen madanm ak pitit?» Kretyen: «Wi, mwen gen madanm ak pitit, men chay la si lou sou do m, mwen pa kapab viv ak yo tankou lontan. Se tankou si m pa t genyen.»1 Metdam: «Kite m ba ou yon bon kons£y.» Kretyen: «Si se yon bon kons£y, di m li non, pou jan m bezwen bon kons£y.» Metdam: «Se ou menm ki pou retire chay sa a sou do ou. Se pou ou fe vit, paske si se pa sa ou p ap janm gen repo. Ou p ap janm kapab jwi tout bon bagay Bondye mete sou te a.» Kretyen: «Se sa menm m ap chache. Mwen ta renmen retire chay la sou do m. Men m pa kapab pou kont mwen, epi pyes moun pa kapab ede m. Se sa ki ft m vie ale kote yo kapab deli vre m.» Metdam: «Ki moun ki di ou laba a yo kapab ede ou?» Kretyen: «Se yon nonm ki genft serye yo rele Levanjil ki di m sa.» Metdam: «Ki kalite koze sa a? Se pi move chemen ki genyen. Le ou ft esperyans la ou va wb sa. Men 16 gade jan ou sal non! Ou genft ou te tonbe nan Ma Dekourajman! Sa poko anyen sa. Depi se nan chemen sa a yon moun ye, se pou 1 pran pa 1. Mwen pi gran pase ou, kite m di ou yon bagay. Nan chemen sa a, se pa ti mati ou gen pou ou pase. Ou gen pou ou bouke, pou ou grangou, pou ou touni, pou ou an danje, tout mal£ gen pou rive ou. Se bon koze m ap di ou la a, wi. Gen anpil moun ki ft esperyans la deja. Poukisa pou yon nonm mete tbt li nan tout mize sa a, pou 1 ft yon lot plezi?» Kretyen: «Monche, chay la ki sou do m lan kraze m plis pase nenpbt ki male ki ta kapab rive m. Se sa ki ft m p ap rekile devan anyen, si m kapab depoze chay la.» M&tdam: «Bon, kijan ou ft konnen ou gen chay sa a sou do ou?» Kretyen: «Se pandan m ap li ti liv sa a, m we sa.» Metdam: «Se sa m te sipoze. Sa ki rive ou la a se sa ki toujou rive tout moun ki antre nan bagay ki two difisil pou ti lespri yo. Se bagay ki pou ft ou vin rayi tout moun, epi ou vin ap ft yon paket bagay ki enposib.» Kretyen: «Mwen konnen kisa m vie, se chay ki sou do m lan m vie depoze.» Metdam: «Men, pouki se kalite wout sa a ou chwazi? Si ou te pran tan koute m, mwen ta di ou kijan ou kapab gen sa ou bezwen an, san ou pa pase tout mize sa a. Rem£d mwen an p ap pran anpil tan. Se bagay ki pou ft ou viv anp£, ak kb kontan epi bonkou zanmi.» Kretyen: «Monch&, pa pito ou ban m sekre a.» Metdam: «Bon, nan ti vil yo rele Moralite a, gen 17 yon neg ki rete la, yo rele 1 Bon Moun. Se n£g ki gen anpil lespri. Tout moun di jan se yon bon gason. Pou istwa retire chay sou do moun menm, se nan sa 1 pi fe. Li deja ede anpil moun, epi 1 konnen trete tbt chaje. Si ou pa jwenn li, ou met pale ak pitit li yo rele NtgDebyen. Li gen lespri menm jan ak papa 1. Se moun sa yo ki pou retire chay la sou do ou. Si apre sa ou pa ta vie retounen ale viv kote ou te rete anvan an, ou mbt voye chache madanm ou ak pitit ou vin viv ak ou nan Moralite. Gen anpil kay vid, lwaye pa ch& isit la epi ou jwenn manje pou bon mache. Tout moun isit se bon jan moun, yo onet epi yo renmen rann s£vis. Konsa ou va viv san pwoblem. Le Kretyen tande bel paw6l sa yo, li di sa pi bon si 1 ta swiv konsey Metdam yo. Se sa ki fe 1 mande n£g la: «Ki kote pou m pase pou m ale kay nonm sa a?» Metdam lonje men montre 1 tbt yon m6n ki te byen lwen, epi 1 di 1 konsa: «Se la a, sou tbt mdn sa a.»2 Kretyen: «Bon, m&si bokou.» Metdam: «Ou met ale tou dwat, premye kay ou rankontre a, se li menm.» Se konsa Kretyen kite chemen 1, epi 1 ale chache sekou nan men Bon Moun. Le 1 rive nan pye mon lan, li wb yon gwo katye w6ch ki tankou si 1 ta vie detache vin tonbe sou wout la. Kom li te pe pase pou wbch la pa kraze I, li kanpe san 1 pa konnen kisa pou 1 fe. l i sa a, li santi chay la ki sou do 1 la peze pi fe. Te gen yon pak£t ubklb ki t ap s6ti nan mon lan.3 Kretyen te pb pou 1 pa t boule tou vivan. Li te konmanse regret li te swiv kons&y M&tdam yo, 18 epi konsa 1 we Levanjil paret sou li. Li telman wont li chanje koule. Levanjil mete figi 1 byen move epi 1 di konsa: «Kisa ou ap ft isit la, Kretyen?» Men Kretyen bese tbt li, paske 1 pa t konnen kisa pou 1 te reponn. Lb sa a, Levanjil di 1 konsa: «Se pa ou menm mwen te rankontre I6t jou bo vil Pedisyon an, ou te si dekouraje ou pa t konnen kisa pou ou ft?» Kretyen: «Wi, se mwen menm.» Levanjil: «Eske m pa t montre ou ti wout etwat la?» Kretyen: «Wi.» Levanjil: «Kijan ou fe pedi wout la?» Kretyen: «S6ti m s6ti nan Ma Dekourajman, mwen rankontre yon nonm ki s&tifye m nan ti vil ki toupre isit la, gen yon nonm ki kapab ede m retire chay la sou do m.» Levanjil: «Ki moun sa te ye?» Kretyen: «Se yon n£g debyen, li pale ak mwen jouk tan li ft m asepte kons£y li yo. Se konsa mwen rive isit la. Men \b m rive anba mon lan, mwen soti pe pou woch sa yo pa tonbe sou mwen. Se sa ki ft m pa janbe.» Levanjil: «Kisa nonm lan te di ou?» Kretyen: «Li mande m ki kote m prale. Mwen di l.» Levanjil: «Kisa 1 di ou pou ou ft?» Kretyen: «Li mande m si m gen fanmi. Mwen reponn li m genyen, men mwen jennen ak gwo chay sa a ki sou do m lan. Mwen ta renmen poze 1 yon kote pou m ka vin jan m te ye anvan an.» Levanjil: «Bon, kisa 1 reponn ou?» Kretyen: «Li ban m konsey depoze chay la pi vit m 19 kapab. Le m di 1 se nan p6t jis la mwen prale, pou yo kapab di m kisa pou m fe, li reponn mwen 1 kapab montre m wout ki pi kout epi ki pi fasil. Se sa ki fe m te kwe sa 1 te di m lan. Mwen ale nan chemen an pou m te kapab delivre ak chay la. Men \b m rive, mwen w£ kijan sa ye, mwen sezi. Kounyeya, mwen pa konnen kisa pou m fe.» Levanjil: «Se pou ou rete trankil yon ti moman. Mwen pral fe ou tande Paw6l Bondye a.» Pandan Levanjil ap li nan Bib la, Kretyen rete tou dousman: «Veye ko nou! Pa refize koute paw61 moun k ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute paw61 moun ki t ap ba yo avetisman Bondye sou lath a, yo pa t chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k ap pale ak nou antan 1 nan syM la. »4 Li fe lekti yon I6t pasaj nan Bib la: «Moun mwen fe gras la ap viv, paske li gen konfyans nan mwen. Men, si 1 vire do 1 tounen fe bak, li p ap fe ke m kontan. »5 Levanjil esplike Kretyen paw6l la konsa: «Men sa ki rive, ou te kite bon chemen an, rive b6 isit la, ou manke mouri.» Le Kretyen tande koze sa a, li lage k6 1 at£, epi 1 di: «Male pou mwen, mwen se yon nonm p£di!» Men Levanjil pran men 1, epi 1 di I konsa: «Tout peche ak tout blasfem lezom fe va jwenn padon. Se pa pou ou enkredil, men kw£.»6 Kretyen santi 1 refe. Li leve tou ap tranble. Levanjil menm kontinye ap pale ak li: « Koute byen sa m pral di ou la a. Nonm sa a ki s6ti pale ak ou a, se 20 M&tdam yo rele I. Li pote non 1 byen. Se yon nbg ki ranje k6 1 pou 1 viv san yo pa janm dekouvri 1. Li p6tre ak yon nonm debyen, li renmen yo di sa ki byen sou li, men 1 pa vie tande pale sou komisyon. Gen twa ere nan sa 1 te di ou la a. Pou konmanse, li fe ou fe yon lot chemen. Apre sa, li fe ou konprann li pa nesese pou ou komiti. Pou fini, li voye ou nan chemen lanmo.» l i Kretyen tande sa, li konprann \b lanmo 1 te rive. Li pran kriye, epi 1 di konsa: «Ala sot mwen te sot, pou m te koute Metdam, epi pou m te kite bon chemen an.» Levanjil montre 1 ki kote pou 1 fe pou 1 jwenn wout p6t jis la, epi 1 di 1 se pa pou 1 koute pyes moun anko.7 l i Kretyen di li pral fb wout li montre 1 la, Levanjil souri epi 1 ba 1 benediksyon Bondye. Apre sa, Kretyen retounen sou pa 1. Li mache san gade ni adwat, ni agdch. Si yon moun te pale ak li, li pa menm reponn. Se yon sel bagay ki te konte pou li. Tout tan 1 pa t rejwenn wout li te kite a, li pa t santi 1 byen. 21 CHAPIT3 Kretyen rive devan p&t jis la Apre yon bon ti moman, Kretyen rive devan p6t jis la. Sou pot la yo te ekri mo sa yo: «Frape, y a louvri pou ou.»* Se konsa, li pwoche epi 1 frape. Apre yon ti moman, yon nonm yo rele Bon Volonte vin louvri pot la epi 1 mande 1: «Ki moun ou ye? Ki kote ou soti? Kisa ou vle?» 22 Kretyen menm reponn li: «Mwen se yon malere peche ki soti nan vil P£disyon. Pou m s6ti anba mal& ki gen pou frape vil la, m ap fe wout pou Siyon.» Le Bon Volonte tande sa, li rale Kretyen antre vit. Kretyen menm di 1: «Poukisa ou fe m antre vit konsa?» Bon Volonte reponn li: «Nan vwazinay la, Dyab la gen yon kay. Pandan 1 nan fennh kay la, li kapab obseve sa ki ap pase isit la. Lb li we moun ki ap frape nan pot la li konn tire fl£ch sou yo. Se konsa anpil moun ki rive la a, konn mouri anvan yo antre.» Lb Kretyen tande sa, li di konsa: «Bondye sove m. Mwen manke mouri.» Bon Volonte di 1: «Ki moun ki voye ou vin frape isit la?» Se konsa Kretyen konmanse rakonte istwa 1. Apre Bon Volonte fin koute tout traka li pase sou wout la, li di 1 konsa: «Vini non, mwen pral montre ou ki wout pou ou fb. Gade byen, ou we chemen sa a ki louvri devan ou la a? Se li menm pou ou fe. Se ansyen pwofet yo ak Jezikri li menm ki trase wout la. Gen anpil I6t chemen ki pi laj, ou kapab we yo sou kote wout la. Men atansyon wi, yo pa bon non. Se sa ki etwat la ki bon. 2 Si ou swiv li, 1 a mennen ou lakay EntfyrH. Rive ou rive, frape nan pot la. Se pa ti kontan 1 ta kontan ede ou konprann anpil bagay.» 23 CHAPIT4 Sa Kretyen wb nan kay Ent&pr&t Kretyen kontinye mache pou jouk lb li rive lakay Entepret. Li frape anpil nan p6t la anvan yon moun vin mande 1 kisa 1 vie. Kretyen: «Mesye, se yon vwayaj&, zanmi met kay la, ki voye m isit la pou di m sa pou m ft. Se ak met kay la mwen ta renmen pale.» 24 Apre yon ti moman, mbt kay la vin we sa Kretyen te vie. «Mesye, di Kretyen, mwen s6ti nan vil Pedisyon pou m ale nan m6n Siyon. Moun lan ki nan pot kote chemen an konmanse a di m si m vin isit la, ou kapab ban m anpil bon kons£y pou vwayaj la.» «Antre non, di Ent£pr£t, m a fe ou we bagay ki kapab sevi ou.» Apre 1 fin fe yo limen yon bouji pou li, li fe Kretyen swiv li. Rive devan yon chanm, li fe yo louvri pot la. Lb Kretyen antre, li wb yon bb\ p6tre. Se te potre yon nonm ki te kanpe ak yon Bib nan men 1, epi je 1 te leve ap gade nan sybl la. Li p6tre ak yon moun ki te renmen jistis. Li t ap diskite ak mechan yo, epi sou tet li te gen yon kouw6n an 16. Kretyen mande pdtre ki moun sa a ye. Ent£pr£t: «Sa se pdtre yon moun ki pa tankou tout moun. Moun sa a kapab bay lavi, li te soufri pou sa. Apre 1 fin bay lavi, li kapab fe ou grandi. Ou pa we jan 1 ap gade sybl la, Bib li nan men 1. Li renmen laverite. Li pa pran plezi nan peche. Li gen espwa jwenn rekonpans li nan bagay ki gen pou vini. Sa ki se p6tre sa a m montre ou anvan, se paske se nonm sa a Bondye bay pou mod£l. Se li ki pou ede ou nan tout move chemen ou rankontre. Se poutet sa ou pa pou bliye anyen nan sa m ap montre ou. Paske sou chemen sa ou kapab rankontre moun ki va vie mennen ou nan move direksyon.» Apre sa Ent£pr£t pran men 1, epi 1 mennen 1 nan yon gran salon plen pousy£, yon kote ki pa t bale depi 25 lontan. Entepret rele yon moun pou vin bale salon an. Kou 1 konmanse bale, konsa pousye konmanse leve tout kote. Pousye yo te si anpil Kretyen te vie toufe. Le sa a Entepret di yon ti fi ki te kanpe kote 1 la: «Ale chache ti kras dlo, vin wouze planche a.» Kou 1 fin voye dlo a tout pousye sispann. Kretyen: «Sa sa vie di?» Entepret: «Salon sa a, se tankou ke yon moun ki pa janm touche ak Levanjil. Pousye yo, se tankou peche, yo kouvri tout ko moun lan. Premye nonm lan ki te konmanse bale a, se «Lalwa» li reprezante. Ti fi a ki vin wouze ak dlo a, se «Lagras» li reprezante. Ou pa we le yo te konmanse bale salon an san yo pa t wouze I, pousye yo te si anpil ou pa t kapab respire. Se menm jan an tou, Lalwa pou kont li pa kapab retire peche, paske 1 pa bay fbs pou gen laviktwa.1 Men dlo ti fi a vin voye sou pousye yo, se tankou Lagras li ye. Se li ki penmet yo netwaye salon an pou Wa a kapab vin pran plas li.»2 Pandan m nan rev la, mwen we Entepr&t pran men Kretyen, epi 1 mennen 1 nan yon ti chanm kote de (2) timoun te chita sou yon chez. Pi gran an te rele Pasyon; pi piti a te rele Pasyans. Pasyon tankou yon timoun ki te fache. Men Pasyans menm te rete trankil. Le sa a, Kretyen mande: «Bon, poukisa Pasyon move konsa?» Entepret reponn li: «Met la vie pou yo tann jouk lanne pwochen pou 1 ba yo tout bon don. Pasyans dako pou 1 tann, men Pasyon menm pa vie tann.» Le sa a, gen yon moun ki antre vin kote Pasyon te 26 chita a. Li vide yon pak&t bb\ bagay at& nan pye 1 la. Menm \b a Pasyon pran yo, epi la tou li konmanse pase Pasyans nan betiz. Men yon ti moman li gaspiye yo, epi 1 rete ak men 1 vid. Kretyen mande Ent£pr£t pou 1 esplike 1 an detay sa bagay sa yo vie di. Ent£pr£t: «Chak timoun sa yo reprezante yon kalite moun. Pasyon se yon moun ki ap viv pou tan sa a. Men Pasyans se moun ki ap tann yon lot tan ki gen pou vini. Ou pa wb Pasyon vie gen tout bagay kounyeya. Se konsa lemonn viv. Yo vie posede tout bb\ bagay ki gen sou tb a, men yo pa vie tann. Ou pa wb tou Pasyon gaspiye tout sa 1 te genyen. Se menm bagay la ki va rive moun ki ap viv selon prensip lemonn sa a.» Kretyen: «Mwen wb Pasyans gen plis saj£s. Li pa touye t^t li. Li rete tou trankil pou 1 tann bon bagay ki gen pou vini. Tandiske Pasyon pa gen anyen.» Ent£pr£t: «Se pa s&lman sa, te sa a gen pou 1 pase ak tou sa ki sou li. Men 16t lemonn ki ap vini an p ap janm pase. Se pou sa Pasyon pa bezwen ap pase Pasyans nan betiz. Va rive yon \b> se va tou pa Pasyans. Se sa ki fe nan Levanjil selon Lik, Pawol la di move rich la konsa: «Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou htb. Lb sa a menm, Laza te nan tout miz£ li. Kounyeya, li jwenn konsolasyon bo isit la, ou menm ou ap soufri.»3 Kretyen: «Pito yon moun pa chache gen riches kounyeya. Li pi bon si 1 espere rekonpans li nan lemonn ki ap vini an.» 27 Entepret: «Ougenrezon. Bagay nou wb ak je p ap dire non. Se sa je pa we ki eten£l.»4 Le sa a nan rev la, mwen wb Ent£pr£t pran men Kretyen epi 1 mennen 1 devan yon mi, kote ki te gen yon gwo dife k ap boule. Sou kote dife a, te gen yon nonm ki t ap jete dlo pou 1 seye touye 1. Men plis li jete dlo, se plis flanm yo moute wo. Kretyen: «Kisa sa vie di?» Entepret: «Dife sa a, se travay gras Bondye nan ke yon moun ki asepte 1. Moun ki ap jete dlo a se Satan ki ap chache touye dife a. Men ou w£, li pa kapab touye dife a. Bon, kite m fe ou we poukisa 1 pa kapab touye dife a.» Se konsa li fe Kretyen pase dbyb mi a epi 1 montre 1 yon nonm ki kanpe ap plede vide lwil sou dife a, san pyes moun pa we 1. Kretyen: «Kisa sa vie di?» Entepret: «Neg sa a reprezante Jezikri ki toujou ap alimante dife Lafwa ki ap boule nan kb moun yo ki kwe. Kom li deye mi a moun pa wb kijan travay Lagras la fe fet.» Apre sa, Entepret mennen Kretyen yon bon ti kote ki gen yon bel pale. Sou teras la, te gen yon kantite moun ki t ap mache ak bel w6b yo tout an 16. Lb Kretyen we jan pal£ a bfel, li mande si 1 kapab antre. Le sa a, Entepret mennen 1 devan p6t pal& a, epi 1 montre yon paket moun ki ta anvi antre, men ki pa t oze seye. Li we yon nonm ki chita bo p6t pal& a, devan yon tab. Li te gen yon ankriye lank ak yon gwo rejis. Se la li te ekri non moun yo ki te vie antre. Men Kretyen 28 te remake devan pale a ki kalite gad ki te deside pou touye moun ki ta anvi pran pale a daso. Pandan Kretyen rete yon ti jan sisp&k, konsa 1 we yon jenn gason deside ki rive epi ki di: «Mete non m sou lis la.» Kou yo fin ekri non 1, li pran nepe 1, li mete kas fe 1 epi 1 kouri sou gad yo ki t ap gade pot pale a. Apre yon bon batay, malgre gad yo blese n&g la, li rive antre nan pale a.5 Le sa a moun yo ki t ap pwonmennen sou teras la konmanse chante: «Antre nan pafe sa a seyon pakh afe. Se isit la yon moun p apjanm mouri. Lanmb pa kapab fe ou anyen. Se la a pou ou vin repoze ou apre ou fin goumen.» Lb sa a, yo pran yon bbl rad ki tout an 16 epi yo mete sou nbg la ki te resi antre nan pale a. Kretyen menm pran ri epi 1 di konsa: «Mwen kwe m konprann sa sa vie di. Kite m kontinye wout mwen.» «Non, reponn Ent6pret, mwen gen lot bagay pou m montre ou ank6. Se apre sa ou va kontinye wout ou.» Menm \b a, Ent£pr&t pran men 1, li mennen 1 yon kote ki fe tou nwa, kote ki te gen yon nonm femen nan yon kaj. N£g sa a te gen figi tris. Li te chita, de men 1 te nan mitan janm li, je 11 ap gade ate epi 11 ap soupire tankou yon moun ki pral mouri. «Sa sa vie di?» mande Kretyen. Ent£pr£t lamenm di 1: «Poze neg la kesyon non.» 29 Kretyen: «Ki moun ou ye?» Tounen Deye: «Jan ou we m lan, se pa konsa m te ye.» Kretyen: «Kijan ou te ye anvan?» Tounen Deye: «Se yon gran pwofese m te ye. Tout moun te respekte m. Mwen te kwe m te kapab antre nan vil la ki nan Syel la. Depi isit mwen te konmanse goute bon bagay mwen t ap ale jwenn anwo a.»6 Kretyen: «Bon, sa ki rive ou?» Tounen Deye: «Kounyeya, mwen se yon nonm dezespere. Mwen femen nan dezespwa m tankou si m te nan yon kaj an fe. Mwen pa fouti soti.» Kretyen: «Kijan ou ft vin nan eta sa a?» Tounen Deye: «Mwen te bliye veye. Mwen te konprann m te rive. Mwen peche kont Bondye ak Limye 1. Lespri Sen an soti nan mwen. Se sa ki penmet Dyab la antre nan ke m. Mwen pwovoke kblk Bondye, li bandonnen m. Men kounyeya, kb m sit£lman di m pa kapab repanti anko.» Kretyen mande Entepret konsa: «Bon, pa gen espwa pou nonm sa a?» «Mande 1 sa non» di Entepr&t. Kretyen: «Eske pa gen espwa pou ou? Se pou ou pase tout res tan nan kaj sa a?» Tounen Dbyb: «Non, pa gen pybs espwa pou m soti la a.» Kretyen: «Poukisa? Jezikri kapab padonnen ou.» Tounen Deye: «Non, mwen te rekrisifye 1 anko. Mwen te meprize 1. Mwen pase jistis li nan betiz. Mwen jwe ak san Alyans la. Mwen ft Lespri Sen wont. 30 Se mwen menm ki retire tbt mwen nan pwom£s la. Pa gen espwa pou mwen. Se pou m rete chita tann konsekans rebelyon m.»7 Kretyen: «Men kijan ou ft vin tonbe nan kalite eta sa a?» Tounen Dbyb: «Sa rive m paske m te anvi gen plezi. Men j6di a mwen wb tout bagay sa yo se tbt chaje.» Kretyen: «Men bskc ou pa kapab repanti pou ou vin jwenn Bondye?» Tounen Dbyb: «Bondye pa vie ban m padon 1. Paw6l li yo pa ankouraje m. Se li menm ki ftmen m nan kaj sa a. Pa gen moun sou tb a ki kapab ft m soti. Mwen pa konnen ki soufrans lafen an ap vin pote pou mwen.» Lb sa a, Ent£pr£t di Kretyen konsa: «Se pou ou toujou sonje maft nonm sa a pou ou pa tonbe nan menm traka sa a.» Kretyen: «Ala yon bagay ki red! Mwen mande Bondye pou 1 ede m. Bon, kounyeya li le pou m kontinye chemen m.» Ent£pr£t: «Mwen rete yon I6t bagay pou m montre ou. Se apre sa ou va kontinye wout ou.» Menm lb a, li pran men Kretyen, li mennen 1 nan yon chanm kote yon nonm te ftk ap soti nan kabann. Tout tan 1 ap abiye 1,1 ap tranble. «Poukisa n£g la ap tranble konsa?» mande Kretyen. Ent£pr£t reponn li: «Mande neg la non.» Kou Kretyen poze 1 k£syon, li reponn: «Pandan nwit la, mwen ft yon rbv. Nan rbv la, mwen we syel la vin tou nwa. Te gen yon paket zekft ak loray ki te ft m pe 31 anpil Pandan m ap gade, mwen wb nyaj yo ap kouri ak yon gran vites. Mwen tande son yon twonph epi mwen wb yon nonm ki chita sou nyaj yo. Nan do 1 mwen wb tout lame syel la. Te gen dife tout kote, men sykl la te tou wouj. Epi se konsa m tande yon vwa ki di: «Tout mo leve pou m jije nou.» Lb sa, tb a konmanse fann, tonm yo louvri epi mo yo s6ti.8 Te gen ki te kontan te yo t ap gade syel la. Men te gen tou ki t ap chache kote pou yo kache. Le sa a, nonm lan ki te chita sou nyaj yo, louvri yon liv epi 1 di pou tout moun yo konpar£t devan tribinal la.9 Kom li te gen yon flanm dife ap mache devan 1, sa te anpeche moun yo vin tw6 pre 1. L£ sa a, mwen tande jij la ki di konsa: «Mete pay yo ak move grenn yo ansanm, epi voye yo jete nan letan dife ki pa janm tenyen an.» Kou 1 di pawol sa yo, gen yon gwo twou san fon ki louvri kote m te kanpe a. Gen yon gwo flanm dife ki soti ladann. Jij la di ankb: «Pran bon grenn yo, mete yo nan galata.»10 Kou 1 di paw6l sa yo, gen yon pak£t moun ki moute ante, men yo kite m dhyb. 11 Mwen anvi kache tou, men m pa kapab, paske nonm lan ki te chita sou nyaj yo t ap gade m. Lb sa a, mwen sonje tout peche m te konn te, epi konsyans mwen konmanse te m repwoch.12 Se te sa mwen leve nan d6mi an.» «Bon, poukisa rev la te ou pb konsa?» mande Kretyen. «Se paske m te kw& jijman an te rive, epi m poko pare. Men sa ki te fe m pi pb, se paske anpil te moute nan syel epi mwen te rete. Epitou, te gen twou a ki te 32 louvri kote m te kanpe a. Konsyans mwen te toumante tou paske jij la te voye je gade m.» L6 sa a, Ent£pr£t di Kretyen konsa: «Eske ou gade tout bagay sa yo byen?» Kretyen reponn: «Wi, yo ft m p£, men yo ft m kwe tou.» Ent£pr£t di 1: «Se pou ou gade tout bagay sa yo nan tbt ou, pou yo kapab ede ou pa p£di kouraj nan vwayaj la.» Apre sa, Kretyen pran kouraj li ak de men epi 1 derape. L£ sa a, Ent£pr£t ba 1 benediksyon: «Mwen mande Bondye pou konsolat& a toujou mache ak ou jouk tan ou rive nan vil la ki nan Syel la.» 33 CHAPIT5 Kretyen delivre nan pye kwa a Pandan m nan rev la, mwen wb Kretyen ap mache yon kote ki gen yon gwo miray yo rele Sali. Li t ap fe tout efb 1 pou 1 te kapab mache vit, men chay la ki te sou do 1 la te anpeche 1 ale vit. Li mache pou jouk li rive sou tbt yon ti m6n kote ki gen yon kwa ak yon tonm vid. Kou 1 pwoche kote kwa 34 a chay la ki te sou do 1 la tonbe epi 1 woule nan twou tonm lan ki te louvri nan pye kwa a. L i Kretyen wb sa, li sitelman kontan li di: «Nan miz£ 1, mwen jwenn repo e nan lanmo 1 mwen gen lavi!))1 Li te sitelman sezi wb kou 1 gade kwa a li delivre, li rete yon bon ti tan ap plede gade kwa a epi dlo menm ap koule nan je 1. Pandan 1 rete ap gade, konsa twa (3) abitan nan Syel la vin jwenn li. Yo salye 1 epi yo di 1: «Lape Bondye av£k ou.» Premye a ajoute: «Tout peche ou yo padonnen.» 2 Dezy&m lan retire vye rad dechire yo ki te sou li a epi 1 mete yon bbl wob blan sou li.3 Twazyem lan menm vin poze yon mak sou fwon 1 epi 1 renmet li yon s&tifika ki te gen yon so sou li.4 Se papye sa a pou 1 prezante lb 1 rive devan p6t Syel la. Mwen wb 1 desann sou I6t b6 mon lan. Li rive sou b6 yon falkz, epi konsa 1 wb twa (3) mesye ap domi, janm yo mare ak chenn. Yon te rele Tet Chaje; lot la Parese; epi twazy&m lan Grandizt. Lb Kretyen we yo, li di konsa: «Atansyon,sesoub6yonfaleznouye. Souke k6 nou, m ap vin ede nou lease chenn sa yo.» Men yo s&lman reponn li: «Nou pa pb anyen.» Epi menm lb a yo rekonmanse d6mi pi rbd. Le Kretyen tande sa, li kontinye chemen 1. Sa te fe 1 tris pou 1 te we jan moun yo pa pb danje. Pandan 1 ap plenyen sou s6 moun yo, konsa li we de (2) moun ki t ap eskalade miray la ki bode wout la. K6m li wb yo te gen lide vin jwenn li, li di yo konsa: «Ki kote nou s6ti, mesye? Ki bo n ap ale?» Yo reponn li konsa: «Nou fet nan peyi yo rele Vanite 35 e nou pral nan vil ki nan Sy&l la pou nou ka vin yon granneg.» Kretyen di yo konsa: «Nou vie ale nan vil ki nan Syel la, epi se miray n ap eskalade. Si nou pa pase nan pot jis la, Bondye p ap janm penm£t nou antre nan vil la ki nan Syb\ la.» 5 Yo toude reponn li ansanm: «Jan nou fe a pi fasil epi se konsa tout moun lakay nou fe. Ou te pase nan pot jis la, nou menm nou eskalade miray la, men apa nou tout sou menm chemen an.» Kretyen reponn yo: «Mwen menm, mwen fe sa Bondye di m fe. Men nou menm, nou fe sa nou pito. Depi la Bondye ap konsidere nou tankou v6fe.»6 Le yo tande sa, yo pa okipe Kretyen pase yo di 1 konsa: «N ap fe chemen pa nou, ou menm fe chemen pa ou.» Se konsa chak moun pran bd pa 1. Apre yon ti moman, Byen Elve ak Ipokrit konmanse yon diskisyon ak Kretyen. Yo di 1 konsa: «Nou obs£ve tout lwa a tankou ou. Diferans ki genyen, se b£l man to sa a ki sou ou a. Eske se pou kouvri miz& ou yo fe ou kado 1?»7 Kretyen di: «Se Bondye ki fe m kado manto sa a. Se pou le m rive, li kapab rekonfet mwen. Nou pa w& 1 mete yon mak sou fwon m tou epi 1 ban m yon s&tifika pou m bay le m rive nan p6t vil la. Mwen konnen nou pa gen tout bagay sa yo paske nou pa t pase nan p6t jis la.» Yo pa reponn li, men youn gade I6t, epi yo souri. Apre sa yo touletwa kontinye mache ansanm jouk tan yo rive nan Mbn Peripesi, kote ki gen yon sous ap 36 koule. Rive la, te gen de (2) wout. Youn te ale sou dwat, epi I6t la te ale sou g6ch. Chemen ki te pi etwat la te pwente dlrbk sou tbt m6n nan. Kretyen rete nan pye m6n lan, li bwb ti kras dlo nan sous la. L i 1 santi 1 reprann fos, li ranmase kouraj li epi 1 konmanse moute mdn lan. Byen Elve ak Ipokrit te rive tou nan pye m6n lan. Men lb yo leve je yo epi yo wb ki valb m6n lan ye, yo di konsa, pito yo pase nan ti chemen ki ft tou m6n lan. Se konsa youn pran adwat. Li ale p£di nan bwa a. L6t la pran ag6ch epi 1 ale tonbe nan yon fal&z, li mouri. Mwen wb Kretyen menm ap demele 1 pou 1 moute m6n lan. Gen de kote ki sit&lman rbd se a kat pat li oblije mache pou 1 sa pa tonbe tank pant la rbd. Nan mitan chemen an, te gen yon ban anba yon lonbraj Bondye te mete la pou vwayaj* yo pran ti p6z. L i Kretyen rive la, li chita pou 1 pran fts. Pandan 1 chita la, li pran s&tifika ki te nan p6ch li epi 1 konmanse li 1. Men k6m li te bouke anpil, d6mi pran 1, epi setifika s6ti tonbe nan men 1. Pandan 1 nan mitan som£y, li tande yon vwa ki di 1 konsa: «Parese, ale gade jan foumi ap travay, epi ou menm ft tankou yo tou.»8 Li Kretyen tande vwa a li sote, li leve vit epi 1 degaje 1 fin moute mdn lan. L i sa a li tou sezi we de (2) moun ap mache vin jwenn li. Youn te rele Pa Twbp Twop; lot la Sispik. Kretyen di yo konsa: «Sa ki genyen, mesye? Nou sanble nou nan move chemen.» Yo reponn li: «Nou rankontre yon lyon sou wout 37 la. Kom nou vie pase, li griyen dan sou nou. Se sa ki fe nou pi to retounen.» Le Kretyen tande sa, li di konsa: «Nou fe m pb. Ki kote pou m ale? Si m retounen, m ap mouri. Men si m resi pase, m ap viv pou tout tan. Donk se pou m sere dan m pou m antre nan mechan.» Se konsa Kretyen kontinye wout li. Men Pa Tw6p Twop ak Sisp£k retounen dbyb. Pandan Kretyen ap mache lide 1 frape sou s&tifika 1. Men \b 1 chache 1, li tou sezi we 1 te bliye 1 b6 kote 11 ap d6mi sou ban an. Menm le a, li mande Bondye padon, epi 1 retounen ale chache 1 kote 1 te kite 1 la.9 Tout tan 1 ap mache retounen, 1 ap blame tbt li pou kalite mank sa a. Li di konsa: «Ti kote fre sa a, Bondye mete 1 la selman pou moun pran yon ti p6z, epi mwen menm, mwen kite d6mi pran m pandan m nan vwayaj.»10 Le 1 rive sou ban anba lonbraj la, li chita ap kriye. Men pandan 1 chita, konsa 1 voye je 1 at£, epi 1 tou sezi we setifika a anba ban an. Se pa ti kontan 1 kontan pou 1 jwenn li. Se setifika a ki s£vi pou antre nan Syb\ la. Se sa ki fe 1 pran 1 epi 1 mete 1 anndan chemiz li. 38 CHAPIT6 Kretyen rive nan Bel Pale a Jwenn li rejwenn s£tifika a, li derape a tout vites pou 1 moute mdn lan. Men anvan 1 gentan fin moute, konsa sol£y la kouche. Pandan fenwa ap fin fet, Kretyen regret li te d6mi, paske menm \b a li vin sonje sa Pa Tw6p Tw6p ak Sisp&k te rakonte I la. Se pa ti pe 1 vin pb. Li di konsa: «Si bbt few6s sa yo vin tonbe sou 39 mwen, kijan m ap ft nan nwa sa a?» Pandan 1 ap reflechi sou sa, konsa 1 leve je 1 epi dwat devan 1 li we yon gwo chato yo te rele «BH Pafe». Nan rev la, mwen wb Kretyen konmanse mache pi vit, ak espwa li ta gen tan rive pou pase nwit la. Men 1 rive yon ti kote etwat epi lamenm li wb de (2) lyon ki kanpe devan barye a. Le 1 we yo, li di konsa: «An, se bbt sa yo ki te ft Pa Twop Twop ak Sispek kouri retounen an.» Le gadyen an, yo te rele Vijilan wb Kretyen sitelman pe li anvi retounen, li di 1 konsa: «Kisa ki genyen? Ou pa bezwen pe lyon yo. Se pou yo wb si ou gen lafwa yo anchennen yo la a. Si ou mache nan mitan chemen an, yo p ap kapab ft ou anyen.» Mwen we Kretyen ap tranble pandan 1 ap mache tank li pe lyon yo. Men kbm li te ft sa gadyen an te di 1 ft a, anyen pa rive 1. Le 1 rive kote gadyen an te ye a, li di 1 konsa: «Eske ou kapab penm£t mwen pase nwit la isit?» Gadyen an reponn li: «Se mbt m6n lan ki bati Pale sa a pou moun ki nan vwayaj kapab repoze yo. Men ou menm, ki kote ou s6ti? Ki b6 ou prale?» «Mwen soti nan vil P£disyon pou m ale nan vil ki nan Syel la. Se pou sa m mande ou pou m pase nwit la isit.» «Kijan yo rele ou?» «Lontan yo te rele m Vakabon, men kounyeya non m se Kretyen.» Gadyen an di 1 konsa: «Bon, kijan ou ft rive ta konsa? Soley deja fin kouche.» 40 Lb sa Kretyen esplike 1 kijan d6mi te pran 1 sou ban an epi kijan 1 te oblije retounen vin chache setifika li te bliye anba ban an. Vijilan ale sonnen yon kl6ch, epi menm le a gen yon madanm yo rele Je W£ Bouch Pevin mande 1 poukisa yo rele 1. Lb sa a Vijilan prezante 1 Kretyen epi 1 mande: «Eske ou ta kapab penm£t li pase nwit la isit la?» Lb madanm lan tande sa, li (b Kretyen rakonte 1 tout vwayaj la. Lb 1 tande kalite traka malere a pase anvan 1 rive la a, sa (b dlo vin nan je 1, epi 1 di konsa: «Kite m rele I6t moun yo ki gen nan fanmi a pou ou fe konesans ak yo.» Menm \b a li ale nan p6t la epi 1 rele: Atansyon, Renmen Bondye, Charite. Apre yo fin koze ansanm, yo envite Kretyen antre nan Pal£ a. Yo di 1 konsa: «Antre non, ou se pitit beni Bondye.» 41 CHAPIT7 Atansyon, Renmen Bondye, ak Charite ap pale ak Kretyen L i antre ale jwenn yo epi yo ofri 1 chita. Yo ba 1 bwe. Atansyon, Renmen Bondye, ak Charite rete koze ak li pou jouk tan soupe pare. Apre sa, yo rete ap pale byen ta anvan yo ale kouche. Le tout moun fin priye, 42 yo chak antre nan chanm yo ale d6mi. Yo bay Kretyen yon bh\ chanm ki te gen fennet louvri sou softy leve. Se la 1 pase nwit la pou jouk li jou. Denmen maten, zanmi 1 yo di yo pa kapab kite 1 pati san yo pa ft 1 w£ tout bagay ki gen nan kay la. Yo montre 1 de (2) liv ki rakonte istwa Granmk la. Nan liv sa yo li w£ kijan pitit Mbt la ki pa konn ni konmansman ni fen, gen pouvwa pou 1 padonnen moun ki peche kont li. Liv la yo montre kijan 1 akonpli tou sa ki te di sou li. Apre sa, ti madmwaz£l yo mennen 1 nan gran sal, kote ki gen yon pak&t zam tout kalite: nepe, kas an ft, bagay pou pare kou, gwo soulye, e yon paket lot anko.1 Yo montre 1 yon kalite vye zam ki te deja sbvi nan batay. Yo di 1 se moun lontan ki te deja sbvi ak yo. Sa ft Kretyen kontan pou 1 wb tout bagay sa yo. K6m li te anvi kontinye wout li, moun yo di 1 konsa: «Tann denmen non. Si gen bon softy n a ft ou we jan mon yo ki antoure chato a b£l» Li asepte. Epi nan denmen maten yo ft 1 moute sou chato. Lb 1 rive la, li wb tout kote. Sou b6 nan Sid, li voye je 1 epi 1 we yon bel peyi. Moun yo di 1 konsa: «Se la peyi Bondye a ye. Le ou va rive gen kbk bb]c ki va montre ou vil la.» Men k6m yo wb Kretyen te anvi ale, yo pa kenbe 1 pi lontan pase yo kite 1 pati. 43 CHAPIT8 Kretyen mete rad batay li epi 1 pran zam li Anvan moun yo kite Kretyen pati, yo fe 1 antre nan sal kote ki te gen zam yo. Epi yo di 1 konsa: «Pito ou pran zam sa yo paske gen anpil lenmi sou chemen an.» Le 1 fin pare net, li paret devan pbt la epi 1 mande 44 Vijilan si 1 pa t w6 161 peleren pase. N£g la reponn li: «Wi, gen yon moun yo rele Fidtlki fek pase. Li pa two lwen.» Lb sa a Kretyen kontan, li di: «Mwen konnen 1 wi. Se moun menm kote ak mwen. Se tou kole ak lakay li soti. F6k mwen fe vit pou m ka jwenn li.» Derape Kretyen derape, tout madmwazel yo derape ak li. Tout tan y ap mache, y ap pale pawol Bondye. Le yo konmanse desann m6n lan, Kretyen di konsa: «Moute m6n se yon bagay ki difisil, men desann lan pi red ank6» Atansyon reponn li: «Se vre wi. Sa pi difisil pou yon gason desann nan Vale Imilyasyon sa a san 1 pa fe aksidan. Men se pou sa menm, mwen vin ak ou.» Kou yo rive anba m6n lan, tout moun yo kite 1. Yo ba 1 yon bout£y dlo, pen, ak rezen. Kretyen pran pwovizyon yo, epi 1 derape pou kont li nan Vale Imilyasyon an. Pandan Kretyen ap mache nan vale sa a li santi yon ke sere pran li. Li te gen yon bon ti tan depi 1 t ap mache, epi konsa li fe rankont ak yon dyab yo rele Apolyon. Lb Kretyen wb 1, li t6lman ph li pa konnen sa pou 1 fe. Li te anvi kouri, men yon lide di 1 rete. Se konsa li kontre bab pou bab ak dyab la. Se pa ti fed li te fed. Li te gen kal sou li tankou pwason. Li te gen zb\ tankou yon gwo zwazo, epi bouch li te tankou bouch lyon, te gen dife ap soti ladann. Se li menm ki te wa nan vil yo rele Pedisyon. Li te vin ak lide pou 1 te touye Kretyen. 45 Apolyon: «Apa yon abitan lakay yo sa, se mwen ki chef vil Pedisyon. Poukisa ou sove? Si m pa t gen espwa we ou tounen lakay, mwen t ap touye ou kounyeya.» Kretyen: «Se vre, mwen ftt nan peyi ou, men m pa kapab sevi ou. Yon moun pa kapab viv ak sa ou vie ba li a. Lajan ou bay se lanmb.1 Se sa ki ft m pito vin sevi pi gran Wa ki chef tout I6t yo. Li menm li bay bon rekonpans. Ou pa bezwen p£di tan ap seye fb m tounen. Se li m vie swiv.» Pawol sa yo fe Apolyon fin anraje n£t. Li voye yon boul dife sou Kretyen. Men Bondye ft 1 gentan pare 1. Lamenm li retire nepe lespri a epi 1 fonse sou Apolyon. Lamenm, yo toude konmanse goumen. Pandan demi jounen ou pa ka konnen ki moun ki ap bat I6t. Kom Kretyen te blese nan tbt ak nan pye, li te p&di anpil san. Rive yon lb li pa kapab ankd. Nepe 1 s6ti tonbe nan men 1. Lb Apolyon wb sa, li kouri sou li. Men Kretyen fe yon d£nye eft). Bondye ft I rejwenn nepe 1 epi 1 di: «Pa kriye lamarye bbll Si m tonbe m a leve!» Pandan 1 ap di sa, li flank Apolyon yon b6t ki voye 1 ate, epi 1 di: «Nan tout bagay sa yo, nou genyen batay la net ale, gremesi moun ki renmen nou an.» 2 46 CHAPIT9 Apolyon kouri L£ Apolyon wb se tout bon Kretyen soti pou 1 touye 1, li louvri z£l li yo epi 1 vole ale fb wout li. Kretyen menm chache 1, san 1 pa ka wb li.1 Pandan tout batay la, figi Kretyen te mare, tankou yon moun ki ank6l£. Se le 1 rann li kont Apolyon kouri, se \b sa a li leve tbt li gade anwo epi 1 di konsa: «Mwen 47 vie di moun lan ki delivre m nan bouch lyon an mesi pou tou sa 1 ft pou mwen.» Menm le a, li we yon men ki lonje yon pake fty pyebwa lavi a ba li. Kretyen pran yo epi 1 panse kote 1 te blese nan batay la. Menm lb a, tout blese yo geri. Li chita epi 1 manje ti pwovizyon yo te ba li nan chato a. Le 1 fin reprann fbs, li leve, li pran nepe 1 nan men 1 epi 1 derape, paske 1 pa konnen si pa gen I6t mechan kache nan raje a. Men Bondye ft 1 pa janm ft I6t move rankont pou jouk li fin janbe vale a. Pandan m nan rev la, mwen wb Kretyen rive devan yon twou tou nwa. Te gen de (2) moun ki t ap kouri soti nan twou a. Yo di 1 konsa: «Pa antre nan twou sa a, li ft tou nwa anndan an. Gen yon pak£t bri, tankou si se moun y ap bat ki ap rele.» Men Kretyen menm reponn yo: «Sa pa di m anyen, tout koze sa yo. Se la a menm pou m pase, si m vie rive kote m prale a.» Le sa a, mwen we Kretyen antre nan twou a. Li vin paret sou wout etwat ki te gen fafez toude kote yo. Nan falez yo menm te gen yon pak&t dlo santi. Nan mitan chemen an menm te gen yon l6t twou ki ale dir£k nan lanft. Se sou b6 twou sa a ou te tande vwa moun yo ki t ap soufri nan dife lanft a. 48 CHAPIT10 Kretyen ap pase nan korido male L& Kretyen w£ jan wout la difisil, li mete nepe 1 nan fouwo. Li mete jenou 1 ate epi 1 di konsa: «Bondye papa ki nan Sybl la, mwen mande ou padon, delivre nanm mwen non.» Men tout tan 1 ap priye, lenmi 1 yo apwoche pi pre 1. Lb 1 santi yo toupre 1, li ranmase kouraj li epi 1 rele: 49 «Mwen vie avanse ak fos Bondye ki ap konbat pou mwen.))1 Menm le a, tout move lespri yo ale ft wout yo epi yo pa tounen ank6. Le denmen maten rive, Kretyen voye je 1 gade dbyb. Li sezi wb tout move kote 1 te pase nan ftnwa a. Li wb tout move bagay li te rankontre yo byen Iwen dbyb do L Men 1 pa t pb piske sol£y la te klere. Lb sa a, Kretyen kontinye wout li san ft bri. Rive sou do yon ti m6n, li wb Fid£l ap ale byen lwen devan 1 la. Li rele 1 pou 1 di 1 tann li. Men FidM reponn li: «Mwen pa kapab rete tann ou, paske m gen yon nbg k ap swiv mwen.» Lb Kretyen tande sa, li sezi. Li pa ft ni de ni twa pase li konmanse kouri pou jouk tan 1 rankontre Fid&l. Kou 1 rive b6 kote Fid&l, li pran p6z grann£g li, epi 1 pase sou li san 1 pa okipe 1. Men k6m li te bliye siveye wout la, li lease pye 1 sou yon gwo w6ch, epi 1 tonbe. Le Fidel wb sa, li kouri vin jwenn li epi 1 ede 1 leve. Se konsa toulede kontinye mache ansanm. Pandan y ap mache, y ap pale sou traka yo te rankontre sou wout la. 50 CHAPIT 11 Kretyen ak Fidel ap fe wout ansanm Kretyen: «Le m pati kite ou nan vil Pedisyon an, pandan konbyen tan ou rete la?» Fidel: «Mwen rete pou jouk tan m pa t kapab anko. Mwen te anvi pati ak ou men k6m ou te deja lwen, 51 mwen te oblije vwayaje pou kont mwen.» Kretyen: «Eske ou gen nouv£l vwazen Fasil?» Fidel: «Depi 1 retounen an, tout moun ap pase 1 nan betiz. Kounyeya yo meprize 1 tankou chen.» Kretyen: «Eske ou te pale ak li anvan ou pati a?» Fidel: «Mwen te rankontre 1 nan lari yon jou. Men le 1 we m, li janbe sou 16t b6 pou 1 pa pale ak mwen. Mwen pa te tonbe nan ma labou a tankou ou menm non. Men m te rankontre yon fanm yo rele Jennh. Li te vie pou m te sove ak li pou n ale pran plezi nou. Mwen bouche zdr£y mwen, pou m pa tande. Se pou sa, se pa ti joure fanm sa a joure m. Men m pa okipe I. Mwen fe chemen m.1 Kretyen: «Eske ou jwenn 16t traka apre sa?» Fidel: «Lb m te rive nan pye m6n Difikilte, mwen te rankontre yon granmoun yo rele Adan ki te rete nan vil Anvi Viv. Li te pwom£t mwen pou 1 ban m eritaj li si m te vie vin viv ak li. Mwen mande 1 ki kote 1 rete, ki moun ki sbvi ak li. Li di m li se moun ki manje byen. Li gen twa (3) bb\ pitit fi ki ap viv ak li. Se yo menm ki kenbe kay la. Se twa (3) bel nbgbs ki pa mande pase viv. Lb m tande sa, mwen te anvi ale wb. Men apre sa mwen reflechi, epi m di non. Le 1 we se tout bon mwen pa vie swiv li, se pa ti move 1 move. Li di m si m pa vie, I ap voye yon moun vin chache m kont sou wout la. Lb m vire do m pou m ale, li pran m nan kol£t pou 1 rale m sou li. Men m degaje m soti nan men I, epi m pran pye m6n Difikilte. Kou m rive nan mwatye wout la, mwen vire, epi m 52 we yon nonm ap vini byen prese dbyb m lan. Li rankontre m lb m ftk ap rive anba ti lonbraj la. Rive 1 rive, li bondi sou mwen ak yon gwo fwet kach. Li flank mwen yon sel kou, mwen tonbe san konesans. Lb m revni, mwen di 1 poukisa 1 ft sa. Li reponn: «Paske m wb ou te anvi retounen ale jwenn Adan.» Epi pandan 1 ap di sa a, li flank mwen yon lot kout fwet kach. I i m w i se tout bon, mwen rele: «Mwen mande ou padon. Pa touye m non!» Si se pa t yon I6t nonm ki te vin di 1 sispann, mwen kwe 1 ta touye m.» Kretyen: «Ki moun sa a ki te mande 1 pou 1 ft pa ou la?» Fid£l: «Mwen pa t rekon£t li touswit non. Men le 1 pase devan m mwen wb mak klou yo nan men 1. Se te Jezikri an p£sonn.» Kretyen: «Nonm lan ki te vin sou ou ak fwet kach la, se Moyiz wi. Li pa gen pitye pou moun ki pa obseve lwa yo. Bon, ou pa jwenn pyes moun nan Vale Imilyasyon?» FidM: «Men wi, mwen rankontre yon nonm yo rele Pa Kontan ki t ap seye ft m retounen ak li. Li te di m sa pa rap6te m anyen mache nan Vale Imilyasyon. Le sa a, mwen reponn li: «Moun ki konnen yo pa anyen va gen onb; men sa ki mete konfyans yo sou fbs pa yo, se nan peche pou yo tonbe.» Se pou sa m pito koute pawol saj yo pase m chache onb pou tet mwen.» Kretyen: «Bon, ou pa t rankontre lot moun nan vale a?» Fid£l: «Wi, mwen te rankontre Chelbe. Se pa ti 53 grandize neg sa grandiz£. Li di konsa se moun enfery£ ki swiv levanjil. Moun debyen pa okipe vye bagay konsa. Li pa wb tet li ap mande padon.» Kretyen: «Bon, kisa ou reponn li?» Fidel: «L£ 1 fek konmanse pale, mwen pa t konnen kisa pou m te reponn li non. Se pandan 1 ap pale m sonje levanjil di: «Sa ki leve devan 16m, se fatra 1 ye nan je Bondye.» Se sa ki fe m di I konsa: «Moun ki fou paske yo renmen Bondye, se yo menm ki saj. 2 Lb m kite Jezi pou swiv lasosyete, mwen p ap kapab gade 1 nan je le 1 retounen.» Menm lb a tou, mwen vire do m epi m kontinye chemen m.» Men pandan m nan rbv la, mwen wb Fid& ap plede gade yon nonm yo rele Paladb ki t ap mache vin sou li. Le 1 rive, FidM di 1 konsa: «Monch£ ou genfe ap fb menm wout ak nou.» Palad6 reponn li: «Men wi, m ap ale nan vil ki nan Syel la» Fidel menm di: «Se pou nou mache ansanm, konsa n a kapab fe ti koze.» 54 CHAPIT 12 Kretyen bay Fidel yon konsey L e Fidel fe yon bon bout wout ap koze ak Palado, li vire epi 1 di Kretyen: «Ala gason janti se neg sa a.» Men Kretyen reponn li konsa: «Piga ou koute sa nonm sa a ap plede di ou la a non. Se moun mwen konnen byen. Li s6ti menm kote av£k mwen. Yo rele 1 Palado. Se pitit yon nonm yo rele Pale Anpil ki rete 55 nan yon ri yo rele Charabya. Se yon nonm ki pale sou tout koze, men 1 pa renmen Bondye.» Fidel: «Si se kalite nonm sa a li ye, se pou nou chache yon jan pou n debarase nou ak li.» Kretyen: «Kite m ba ou yon kons&y. Louvri yon koze sou bagay serye, epi mande 1 kareman si 1 kw£ nan levanjil. Ou gen pou wb se li ki chache ale fe wout li.» Le sa a, FidM mache sou Palad6 epi 1 di 1: «Kijan ou ye, zanmi m?» Palado: «Tre byen. Mwen te konprann nou t ap gen kek bbl diskisyon sou k£k bon sije.» Fidel: «Si sa enterese ou, annou pale sou padon Bondye, jan nou sove pa gras Jezikri.» Palado: «Sa se yon bbl sije. Premye bagay lagras fe pou nou, li denonse peche nou yo.» Fidel: «Mwen menm, mwen kw£ gras la fe nou vin rayi peche.» Palado: «Poukisa? Ki diferans ou fe ant denonse peche ak rayi peche?» Fidel: «Gen yon gwo diferans. Gen anpil moun ki rete sou che ap plede pale kont peche men nan kb yo, yo renmen 1. Se pa nan paw6l s£lman pou nou preche levanjil men se nan aksyon tou.» ! Le Palado tande sa, li chanje koufe epi 1 di konsa: «Poukisa ou poze k&syon sa a?» Fidel: «Paske m wb ou anvi koze. Men genfe ou melanje tout bagay ansanm: relijyon, bwason, fanm, sigaret, bal, tout fe yon ski pou ou.» Palado: «Si se jan sa a ou pale, mwen wb ou se yon 56 moun malad. Pito nou pa kontinye pale paske nou p ap janm dak6. Mwen kwb 1 pi bon pou nou separe, monch&. Bon vwayaj.» Lb Kretyen rete pou kont li ak Fidel, li di 1 konsa: «Sa m te di ou? Ou pa wb 1 pito ale fe wout li pase pou 1 ta refbme vi 1. Bondye ft 1 pa menm tann nou retire k6 nou sou li. Se wont pou 1 ta ft levanjil wont. Se sa ki ft ap6t Pol di pou nou retire nou sou moun sa yo.»2 Fid&l: «Mwen kontan m te ft koze sa a ak li. Mwen di 1 tout bagay kareman. Si 1 refize, mwen pa reskonsab sa ka rive l.» Kretyen: «Ou ft byen pale 1 konsa. Se pou tout moun te ft menm jan ou ft. Sa ta ft levanjil la ta vin kle pou moun.» Pandan tout tan y ap mache konsa y ap koze, yo pa santi fatig vwayaj la malgre yo t ap travese yon gwo savann ch£ch. Lb yo te pr&ske fin travese savann lan, yo vire tet yo epi yo tou sezi wb yon moun yo te konnen byen. Kretyen: «Apa Levanjil sa!» Levanjil: «Bondyeak nou, zanmiyo. Kijan nou ye pou dat nou pa rankontre?» Tub sa a, Kretyen ak Fid£l rakonte 1 tou sa ki te rive yo pandan wout la. Levanjil: «Se pa ti kontan m kontan pou m tande jan nou resi bat ak move bagay yo. Se pou nou kenbe ftm pou jouk tan sa fini. Sila a ki gen pouvwa sou tout bagay ap mache ak nou.» Kretyen: «Monch£, nou remksye ou pou tout pawol sa yo. Men k6m ou gen anpil konesans nan pawol la, 57 pale nou sou bagay ki gen pou rive, pou nou sa konnen sa pou nou fe.» Levanjil: «Nou tout ki pran chemen sa a nou konnen ki kalite traka pou n pase anvan nou rive nan Syel la. Men kom nou deja fin rive jouk la a, se pou nou pran kouraj pou nou kapab bay bon temwanyaj. Se pou nou rete fidM pou jouk nou mouri. Konsa Bondye va ban nou kouw6n lan li rez£ve pou moun yo ki ranpote laviktwa.»3 58 CHAPIT 13 Kretyen ak Fidel rive nan Mache Fe Moun We Mache Ft Moun a, se pa yon mache ki fek paret non. Depi lontan Dyab yo te rann kont le yon moun ap fe wout pou Sykl la, fek li toujou travese mache sa a. Se pou sa yo vin moute yon kalite boutik kote ki gen 59 tout bagay pou vann, gen yon kalite bbl fanm ki pa janm fe bak devan grinbak. Kou mesye yo rive b6 mache a, tout moun konmanse ap pase yo nan betiz. K6m yo pa t abiye tankou tout moun, yo te fasil rekon£t yo. Epi tou, yo pa t gen menm pawoli ak moun yo ki te nan mache a. Se sa ki fe y ap plede rele yo moun fou. Le yo wb jan y ap ofri yo tout kalite machandiz, yo bouche zor£y yo pou yo pa tande epi yo di konsa: «Bondye, pa kite je nou wb bagay nou pa dwe wb non.» J Gen yon neg ki vin ofri yo yon kantite vye bagay pou yo achte. Le yo wb sa, yo di 1: «Se laverite s&lman nou achte.»2 Di yo di sa, gen yon sbl bouyay ki pete nan lari a. Tout moun konmanse joure yo, ap plede ba yo kou. Menm \b a tou, lapolis vin rive. Yo pa ft ni de ni twa, pase yo tou arete Kretyen ak Fid£l. Yo mennen yo nan prizon. Le yo mande yo kote yo sdti, yo reponn: «Se vwayaje nou ye. Bagay sou tb a pa enterese nou. N ap ft wout pou ale nan Syel la. Se la ki peyi nou.* 3 Le moun yo ki t ap poze k£syon tande sa, yo te konprann se moun fou yo ye. Se sa ki ft yo bat yo byen bat. Apre sa, yo ftmen Kretyen ak FidM nan yon kaj an ft epi yo mete yo sou plas la pou tout moun vin gade yo. Konsa tout moun ki pase plede ap ft grimas ba yo. Sa te ft tout moun ap ri yo. Men yo menm, yo pa di anyen, pase yo rete chita tou dousman. Kom yo te chita ap priye, mande Bondye 60 padon pou moun yo, gen kek moun ki vin gen pitye pou yo epi ki vie defann yo.4 Menm le a sa vini mete yon kont nan mitan moun yo, epi se konsa youn konmanse ap goumen ak lot. Chef yo menm deklare se Kretyen ak Fidel ki mete kont sa a. Yo tou voye yo devan yon jij. Se konsa yo mare bra mesye yo pou yo kondi yo. Men k6m tout moun we yo pa di anyen, sa fe gen plis moun ki pran pou yo. Men moun yo menm ki te akize yo a, le yo we sa, yo fin anraje nbt. Se pou sa yo di se touye pou yo touye Kretyen ak Fid£l. Lb koze a rive nan eta sa a, premye jij la fe papye yo epi 1 voye yo devan yon pi gwo tribinal. Nan papye a, li di konsa: «Mesye sa yo se vakabon ki vin pou mete dezod. Yo deja mete divizyon nan mitan pep la. Gen yon pak£t moun ki ap pran pati pou yo. Nou pa kapab kite yo ap meprize lwa chef la ki ap gouvenen peyi a.» L& Fid£l tande sa, li leve epi 1 di konsa: «Nou pa fe anyen ki mal, men nou pa vie aji kont lwa Bondye ki chef tout moun sou tb a. Nou pa kont pyes moun, men nou refize fb bagay ki pou fe Satan plezi.» Lb gran jij la tande sa, li mande si pa gen kek moun ki ta vie depoze kont yo. Menm le a, gen twa (3) zom ki pwoche. Yo te rele yo Anvi, Divinb, ak Grandize. Lb yo rive yo di mesye yo se revolisyone ki vin pou ranv£se gouvenman. Yo kont tou sa ki fet nan mache a. Lb Fid£l tande sa, li mande lapawol anko epi 1 di: «Sa nou di la a, pa laverite. Nou pa vin pou ranvese 61 pyes moun. Men k6m se volonte Bondye n ap ft, nou oblije pran pozisyon kont tou sa ki pa dak6 ak Paw6l Bondye.» Le jij la fin tande defans mesye yo, li mande jiri a pou 1 delibere pou 1 konnen kisa pou yo ft mesye yo. Nan manm jiri yo te gen Je Pete, Malveyan, Bay Manti, Renmen Kont, Pale Anpil, Ansasen, ChUbi. Kbm tout moun sa yo pa t dak6 ak prensip levanjil, kou yo mete tet yo ansanm yo tout deklare Kretyen ak Fidel koupab. Menm \b a, gran jij la di se pou yo pran mesye yo pou yo ale touye yo dapre lwa peyi a. Se konsa nan r&v la mwen v/k yo pran Kretyen ak Fidel. Yo retire rad sou yo. Yo bat yo byen bat ak yon rigwaz. Yo souflete yo. Yo gawote yo ak kout kouto epi yo pbst yo ak yon nepe. Apre sa, yo sanble yon pak&t bwa ch£ch, epi yo limen yon gwo dife epi yo boule Fid&l. Se konsa malere a mouri. Menm lb a, mwen we nan vbv la Fid£l ale tou dwat nan Syel la. Men Kretyen menm, malfektfe yo ft yon lot wout ak li. 62 CHAPIT 14 Kretyen rankontre ak Esperans Y o pran Kretyen, yo mete 1 nan prizon epi 1 rete la yon bann tan. Men k6m se Bondye ki dirije tout bagay, apre yon ti tan li fe 1 s6ti ale fe wout li. Li pa t rete pou kont li lontan, paske te gen yon nonm yo rele Esperans ki te vin jwenn li. Nonm sa a tout moun te bay bon mo pou li. 63 Yo toulede derape ansanm pou ale nan vil la ki nan Syel la. Esperans di Kretyen gen anpil moun nan Mache Fe Moun We ki p ap tade pou yo pran chemen sa a tou. Yon ti moman apre yo fin kite mache a, mesye yo rankontre yon nonm sou wout la. Yo mande 1 ki b6 1 prale, ki kote 1 s6ti. Li pa di yo kijan 1 rele, men 1 di yo konsa: «Mwen soti nan vil Pale Franse. Nou pa sbvi menm jan ak tout moun non. Nan prensip pa nou, nou many£ ftmen je nou sou anpil bagay. Sa ki konte pou nou, se ft sa relijyon nou di nou ft.» Le Kretyen tande sa li di 1 konsa: «Se pa ou menm yo rele DjdlDoush> Neg la reponn li: «Se pa non m sa. Se ti non jwbt yo ban mwen. Men si nou vie m ft wout ak nou, n a we m se yon bon moun.» Kretyen: «Si ou vie ft wout ak nou, se pou ou ft tout efb ou, pou ou swiv relijyon nou ni lb li ft yo trennen nou nan labou ni lb li ft yo renmen nou.» Le Djol Dous tande sa, li refize kondisyon yo. Li kite mesye yo kontinye pou kont yo. Kite 1 kite yo, konsa twa (3) grann&g vin jwenn li. Youn te rele Nig Debyeriy lot la te rele Bay Ponya, e twazy&m nan te rele Kaba Tout. Le yo rankontre youn flate I6t ak paw6l dous. Yo tout telekbl ansanm kay mbt Anvi Tout. Mbt sa a te montre tout jan yon nonm rive nan lavi a: paw6l dous, mete men, ft manti, flate moun. Li te menm di yo si yon moun vie rive, swiv relijyon tou. Le sa a, Djol Dous konmanse pale yo sou mesye yo 64 1 fek rankontre sou chemen an. Li di yo konsa: «Ti mesye sa yo se yon pak£t moun s6t. Yo pa konn pwofite le yo jwenn avantaj. Tout tan se yon koze Bondye ki pa janm fini. Mwen menm, mwen kwe fbk yon moun pran prekosyon 1 pou 1 prez&ve lavi 1 ak byen 1. Mwen vie swiv larelijyon wi. Men fbk ou pran prekosyon ou.» L£ mesye yo tande sa, yo demele yo mache vit epi lamenm yo rankontre Kretyen ak Esperans. Rive yo rive, yo di konsa: «Si yon nonm ta gen chans pou 1 gen tout bagay ki sou tb a, e yo di 1 se pou 1 fe tankou si 1 se yon bon moun, nou pa kwb se tou natirel pou 1 pran p6z bon moun?» Kretyen reponn li: «Menm yon ti bebe kapab reponn k£syon sa. Yon moun pa gen dwa vin swiv Jezi pou lajan, alew£ pou 1 ta sevi non Jezi pou penmet li jwi plezi ki gen nan lemonn.» Lb kat (4) konp& yo tande koze sa a yo sezi. Youn gade I6t san pale. K6m yo pa konnen sa pou yo di, yo kite ti mesye yo al fb chemen yo. L£ sa a, Kretyen di zanmi 1 la konsa: «Si mesye sa yo pa kapab kenbe pozisyon devan nou menm, kijan pou yo fb kenbe devan Bondye?» Apre yon ti moman, Kretyen ak Esperans kite zanmi yo dbyb nbt epi yo rive devan yon mon yo rele Bel Bagay, paske la te gen anpil lajan. Sou bo wout la, yo rankontre yon nonm yo rele Demos ki rele yo: « 0 , la, vin isit. Mwen gen yon bon bagay pou m fe nou we.))1 Men k6m Kretyen ak Esperans pa t vie kite tantasyon pran yo, yo kontinye wout la. Men lb kat (4) zanmi yo tande sa, yo kouri ale we 65 epi se konsa yo pa janm retounen sou wout la. Pandan m nan rev la, mwen wb Kretyen ak Esperans yon kote ki te gen yon estati. Li te la lontan, epi li te gen yon fbm tou dwol. Li te tankou si 1 te vie sanble ak yon fanm. Nan pye 1, te gen yon bagay ekri. Kretyen bese epi 1 li: «Sonje sa ki te rive Madanm L6t.» Se le a yo konprann se devan estati Madanm L6t la yo te ye. Nou sonje sa ki te rive madanm sa a. Pandan li t ap kouri kite vil Sod6m, li te vire gade dbyb epi 1 te tounen yon boul ski.2 Le mesye yo we sa, yo kontinye wout yo epi yo rive sou bo yon bel larivye. Kom wout la te lonje rivyk a, sa te fe mesye yo plezi anpil pou mache nan bon ti wout sa a. Yo pran kont plezi yo. Te gen tout kalite bon fwi ki te pouse sou b6 dlo a. Yo kouche sou zbb la, yo domi, yo bwe dlo a. Se pa ti kontan yo kontan.3 Men le wout la konmanse kite b6 larivyk a sa chanje. Vin gen yon kalite gwo w6ch ki anpeche yo mache byen. Le pye yo konmanse fe yo mal, yo di si yo ta jwenn yon ti santye sou kote sa ta soulaje pye yo. Pandan y ap panse sou sa, konsa yo rive yon kote ki gen yon bel savann zeb tou vbt. K6m te gen yon ti wout ki te pase nan z£b la sou b6 chemen an, yo tou jete ko yo nan ti wout la. Ti zeb yo te dous anba pye yo. Sa te fb kb yo kontan. Pandan y ap mache, konsa yo rankontre yon nonm yo rele Asire Pa Shen ki fe yo konprann ti wout sa a gen pou 1 mennen yo difek dir£k nan Sybl la. Se sa ki fe yo swiv li pou jouk soley kouche. Lb sa a, gen yon pak&t nyaj nwa ki kouvri tan an nbt. K6m te fenwa, Asire Pa 66 S£ten fe yon shl bitay. Li woule ale tonbe nan yon gwo falez epi 1 kase kou L L£ mesye yo wb sa, yo rele n&g la men 1 pa di anyen pase se ti d&nye rbl li yo tande. Menm le a tou, lapli konmanse tonbe. Yon kalite gwo z&kfe ap plede fet. Dlo konmanse moute sou chemen an. Malgre tout chache yo chache, yo pa kapab rejwenn wout la yo te kite. Se konsa yo vin konprann li pi fasil pou kite bon wout la pase pou rejwenn li. Lb yo bouke chache, yo jwenn yon ti kote anba yon w6ch. Yo tou antre la pou yo tann jou fet. Men kom yo te bouke, chita yo chita d6mi pran yo. Yo pa t konnen sa, men kote yo te chita a, te toupre ak chato yon gwo nonm yo rele Dezespwa. Pandan nonm lan ap fe ti pwonmennen 1 granmaten, li bare Kretyen ak Esperans ap d6mi anba w6ch la. Le 1 we yo, li vanse pou 1 rekon£t ki moun yo ye, men 1 fe sitan bri mesye yo leve tou sezi. 67 CHAPIT 15 Vwayaj e yo pedi wout la L e nonm lan mande yo kisa yo te vin sou tb 1, yo reponn li se vwayaj £ yo ye, yo p&di wout yo. Lb sa a, nonm lan pa fe ni de ni twa pase 1 tou arete yo mennen lakay li paske 1 di yo pa t gen dwa pase sou tb 1. Rive 1 rive, li femen yo nan yon kacho ki santi, epi 1 kite yo la pandan twa jou twa nwit san manje san dlo. 68 Le mesye yo wb pa gen jan pou yo s6ti nan kacho a, yo konmanse dekouraje. Lb Dezespwa ale kouche nan kabann li, li rakonte madanm li koze a. Madanm lan menm ki te rele Move Je di 1 konsa se pou 1 bat yo pou jouk yo mouri. Se konsa nan denmen maten, Dezespwa ale nan kacho a, li woze mesye yo korkkteman. Li telman bat mesye yo, yo pa fouti mache. Men yo asepte kal la san yo pa louvri bouch yo. Lb aswb vin rive ank6, li tande mesye yo ap viv toujou. Move Je di 1 konsa se pou 1 bay mesye yo lod touye tbt yo. Lb sa a, Dezespwa ale, li di mesye yo konsa: «Nou pa bezwen mete nan lide nou yon jou n a soti nan kacho sa a non. Pi bon bagay nou ta fe se pou n touye tbt nou. Se konsa n a delivre.»! Lb Kretyen ak Esperans tande sa, youn ede lot pran kouraj, epi se konsa yo pase yon lot jounen anko. Move Je menm di mari 1 konsa: «Kite yo soti nan lakou a non. Lb y a wb kantite zosman moun ki te la anvan yo, se p ap menm bagay.» Se konsa yo kite mesye yo ale nan lakou a. Men malgre tout kantite zo tbt mo ak zo janm yo we, sa pa t fe yo touye tbt yo pou sa. Lb Dezespwa we sa, li retounen yo nan kacho a, epi 1 mande madanm li sa pou 1 fe. Madanm lan di 1 konsa: «Genle yo gen fo kle sou yo. Se sa ki fe yo espere sove.» Le nonm lan tande sa, li reponn: «Denmen m a va wb sa.» Pandan mesye yo chita nan fenwa a ap plede plenyen, konsa lide Kretyen vin frape sou yon kle 69 paspatou yo rele Pwom&s la. Menm lb a, li di Esperans konsa: «Pa pito nou seye louvri pot kay Dezespwa a ak kle Pwomes sa a?» Esperans reponn li: «Seye 1 non, ou pa janm konnen.» Kou Kretyen mete kle a nan seri p6t la, li tou sezi we 1 louvri tou dous. Menm lb a, toude mesye yo mete dey6. Men rive yo rive devan bary£ a, kan yo pouse 1, gen yon sel bri ki fet lamenm Dezespwa reveye. Lb nonm lan seye leve sou kabann li pou 1 kouri deye mesye yo, li gen yon sbl maladi ki pran 1. Li rete konsa epi toude pye 1 vin rbd, li pa kapab mache. Se konsa Kretyen ak Esperans sove anba men Dezespwa. L£ mesye yo rive sou bon wout la, yo santi fbk yo fb yon bagay pou I6t moun pa p&di nan wout sa a. Se pou sa yo pran yon gwo w6ch epi yo make sou li: «Piga nou pase nan wout sa a. Se la nonm lan yo rele Dezespwa a gen kay li. Si nou tonbe nan men 1, mal£ va rive nou.» 2 70 CHAPIT16 Vwayaje yo rive nan yon bel jaden D e (2) mesye yo kontinye wout yo. Rive yon kote, yo wb yon bbl jaden ki gen anpil fwi. Yo di se jaden yon nonm yo rele Bon Gason. Yo fe yo antre nan jaden an epi yo di yo mbt goute bon fwi ki ladan yo. Sou tbt mdn lan ki te bo pwopriyete a, te gen kek n£g ki t ap gade bbt. Se yo kat (4) ki te la. Yo rele yo 71 Konnen Ki Fe, Tande Ak Wi>Je Klere, epi Pa BayManti. Le yo mande esplikasyon, mesye yo di konsa: «Tout la a se lakay nou nou ye. Sa nou vie, nou mbt fb. Si nou vie nou mbt rete fb kbk jou. Mbt la va byen kontan.» Apre Kretyen ak Esperans fin pase yon bon nwit, nan denmen maten, kat (4) mesye yo vin chache yo pou fb yo vizite pwopriyet£ a. Lb yo fin w£ tout bbl bagay ki gen pou wb, yo rive sou yon m6n yo rele Mali Pandye. Pandan ou kanpe sou m6n lan, ou kapab wb zosman moun ki pkdi vi yo nan fal&z sa a. Le Kretyen we sa, li di: «Bon, poukisa yo montre nou twou sa a?» Je Klere reponn li: «Se kadav moun yo ki kite chemen verite epi ki vin p£di pye nan fal&z sa a.» Apre sa, yo mennen yo sou yon m6n yo rele Bon Konsey. Rive la yo rankontre ak yon pak£t p6v k ap mache nan mitan yon pak£t tonm. Lb Kretyen wb sa, li di: «Sa sa vie di?» Tande Ak We reponn li: «Lb ou t ap vin sou wout la, ou pa t we yon ti santye sou b6 wout la? Ti santye sa a se lakay Dezespwa li mennen. Gen anpil moun ki pito pase nan ti santye sa a, paske yo di wout la tw6 red. Se konsa lb yo rive lakay Dezespwa, li kreve je yo epi 1 mennen yo vin rete isit la nan mitan tonm yo.»* Le Kretyen ak Esperans tande koze sa a, youn vire gade lot epi lamenm dlo vin nan je yo. Men yo rete san pale. Pandan m nan rev la mwen wb kat (4) mesye yo mennen Kretyen ak Esperans devan yon p6t ki bay sou yon falez. Yo louvri p6t la epi yo di vwayaj^ yo: «Vin 72 gade non.» L£ yo gade, yo wb yon twou tou nwa ki gen lafimen ap s6ti ladann epi yon bri tankou bri dife nan twou a. Te gen yon move sant ap s6ti nan twou a epi ou tande vwa yon pakkt moun ap rele. Kretyen mande: «Kisa sa a ye?» Konnen Ki Fb reponn li: «P6t sa a rele Pbtlpokrit. Se chemen dekoupe pou ale nan lanfe.» Apre sa, vwayajfe yo mande al fb wout yo. Toulekat mesye yo kondi yo mete sou yon mdn yo rele LadekouvH. Lb yo rive la, mesye yo montre yo p6t Vil Sybl la ak yon gwo lonnvi yo te genyen. Men lb vwayajk yo seye gade, yo t&lman sezi we jan p6t la bbl men yo pran tranble. Yo manke jete linet la. Men lb lb a rive pou yo derape, Pa Bay Manti renmet yon kat ki gen plan wout pou yo swiv la. Li di yo konsa pou yo pa kite moun pran tbt yo. Epi apre sa, li ba yo benediksyon Bondye. Pandan m nan rbv la, mwen wb Kretyen ak Esperans derape pou desann mon lan. Anba mon lan, gen yon savann yo rele Th Chaje. Se la yon ti santye vin rankontre ak gran wout la. Kou mesye yo rive nan pozisyon sa a, konsa yo rankontre yon ti nonm yo rele N£g Sbt. Li te pote non 1 paske 1 pa t konnen anyen nan pawdl verite a. Men sa pa t anpeche 1 ap plede fe chklb£. Li te kwb 1 te konnen tout bagay. K6m yo te konmanse ap fb wout ansanm, Kretyen ak Esperans te konmanse ap esplike 1 verite a. 73 CHAPIT 17 Vwayaje yo bare ak yon bann ansasen Apre yon bon ti bout wout, de (2) vwayaje yo rive yon kote ki fenwa. Yo we yon nonm set (7) denmon mare ak set (7) kod epi y ap trennen 1 pou jete 1 nan p6t la ki louvri sou falez ki gen dife a. Neg sa a te rele San 74 Manman. Li te s6ti nan yon vil yo rele Woule De Bb) Lb yo w& sa, toulede konmanse tranble. Lb Kretyen wb sa, li rakonte Esperans yon istwa ki te rive yon n£g rele San Fwa twa (3) bandi te atake. Yo te rele bandi yo Malveyan, Move Je, ak Kapon. Bondye ft bagay la te rive b6 yon vil yo rele Gras Mizerikbd. Se sa ki ft gen yon moun ki rete nan vil la yo rele Bon Fason ki gentan pote 1 sekou. Yo toude kontinye ft chemen yo ak Nftg S6t ap mache dbyb yo. Rive nan yon kafou, mesye yo pa konnen ki wout pou yo ft. Kom yo te yon ti jan ap ezite, konsa yon nonm yon ti jan fonse vin jwenn yo epi 1 mande yo sa yo genyen. Lb yo esplike 1 yo pa konnen ki wout pou yo ft, li di yo konsa: «Swiv mwen non. Se menm kote mwen prale ak nou.» Yo koute sa 1 di yo a, yo swiv li vre. Men kou yo derape, yo rann yo kont wout la gen anpil detou, yo vire do bay Sybl la. 75 CHAPIT 18 Vwayaje yo kite yo pran yo nan fil Yo pa menm gentan fin rann yo kont kote yo ye, pase yo rete konsa epi yo we yo vlope nan yon senn. Lb sa a, nonm lan retire manto ki te sou li a. Se lb sa a mesye yo we se nan pelen yo pran yo. Malgre tou sa yo ft, yo pa kapab s6ti nan senn. Yo blije rete ap plede rele anmwe. 76 Le Kretyen wb sa, li di konsa: «Kat (4) mesye yo nou te jwenn nan pale a, te di nou pou pran prekosyon nou ak flate. Men kounyeya, nou wb verite a. Moun k ap flate I6t, se pelen y ap tann pou yo.»* Pandan yo rete ap tann, konsa yo we yon nonm ki gen yon bel rad klere sou li ak yon gwo fwet nan men 1. Rive 1 rive, li dechire senn lan epi 1 libere yo. Le 1 fini, li di konsa: «Nonm lan nou te swiv la, se Satan ki te vin sou nou nan poz bon moun li.»2 Nonm lan ki te delivre yo a, fe yo mete ajenou, li ba yo yon bbl rakle, epi 1 di yo konsa: «Sa va montre nou pou n pa kite moun pran tet nou. Swiv mwen, m a mete nou sou bon chemen an.» Kou yo rekonmanse mache, konsa yo we yon nonm ap mache vin jwenn yo. Nonm sa a te rele Nanpwen Bondye. Rive 1 rive sou yo, li mande yo ki bo yo prale. Yo menm, yo reponn li konsa: «N ap vwayaje pou al nan Sybl la.» Lb Nanpwen Bondye tande sa, li pete yon sel griyen dan epi 1 di yo konsa: «Kisa n ap di la a, kote konsa pa egziste non.» Kretyen reponn li: «Men wi, sa gen pou 1 vini apre vi sa a.» Nanpwen Bondye di 1: «Se pa ti chache m chache kote sa a, men kdm mwen pa kapab jwenn li, m ap retounen ale pran sa m te kite nan espwa jwenn Syel la.» Men k6m yo te deja konnen se bagay nan vi sa a ki te anpeche yo jwenn chemen Syel la, Kretyen ak Esperans pa okipe 1 pase yo kontinye wout yo. 77 Apre sa, yo vin rive yon kote yo rele Bon Jan Van. Kom yo te yon ti jan bouke, Esperans chita sou b6 wout la pou 1 fb yon ti d6mi. Men Kretyen fb 1 sonje mesye yo nan chato a te di yo piga d6mi sou wout. Se sa ki fe pou yo pa d6mi, yo konmanse ap koze sou sa Bondye fe pou yo pandan vi yo. 3 78 CHAPIT 19 Vwayaje yo rankontre anko ak NegSbt Oepi N£g Sbt te rankontre yo a, li pa t janm kite yo ank6. Se pou sa, tout tan y ap mache, y ap koze ak li. Kretyen: «Poukisa ou rete deye konsa? Vini jwenn 79 nou non.» N£g S6t: «Mwen pito mache pou kont mwen.» Kretyen: «Bon, nan ki kondisyon ou ye ak koze Bondye?» N&g S6t: «Mwen gen bon santiman, mwen pa janm fe moun mal epi m ft tou sa Bondye di pou ft.» Kretyen: «Men sa paw6l la di ou: «Nanpwenyoun ladan yo k ap ft sa ki byen. Non, pa menm yon $b\.» l Yo rele ou Nbg S6t, genft ou pote non ou, paske mwen we ou pa konnen anyen sou jistis Jezikri ak delivrans nou nan lafwa.» N£g Sbt: «Ou p ap janm rive ft m kwb m se yon move moun. Se pa menm jan ak ou m kwb. Men jan m kwe a bon tou.» Kretyen: «Pa gen moun ki kapab konnen Jezikri si Bondye pa ba 1 revelasyon.2 Louvri je ou sou eta peche ou epi kouri vin jwenn Jezikri non. Jistis li kapab re- tire ou anba kondannasyon.» Neg S6t: «Si ou kontinye konsa, ou ka fou wi. Mwen p ap swiv ou. Si ou vie pran devan, kite m rete deye toujou.» Le vwayaje yo s6ti kote yo rele Bon Jan Van an, yo rive nan kote Vil Syel la ye a. Se yon kote ki pa t gen bri. Se ti zwazo selman ki t ap chante. Kote ou voye je ou, se fft ou wb. Sol£y la te klere nwit kou jou. Se ft sa a, yo konprann yo te pr&ske rive nan Sybl la. Te gen yon kalite moun ki te gen bbl rad klere sou yo. Pa t gen anyen ki te manke yo. Tou sa yo te bezwen, yo te jwenn li an kantite. Lb yo konmanse pwoche kote vil la, yo wb tout kay 80 yo te fet av£k de bel w6ch, yo gen anpil vale. Res yo menm te tout an 16. Gen yon kalite vwa ki ap soti nan vil la epi k ap di: «Men 1 pral paret nan pwisans, pou 1 bay moun li yo rekonpans.» Tout tan y ap pwoche, y ap travese yon kalite bel jaden legim ak rezen. Kretyen mande yon nonm ki t ap siveye pou ki moun jaden sa yo ye. Li reponn: «Se pou Wa a yo ye. Li plante 1 pou 1 sa jwenn epi pou 1 sa bay vwayaje yo.» Nonm lan ki t ap veye jaden yo mennen yo nan mitan jaden an epi 1 ba yo manje tout kalite fwi ki te genyen. Apre sa, li montre yo kote Wa a renmen vin pwonmennen. Li di yo konsa yo met rete pou pran yon ti p6z. Pandan m nan rbv la, mwen we kou yo leve, yo kontinye mache. Men refle soley la te bay sou vil la te anpeche yo mache paske yo pa t kapab louvri je yo.3 Pandan y ap demele yo mache, konsa yo rankontre de (2) moun. Rad sou yo te tout an 16. Figi yo menm te klere tankou soley la. Le yo we vwayaje yo, yo di yo: «Eske se nan Vil Syel la nou vie ale? Gen de move pa ki rete nou pou nou rive.» Se konsa yo mennen vwayaje yo jouk yon kote ki mete yo anfas pot Syel la. Men pou yo te rive nan pot la, te gen yon gwo larivye pou travese. Pa t gen ni pon ni bak, epi dlo a te fon.4 Le Kretyen ak Esperans we sa, yo sezi epi yo konmanse tranble. De mesye yo menm ki te mennen yo vin devan rivye a di yo konsa: «Pa gen lot kote pou 81 nou pase. Si se pa sa, nou p ap kapab antre nan p6t la.» Lb vwayaj£ yo tande sa, yo toude, yo pa fb ni de ni twa pase yo tou antre nan dlo a. Men tout tan y ap antre, dlo a vin pi fon. Lb Kretyen we se tout bon 1 ap p£di pye, li di konsa: «Men m ap koule wi. Dlo ap kouvri tbt mwen wi.» Esperans reponn li: «Pran kouraj non monchfc, pye m jwenn fon.» Men Kretyen di 1: «Se pa fot mwen, men m genl£ m ap mouri san m pa rive nan peyi sa a kote Ibt ak siwo myel koule tankou dlo a.» Fini 1 fin di sa, li santi 1 t£lman pb li pa di anyen ank6. Nan mizfe sa a, Kretyen bliye tout benediksyon yo te ba li pandan wout la. Nan lespri pa 1 li te wb tout bagay fini. Se pa ti traka Esperans pase pou 1 rive kenbe tbt zanmi 1 nan deyo dlo a. Se yon sbl bagay ki te ba 1 yon ti espwa, se lb zanmi an di 1: «Jezikri ap sove nou.»5 Bondye fb le sa a, yo vin santi fon dlo pi fern anba pye yo. Lb yo leve tbt yo, te gen de (2) moun ki te kanpe sou b6 dlo a ap tann yo. Rad sou yo te klere tankou sol£y. Yo lonje men bay vwayajfe yo epi yo di konsa: «Met la voye nou vin ede nou s6ti nan dlo a.» 82 CHAPIT 20 Kretyen ak Esperans rive nan Syel Pandan m nan rbv la, mwen we vil ki nan Syel la. Se sou yon tbt m6n li te ye. Kretyen ak Esperans te moute m6n lan san traka, paske mesye yo ki te vin rankontre yo sou bb dlo a te ede yo moute. Pandan y ap pwoche bo pot la, konsa yon pak£t zanj s6ti vin rankontre yo.1 Mesye yo ki t ap mache ak 83 yo a di konsa: «Men moun sa yo ki te renmen Jezikri pandan yo t ap viv sou tb a. Yo te bandonnen tout bagay pou yo te ft voionte l.» Le sa a, Wa a voye anpil moun k ap jwe mizik vin rankontre yo. Se pa ti kras bbl chan yo chante pou resevwa yo nan Sybl la. Se konsa vwayaje yo rive nan p6t Sybl la. Rive yo fin rive, mwen we twa (3) moun panche sou miray la. Rad sou yo te klere kou softy. Se moun yo ki t ap veye antre vil la. Se te Enbk> Moyizy ak Eli. Kou mesye ki t ap eskote vwayaje yo rive devan p6t la, yo di konsa: «Nou mbt louvri. Se moun pa nou yo ye. Se paske yo renmen Met la ki ft yo vini.» Le sa a, vwayajfc yo montre s£tifika yo te ba yo nan pot jis la. Menm le a, yo pote s£tifika yo montre Wa a. Le 1 fin egzaminen yo, li di konsa: «Kote moun yo ye?» Yo reponn li: «Men yo la a wi.» Le sa a, Wa a bay I6d louvri p6t la pou ft yo antre.2 Se konsa m we Kretyen ak Esperans antre nan p6t Syel la. Pandan y ap antre konsa, figi yo chanje n&t. Yo mete yon kouwon nan tbt yo epi yo renm£t yo yon enstriman mizik. Menm le a, tout kl6ch nan Sybl la konmanse sonnen, epi yon paket vwa ap plede repete: «Antre nan jwa papa nou.»3 Yo menm tou yo konmanse chante: «Lwanj, resp&, pouvwa, otorite pou Moun ki chita sou (btby la, ak pou ti Mouton an pou tout tan.»4 84 Pandan m ap vire tbt mwen, konsa m wb Nbg Sbt ap rive sou b6 gwo rlvyb a. Li travese san traka. Te gen yon nonm ki re gen yon ti boumba ki te depoze 1 Ibt bb dlo a. Nonm sa a, te rele Tit Chaje. Kou N£g Sbt debake, li swiv chemen ki mennen devan p6t la. Men p6t la pa t gen py£s moun vin rankontre 1 pou resevwa 1. Lb N&g Sbt frape nan p6t la, mesye yo ki sou miray la di 1 konsa: «Ki moun sa? Kote ou s6ti?» N£g Sbt reponn: «Mwen te konn wb Wa a wi. Lite konn preche nan bout kafou.» Lb yo tande sa, yo mande 1 kote s£tifika ou. Men tout chache 1 chache nan p6ch li, li pa jwenn anyen pou 1 bay. Lb sa a, zanj yo ale rakonte Wa a sa epi Wa menm di konsa: «Mare vakabon an, jete 1 nan folbz la.» Se konsa yo pran Nbg Sbt, yo mare 1 epi yo trennen 1 devan p6t la ki bay sou fal&z dife a. Yo louvri p6t la epi yo jete 1 nan flanm dife yo.5 Konsa m reveye, epi m tou sezi we se reve m t ap reve. 85 Referans Biblik Chapit 1 . 1 Ezayi 64:6 2 S6m38:4 3 Travay 2:37 4 Travay 16:30 5 Ebre9:27 6 2 Pye 1:19, S6m 119:105 7 Lik 14:26 8 Jenez 19:17 9 2Korcnt4:18 1 0 1 Pye 1:4 , Ebre 11:16 11 Lik 9:62 1 2 Ebre 9:17-22, Ebre 13:20 1 3 Matye7:13-l4,Likl3:24 1 4 Tit 1:2 1 3 Jan 10:28 1 6 2 Timote 4:8 , Matye 13:43 1 7 Ezayi 25:8 , Revelasyon 7:16-17 , Revelasyon 21:4 1 8 Revelasyon 5:11 1 9 Revelasyon 21:6, Revelasyon 22:17 2 0 S6m40:2 Chapit 2 1 1 Korent 7:29 2 Sa reprezante M6n Sinayi kote Bondye te bay Moyiz lalwa a. 3 Egzod 19:16-18 , Ebre 12:18 4 Ebre 12:25 5 Ebre 10:38 .Women 1:17 87 6 Matye 12:31 , Mak 3:28 7 Matye 7:13-14 ,Lik 13:24 Chapit 3 1 Matye 7:7-8 2 Matye 7:13-14 Chapit 4 1 1 Korent 15:56 , Women 7:6 2 Women 5:20 , Efezyen 5:26 , Travay 15:9 3 Lik 16:25 4 2Korent4:18 5 Travay 14:22 6 Lik 8:13 7 Ebre 6:6 , Ebre 10:28-29 8 1 Korent 15:20 , 1 Tesalonisyen 4:16 , Jid 15 , 2Tesalonisyen 1:8 , Jan 5:28-29 , Revelasyon 20:11-14 , Ezayi 26:21 9 Danyel 7:9-10 , Malachi 3:2-3 1 0 Matye 3:12, Matye 13:30, Lik 3:17 11 1 Tesalonisyen 4:16-17 1 2 Women 2:15 Chapit 5 1 Ezayi 53:5 2 Mak 2:5 3 Zakari 3:4 4 Efezyen 1:13 5 Matye 7:13-14, Lik 13:24 6 Jan 10:1 88 7 Galat2:l6 8 Pwov£b 6:6 9 Revelasyon 2:5 1 0 1 Tesalonisyen 5:6-8 Chapit 7 1 Efezyen 6:11-17 Chapit 8 1 Women 6:23 2 Women 8:37 Chapit 9 1 Jak4:7 Chapit 10 ' Egzod 14:14 Chapit 11 1 Pwoveb 22:14 , Pwoveb 5:3-20 , J6b 31:1 2 1 Korent 1:27-29 , 1 Korent 3:18 Chapit 12 ' 1 Korent 4:20 , 1 Jan 3:18 , Matye 23:3 2 1 Timote 6:11 3 Travay 14:22, Revelasyon 2:10 89 Chapit 13 90 1 S6m 119:37 2 Pwoveb 23:23 3 Ebre 11:13-16, Filipyen 3:20 4 Ezayi 53:7 , Lik 23:34 Chapit 14 1 2Timote4:10 2 Jenez 19:26 3 Revelasyon 22:1 -2 Chapit 15 1 Job 7:15 2 Jeremi 31:21 Chapit 16 ' Pwoveb 21:16 Chapit 17 1 Matye 12:45 Chapit 18 1 Pwoveb 29:5 2 2 Korent 11:14 3 1 Tesalonisyen 5:6 Chapit 19 91 1 Women 3:10-12, Women 3:23 2 Matye 11:27, 1 Korent 12:3 3 Revelasyon 21:18 4 Larivye sa a reprezante lanmo. 5 Ezayi 43:2 Chapit 20 ' Ebre 12:22-24 2 Ezayi 26:2 , Revelasyon 22:14 3 Marye 25:23 4 Revelasyon 5:13, Revelasyon 7:12 , Revelasyon 19:1 5 Revelasyon 20:15 John Bunyan 1628-1688