KU ScholarWorks | http://kuscholarworks.ku.edu Ann Bay Lodyans 1 se Bryant Freeman (“Tonton Liben”) ki pare ti liv sa a 2000 by Bryant C. Freeman, ed. This work has been made available by the University of Kansas Libraries’ Office of Scholarly Communication and Copyright. Please share your stories about how Open Access to this article benefits you. This is the published version of the book, made available with the permission of the publisher. Freeman, Bryant C., ed. Ann bay lodyans / se Bryant Freeman (“Tonton Liben”) ki pare ti liv sa a. [Lawrence, Kan.] : Institute of Haitian Studies ; [Port-au-Prince] : Bon Nouvèl : Fondasyon Alfa Lwès, 2000. Terms of Use: http://www2.ku.edu/~scholar/docs/license.shtml ANN BAY LODYANS 1 Se Bryant Freeman ("Tonton Liben") ki pare ti liv sa a. AYITI SE PEP AYISYEN 2^0 v. PM 7854 -H39 A56 Enstiti Etid Ayisyen - Inivesite Kannzas Bon Nouvel Fondasyon Alfa Lwes 2000 MONTRE M LAKAY BONDYE Vwala, te gen yon manman ak twa pitit gason. Men manman sa a te nan anpil mize ak pitit sa yo. Li preske pa t kapab jwenn manje pou I ba yo. Timoun yo menm pa t ka mete rad, yo pa t gen anyen, yo t ap boukannen dlo. Yon jou pi gran gason an di: "Manman, kite m al lakay papa Bondye, pou n soti nan mize sa a." Manman an di: "Non, pitit mwen, ou pa ka pati konsa, ou p ap janm jwenn lakay papa Bondye." Pitit la reponn: "Manman, fo m ale." Li leve, li pati. Li pran twa zaboka pou I manje nan wout la. Gason an mache, li mache, li mache, jouk li rive kote yon madanm k ap lave nan yon larivye. Se te yon vye granmoun, chech tankou taso. Msye a pa di anyen. Li vire do bay pbv fanm Ian. Li komanse manje tout zaboka li genyen. Le I fini, li bese bwe dlo pi wo kote madanm Ian t ap lave a. Li pa bay granmoun Ian santi sa 11 ap manje a. Li pa menm di bonjou menm. Li di li konsa: "Granmoun, kote 2 pou m fe pou m al lakay Bondye?" Granmoun Ian we li malelve, li reponn: "Fe sa. Ou a twouve kay Bondye." Wout sa a mennen nan yon twou djab. Vwala, neg la rantre nan twou a: Oup! Djab yo manje I! Le aswe rive, yo we gran fre a poko vini, manman an komanse mete dlo ate. Dezyem gason an di: "Manman, kite m al we kote gran fre m ye." Manman an reponn: "Non. Ou we premye a pati, li pa vini. Ou menm, ou pa ka ale tou pou ou pa vini." Pitit la di: "Manman, fo m pati." Nan denmen manman an ba I twa zaboka pou I manje nan wout la. Msye ale, li rive kote menm granmoun fanm Ian. Li manje, li pa bay madanm Ian anyen. Le I fini, li mande I kote pou I fe pou I rive lakay Bondye. Ti granmoun Ian di I menm bagay: "Fe sa." Msye a swiv menm wout la, e tchoup! Djab yo manje I menm jan. Le manman an pa we 2 pitit li yo, ke li sote. Tchikata, twazyem gason an, di: "Manman, kite m al we kote yo ye." Manman an di: "Yo ki pi gran y ale, yo pa vini, e ou menm ki pi piti ou vie ale!" Ti gason di: "Mwen prale, m ap vini, wi!" Nan denmen maten, manman an ba li yon se zaboka. Pwovizyon yo fini net. Le Tchikata rive 3 kote menm vye granmoun Ian, li chita bo kote li. Li ba li mwatye zaboka a, yo manje, yo pale. Le yo fin manje, yo bwe dlo. Tchikata mande granmoun Ian kote pou I fe pou I al lakay papa Bondye. Madanm Ian di: "Ala bon ou bon, pitit mwen. Ale tou dwat, premye bel ti kay ou we anfas ou a, rantre ladann." Li mache li mache jous li rive jwenn lakay papa Bondye. Rive li rive devan bel kay la, li rele: "One!" Papa Bondye reponn: "Respe! Sa ou vie?" Tchikata di: "Bonjou, papa Bondye. Manman m pbv anpil. Li voye m pou mande ou yon ti lavi, souple. Epi, li sot pedi 2 pitit ki te vini kote ou anvan mwen. Nou pa janm we yo retounen." Papa Bondye di: "Mwen konnen, pitit mwen. Yo pa t rive kote m paske yo te fe ma Ion net avek yon malerez. Pou ou menm, m a fe ou kado yon ti sevyet m gen la. Le ou rive nan bout chemen, ou a di: "Sevyet, grennen manje sou mwen." Tchikata pran ti sevyet la, epi li di: "Mesi, papa Bondye." Tchikata pran li, I ale. Le li rive nan bout chemen, li di: "Ti sevyet, grennen manje sou mwen." Ti sevyet la vide manje, li vide manje, li grennen manje. Tchikata di: "Rete." Sevyet la rete. 4 Nan mache mache li rive nan yon kay bo chemen an, li antre, li mande domi. Le li pral domi, li di: "Men yon ti sevyet m mete la, pinga nou di: "Sevyet, grennen manje, non!" Le met kay la we ti gason an domi, li di: "Ti sevyet, grennen manje!" La pou la, ti sevyet la grennen manje, li vide manje... Li pran ti sevyet la, li mete yon lot ki pa vo anyen nan plas li. Le Tchikata leve, li pran sevyet la, li di: "Sevyet, vide manje a sou mwen." Ti sevyet la pa menm ka souke ko I. Le li we sa, li retounen lakay papa Bondye anko. Li di: "Bondye, men ti sevyet ou te ban mwen an, li pa vo anyen." Bondye di: "Ma regie sa. Kounye a m ap ba ou yon ti bourik. Le ou rive nan bout chemen, ou a di: "Bourik, kaka lajan." Tchikata pran bourik la, li pati. Le li fin mache yon bon ti distans, li di: "Bourik, kaka lajan sou mwen." Lamenm ti bourik la kaka lajan, li kaka lajan, li kaka lajan, li kaka lajan. Tchikata pran tout kob yo. 5 Le li rive nan menm kay la kote yo te pran sevyet la, li rete ddmi la. Li di yo: "Men yon ti bourik m mare la, pinga nou di: "Ti bourik, kaka lajan, tande." Vwala met kay la veye kon ti gason an domi. Li di: "Ti bourik, kaka lajan." Ti bourik la kaka lajan, li kaka lajan, li kaka lajan... Madanm Ian pran kob la ak ti bourik la, li mete yon lot vye bourik ki pa vo anyen nan plas la. Nan denmen maten, Tchikata di: "Ti bourik, kaka lajan." Ti bourik la pa kapab. Li pran ti bourik la, li retounen kote papa Bondye. Le I rive, li di: "Bondye, ti bourik la pa ka kaka lajan." Bondye menm di: "Bon. Yon sel ti baton m gen la, pran li. Le ou a rive yon bon ti distans, ou a di: "Ti baton, fe devwa ou." Le Tchikata rive byen Iwen, li di: "Ti baton, fe devwa ou." Ti baton an kenbe gason an, li bat li, li vide bwa sou li, li kale li. Tchikata di: "Rete!" Epi ti baton an rete. 6 Tchikata ale domi menm kay la toujou. Li di met kay la: "Men yon ti baton m mete la. Pinga ou di: "Ti baton, fe devwa ou!" Nan nwit Tchikata fe kom si I ap domi. Li we met kay la pran baton an. Vit li rele: "Ti baton, fe devwa ou!" Ti baton an pop li kenbe met kay la. Li bat li, li kale I, li kraze I ak bwa. Met kay la rele: "Ayayay! Anmwesekou!" Tchikata leve, li di: "Ban m sevyet la ki grennen manje a, ak bourik la ki kaka lajan an, m a sove ou." Lamenm met kay la kouri, I al chache ti sevyet la akti bourik la, li renmet ti gason an yo. Tchikata di: "Rete." Ti baton an lage met kay la. Lefini, Tchikata pran tout bagay yo, epi li retounen al jwenn manman '_ I. Li renmet manman I ; sevyet la, ti bourik la, ak ti : baton an. Yo toude jwi byen jwi kado papa Bondye te sere pou yo. Se yon ti kout pye yo ban mwen, m al tonbe lot bo lanme. 7 MANJE PANDAN ENNAN Yon jou Timalis al lakay Bouki. Li di li konsa: "Monkonpe, m sot fe yon bel esperyans. Gwo bef mwen an, mwen touye li, enpi mwen manje li pandan ennan." Bouki pa poze Timalis okenn keksyon. Men li pran lide nan sa Timalis sot di I la. Nan denmen, Bouki touye pi gwo bef li te genyen an. Li mete I nan yon gwo barik sel. Li pa bay pesonn anyen. Chak jou li manje moso ladann. Men, apre yon senmenn konsa, vyann Ian komanse gate. Vyann Ian komanse pran ve. B o u k i enneve, li move. Li pran yon baton, li pike lakay Malis pou li kraze I ak bwa 8 Malis menm, ki we li ap vini ak gwo baton an, tou femen pot li akle. Li rete andedan an. Bouki di li: " Si m te jwenn ou, ou ta we sa m ta fe ou!" Malis reponn li: "Monkonpe, anvan ou touye, fo ou jije. Sa k pase ou?" Bouki di li: "Ou fe m pedi tout vyann bef mwen an. Sa ou di a pa posib." Le sa a ato, Malis reponn: "Enben monkonpe, ou ta mande mwen kijan pou ou fe preparasyon vyann Ian! Le mwen te fin touye bef pa m Ian, mwen te bay chak vwazen yon moso. Konsa, nan lanne a, chak fwa yon vwazen touye yon bef, li voye moso ban mwen tou. Sa fe mwen pase tout lanne a ap manje bef la." Sezisman pran Bouki. Nan lavi, se men ale men vini ki fe zanmitay dire. Konsa tou, se tet ansanm ki rann lavi a bel, ki fe riches boujonnen pitit. Lelio Etienne 9 ISTWA YON WA, PITIT Fl L YO, AK TI JAN Te gen yon wa ki te gen twa pitit fi, twa bel ti demwazel. Men non timoun sa yo te difisil anpil, epi wa a te pran prekosyon pou non pitit li yo pa janm site nan lari, kidonk nanpwen moun nan peyi a ki te konn non timoun yo, paske pesonn pa t janm gen lokazyon pou tande non youn nan tifi sa yo. Yon jou wa a te bezwen moun pou I kondane nan travo fbse. Nan de tan twa mouvman li fe tout moun nan peyi a konn nouvel la: "Ldd wa Sipangwe! Si mwen ta jwenn yon nonm ki ta rive konnen non youn nan pitit fi mwen yo, m ap marye I ave I san pwoblem, epi mapbal twaka nan fotin mwen yo! Men - si moun Ian vini epi li pa jwenn li, li pou mwen pou tout res lavi li: mwen gen dwa fe sa m vie ave I." Tout manman pitit ki te tande nouvel sa yo, te met pitit yo an gad pou yo pa pran chans. Yo te gentan devine se pyej I ap tann pou jenn gason. Gen kek chelbe ki te vie riches ak bel fanm: yo ale kanmenm pran chans yo. Men chak sa ki t ale pa t tounen anko! Konsa, wa a te ranmase bon vale moun. Malgre sa, pesonn patko pret pou 10 jwenn non tifi yo. Te gen yon ti gason pye chik yo te rele Tijan. Nan tet li, li di konsa: "Sa Granmet la sere pou yon moun, lavalas pa konn pote I ale. M pral jete nas mwen." Tijan soti, epi le I rive bo pale wa a, li we yon pye ponm woz. Li moute sou li. Yon ti moman apre, wa a vin ap pase ansanm ak ti medam yo. Tijan souke yon ti branch ponm tou dousman, yon bel ponm tonbe. Youn nan timoun yo di: "Papa, men yon bel ponm tonbe! Kite m al pran li!" Wa a voye je I pou I we si pa gen moun alantou a, epi li di: "Nou met ale!" Lamenm touletwa tifi yo kouri. Sa k te pi devan an, pap, li pran ponm nan. Lot yo rele: "O! Mannazo pran I." Tijan souke branch Ian anko. Yon lot ponm tonbe pip, yon tifi kouri, li pran I, yon vwa di: "Mannazwa jwenn youn." 11 Pandan y ap pare pou yo tounen, Tijan fe menm bagay la anko. Yon lot ponm pip, li tonbe. Tout medam yo reponn ansanm: "Sa a pou Mandelen!" Apenn wa a pati ak ti medam yo, Tijan kouri desann pyebwa a. Li kouri devan pale a, yon sel bagay nan tet li: "Mwen bezwen fe wa konnen mwen menm, Tijan, m konnen non touletwa pitit fi I yo." Le wa a paret, li gade ti nonm pye chik la, epi li mande I: "Ki pwoblem ou?" Tijan di: "Mwen vin patisipe nan konkou ou la, mwen konn non touletwa pitit fi ou yo!" Wa a di: "Ebyen, piske ou konn non touletwa fi yo, ban mwen youn apre lot! Moun serye pa konn non pitit mwen yo! Se ti vakabon kouwe ou ki ta konnen yo! Antouka, kote ou antre la a, ou p ap soti anko!" Tijan reponn: "Ou pa gen dwa pou pale ave m di konsa, se bofis ou mwen ye!" Wa a move! Li rele yon makout nan pale a, li di: "Si ti nonm sa a pa pale kounye a, filange I ak kout rigwaz epi ale ave I." 12 Tijan di: "Mwen pa met pantalon m pou bel twal! Men non twa pitit fi ou yo: youn rele Mannazo, youn rele Mannazwa, lot la rele Mandelen." Wa a sezi. Endispozisyon pran I! Makout la al chache dlo vide sou tet li. Le I revini, li bay Tijan lanmen. Li di: "Sa ou di a, se sa." Li rele twa pitit li yo pou Tijan chwazi pi bel la. Tijan marye, li rete nan yon gwo gwo kay wa a fe bati pou li. Se devan gwo kay sa a m t ap pase. Tijan ban m yon sel koutpye, m vin tonbe isit. 13 JAN SOT AK JAN LESPRI Moun nou ka kwe ki pi sot la, se li ki gen lespri. Moun nou konn ki pi gen lespri a, se li ki pi sot. Te gen 2 fre: yo te rele pi gran an Jan Lespri, e pi piti a Jan Sot. Epi yo chak vin gen yon bef. Yon jou, yo te gen kont. Yo tanmen joure. Jan Lespri di Jan Sot konsa: "Se bon, ti fre mwen. Se bef la ou genyen ki fe ou aji konsa. M a montre ou!" Kon li fin di i ~pon sa, li rale fe rCO^) vann yon lot, epi li seche po a. Yon jou konsa, li leve al vann po a. Etan li t ap pase bo yon ti rakbwa, li we 2 ti konmi k ap pase. Yo chak gen yon ti bout sak lajan nan men yo. Jan Sot kache. Le ti konmi yo vin ap pase pre ti revolve I, lidaw! daw! Li tire bef Jan Sot la. Jan Sot menm pa di anyen. Li koche bef li, li manje yon moso, li 14 rakbwa a, li frape po a: daw! daw! daw! Lamenm ti konmi yo lage ti bout sak yo ate. Hap! Yo mete kouri. Jan Sot menm ale, li pran ti bout sak lajan yo e li tounen lakay. Le li rive, li chita lakay e li baye: Ohan, ohan. Jan Lespri mande: "Sa ou genyen, fre mwen?" Jan Sot reponn: "Hen, m pa gen anyen non, fre. Men fre, ou touye bef mwen pou m te kab pi pov. Men mwen pati ak po a, mwen vann li pou 2 bout sak lajan." Epi, li montre Jan Lespri bout sak lajan yo. Jan Lespri di: "Se vre, Jan Sot? M al touye bef mwen an tou." Li rale revolve I, li daw! daw! Li tire bef la. Li koche I, e lamenm li pati ak po a. Chak kote li pase, y ap plede di: "Nou pa achte po, nou pa achte po." Konsa konsa, po a vin pran ve nan men I. Li lage I yon kote e li retounen lakay. Le I rive, li di fre a konsa: "Jan Sot, m te pwonmennen po a tout kote pou vann li, m pa jwenn moun pou achte I. Li vin pran ve nan men m, se jete m te blije jete I." Jan Sot di: "Eben fre, ou pa t pase nan ri kote m te vann pa m Ian." Apre sa, yo kontinye ap viv. Men Jan Lespri gen yon gran jalouzi pou Jan Sot la. Lamesi Montelus 15 SE MANMAN OU! Vwala se te yon fi ki te gen foli ansent. Fi sa a pase denye dokte ki te genyen nan peyi a. Tout grenn yo ba li pou I vin ansent se rans. Le I we sa se twop, I al kay yon boko. Boko a we sa se yon bagay ki enposib, men pou I pa dekouraje I net, li di I: "Mache, ou met al lakay ou, pwoblem ou an pa grav. Men sa w ap fe: nenpot sa w ap manje, kwit fey zepina manje ave I. Le ou pa kwe, w ap ansent." Nan manje fey zepina, fi a vin gen yon sel apeti ki pran I. Li manje tout sa I jwenn jous tan I gonf le. Le vant li komanse moute diset wote, m pa bezwen di nou jan I kontan. Top, vantfemal pran I. Li kontan pi red, li panse se tranche I genyen. Li desann kabann li. Li pran vaz la pou I akouche ti pitit la, paske li pa ta vie I fet nan siman fret la. Li voup li chita sou vaz la san I pa konnen si te deja gen yon ti chat ki t ap domi ladann. Fi a te tanmen fe yon ti pipi. Ti chat la menm ki pe dlo, rele myaw myaw myaw. Fi a gen yon sel ke kontan ki pran I. Li di: "Ou Da bezwen ne. nitit mwen, se manman ou!" HHEfiEMJlSS $2.00 _ _ _ _ _ _ 0-8400-5093-3 FOK TOUT MOUh 9 | | | |J | | FOK TOUT MOUN I FREEMAN, BRYANT 5 0 2 0 0 I ANN BAY LODYANS VOL.1 GCON 08/19/00