MARYAJ MALIS TWOUKOUKOU Vwala se Malis ki gen yon sel foli pou li marye ak yon bel prenses. Men tout moun t ap pase I nan rizib. Yo te konn di I: "Monche, ou two raz, ou two led pou ou marye ak prenses la." Li te reponn: "Enben, m ap fe nou tout sezi. N a we sa!" Malis reflechi pou I jwenn yon solisyon. Li telman damou pou manmzel, li santi I ap fou si I pa marye ak li. Alafen li deside al kot wa a pou I mande I pou ti dam Ian. Wa a gade Malis delatetopye. Li souri, epi li di I: "M pa gen pwoblem pou m marye ou ak pitit fi m Ian. Men anvan, ou ap rann mwen yon sevis. Gen yon kalite bel te wouj ki genyen kay djab nan Twoukoukou. Pote set sak ladan ban mwen, epi prenses la ak tout wayom Ian ap pou ou." Jan nou konnen, pa gen yon moun ki al kay djab Twoukoukou ki janm retounen. Men pa gen pwoblem, Malis monte chwal li, epi li pati. Le I rive kay djab yo, soley la t ap desann deye mon 2 Ian. Li mande domi. Gran djab la fe Malis antreal manje ak fanmi an. Jou sa a se pa t ti kontantman ki te gen kay djab la. Gen lontan yo pa t jwenn yon vyann fre kon sa. Yo chak gentan ap reflechi sou ki moso y ap pran. Ve pita, manman gran djab pran Malis pou al montre I ki kote I ap domi. Se sou yon gwo tonton kabann yo mete I domi nan mitan dis pitit gran djab la. Kon granmoun Ian sispek Malis domi, li vini ak yon mouchwa wouj, li vlope I nan kou I. Malis tann li ale, li chanje plas ak pi gran jennjan djab la, epi li mete foula a nan kou I. Kon minwi sonnen, Malis tande yon pil bri etranj. Gran djab la ak madanm li rantre nan chanm Ian ak yon lanp. Yo gade, epi yo we moun ak mouchwa wouj la. Yo peze kou moun ak foula a jous li toufe, epi yo ale. Nan denmen maten, Malis leve. L al di yo: "Mezanmi, mesi anpil. M gen lontan m pa gen yon bon nwit kon sa." Granmoun Ian ap pile kafe, li vloup li kanpe. Li tanmen tranble. Kanta gran djab la, li kouri al nan chanm timoun yo. Se le sa a li we se pwop pitit pa yo yo te toufe. Yo semante y ap regie ak Malis kanmenm. 3 Tout moun pran lapenn, men nou konnen djab yo pa konn tere mo. Yo fe yon gwo bouyon ak li, epi yo kite yon zo pou yo fe poud. Poud zo yon djab se pi gwo \y pwazon ki genyen. Gran djab la al nan jaden, li simen poud sou yon melon. Li retounen lakay, epi li mande Malis pou al chache melon an pou li. Malis pa pran nan pyej la. Yon ti kade, li tounen san anyen. Djab la di I: "Enben monkonpe, ou pa jwenn melon an?" Malis di: "Wi, men li pa vie vini. M rele I twa fwa, li pa souke ko I menm. Lakay pa m, le ou rele yon melon, sou twazyem kout rel la, li toujou vini. Men melon sa a malelve. Li pa renmen fbm tet mwen. Mwen kite I an repo." Gran djab la sezi. Li poko janm kontre yon nonm sot kon sa. Pandan I ap chache lot jan pou I pran Malis, li tande yon rel nan jaden an. Se youn nan ti djab yo ki te touche melon an e k ap tode anba yon kolik. Li mouri soulechan. Wouy! Djab la gen pwoblem. Fwa sa a, li mete yon rejim fig mi pwazonnen nan mitan wout la, epi li voye Malis chache yon wou li te bliye nan jaden an. Le Malis paret ak wou a, djab la sezi. Li mande I: "Enben, ou jwenn wou a?" Malis reponn: 4 "M te pran direksyon jaden an, men mwen we yon bel rejim fig mi ki bare wout la. M di I ban m pase, li pa vie. Mwen pa moun peyi isit, mwen pa t vie nan kont ave I. Konsa, m rele youn nan timoun ou yo. Li pote wou a pou mwen. Mwen vin pote I ba ou. Yo menm, yo rete ap manje pat fig la." Granmoun yo kouri al nan jaden. Yo rive sove de nan timoun yo. Lot yo te gentan tou vyolet. Yo pa t ka fe anyen pou yo. Yo mouri senk minit apre. Man man djab la di pitit li: "Mande vwayaje a sa I bezwen pou ou fe I ale. Nou p ap jwenn bout li. Si se pa sa, n ap pedi tout timoun yo." Malis gade yo tankou yon ti inosan: "O wi, m prale. Men anvan, m ta renmen plen set sak ak te wouj ou a." Yo fe yon ti konbit, you tout mete men pou plen sak yo byen vit. Yo tou fe I kado yon bourik pou pote sak yo, telman yo te bezwen I ale. Malis rive lavil la ak set sak te wouj yo. Tout moun kanpe sou de ran pou gade I tankou si se te yon zonbi. Le wa a we I ap rantre nan pale a ak bourik la devan I, li sezi. Wa a mouri toufe, telman li te fe move san. Konsa, Malis marye ak bel prenses la, e tout waydm Ian te pou li. Mari Dyevela Seza 5 BOUKI AK TI BEF Yon maten, Bouki chita anbayon pyebwa. Lap pran van. Ti bef vin ap pase. Li t ap mache vit, paske ii te we Bouki. Li te pe pou Bouki pa t we I. Men, Bouki reie I byen fo: "E ti bef, ou soti bone. E sitou, ou byen maledve. Kouman ou fe pa menm vin di tonton ou bonjou? Kote ou prale konsa?" Ti bef rete, men li te telman pe, li pa pwoche kote Bouki. Li bay nouvel tout moun lakay li. Li di manman I voye I al fe konmisyon. Bouki fe yon ti ri anba lev. Li ajoute: "Piske neve m pa vin we m, mwen pral we neve m. Men, pou m al we I, fok li di m kote li rete." Ti bef pa sot. Li di I konsa: "Tonton Bouki, nou rete nan sous la, pre gwo mapou a, men mwen menm, lannwit, mwen domi enpe pi Iwen, sou bo ravin Ian, anba pye kayimit la." Bouki reponn: "Mesi. Yon jou pandan m ap flannen, m ap pase we ou." 6 Ti bef repati avek yon pa deside. Bouki kontan. Li konnen li pral jwenn yon bon vyann pou I pare festen. Men Bouki pa t konn ti bef two byen. Li pral lage tet li nan pyej ti bef pare pou li a. Yon jou swa, Bouki di madanm li: "Limen yon gwo boukan dife. Yon lot ti moman, m ap retounen avek yon ti bef byen gra, byen anfom." Bouki kouri pou li kapab rive vit. Le I rive pre pye kayimit la, san I tresayi. Li tande yon bagay k ap wonfle. Li avanse tou dousman sou pwent pye I, pou I al vole ti bef pou I al manje I. Pandan li bese pou pran ti bef, li santi de pwent pye byen pwenti ki tonbe sou figi I. Yon sel kou te mete I an san. Se pa ti bef ki te reveye, se te tig la ki te reveye. Bouki koupe chemen antrave jis li rive lakay li. Le I rive, madanm li bay Bouki yon bon te tibonm. Li lave blese yo avek ji sitwon. Li mete fey kayimit e bwamajo sou yo. Le I fini, li bande yo avek ekbs sapoti mawon, epi Bouki te andomi. Pandan pipirit t ap chante nan denmen maten, ti bef ki konnen nan ki bon pyej li pran Bouki, vin pase devan pot kay Bouki. Le I we tet Bouki tou vlope, li paret kou we li te pret pou I kriye. Li di: 7 "Bonjou, tonton." Bouki reponn byen move: "Bonjou, mesye." Konsa ti bef di: "O tonton, se pa janti ditou. Ou rele m mesye, mwen menm ki konsidere m kouwe pitit ou." Bouki pa di yon mo. Ti bef di: "Enben tonton, m ale, wi, paske m we ou sanble ou fatige." Le ti bef te byen Iwen, Bouki rele madanm li. Li di I tou piti: "Ou we ti bef la. Lajounen li sanble yon ti bef byennelve, men, lannwit al touche I selman. Se lougawou li ye, lannwit li vin tig!" Joslen Jozef, Potoprens TOUT KALITE KAFE Gen de moun andeyo ki vini lavil. Yo chita nan yon ti restoran. Gason an mande yo: "Eske nou ta pito kafe ayisyen oubyen kafe ameriken?" Yo sezi. "Mezanmi, yo gen tout kalite kafe isit la!" Youn di: "Pote yon kafe ayisyen ban mwen, sou pie." Lot la di: "M ta vie seye lot bagay. Pote yon kafe ameriken ban mwen, souple." Gason an reponn: "Touswit!" Apre yon ti moman, gason an rive ak de tas. Pou youn li bay yon gwo tas, pou lot li bay yon ti tas. Epi, ak gran seremoni, li vide kafe a nan toulede tas yo - soti nan yon sel kafetye. ft Chita Pa Bay CHASE A AK OUNGAN AN Vwala te gen yon msye, se lachas ki te metye li. Msye te pov anpil. Li te gen yon sel pitit fi madanm li te mouri kite tou piti. Se twouve vin gen yon sechres nan zon Ian. Mize, grangou mete pye. Tout zwazo fin ale. Yon jou msye al lachas. Li pase tout jounen an, men li pa jwenn anyen. Devenn pou li, le pou I retounen lakay, yon gwo lapli tanmentonbe. Nan chache yon twou pou I pare, je I vin tonbe sou yon ti limye byen Iwen. Li swiv li jous li rive anba yon touf bwa. Li sezi we yon be kay. Pot la te louvri. Li we yon men ki fe I siy po I antre. Malgre se men an selman msye te we, li pa poze okenn keksyon pou konnen kote res ko a ye. Konsa li antre 9 vre. Piske li te mouye, men an ba I lot rad chech pou I mete sou li. Men an mete manje sou tab pou li, epi li montre I yon bel chanm. Msye manje vant deboutonnen, epi I al kouche. Denmen maten, le msye reveye, yon bol soup byen cho t ap tann li. Li manje manje I. Lelfini, li pran rad pa I yo mete sou li. Li di mesi, epi li pran wout lakay li. Kon chase a pral soti, li tande yon vwa ki rele I. Li kase tet tounen. Se ato li tande yon vwa ki di I: "Se oungan m ye, epi m ap ba ou yon sekre. Se lavi ou, se lanmo ou tou. Fe atansyon, jou ou di yon moun sa, ou fini. Ou tande byen?" Vwa a patko fin pale, yon lonbray pwoche kot msye a, li soufle twa fwa nan tiyo zorey li, epi li disparet. Msye pa t konprann anyen, men li di mesi kanmenm, epi I ale. Pandan msye ap kite barye oungan an, li tande yon manman chovsourit k ap di: "Ey, timoun! Vin we oungan an te bay pouvwa pou konprann langaj zannimo yo." Chase a di: "O! o! se sekre sa oungan an ban mwen an. Sa m bezwen konnen nan pawol zannimo yo!..." Apre yon bon mache, msye a bouke. Li chita sou yon woch pou 10 fe yon ti poze. Yon manman chwal vin ap pase ak pitit li. Li di: "Gade kouman yon neg sot! Li chita sou yon ja lajan, epi li pa fe anyen." Ti chwal la reponn: "Enben, manman, li dwe pa konn sa." Le msye tande sa, li prese woule woch la. Li jwenn yon gwo kannari plen lajan. Li tann li fe nwa, epi li bwote tout mete lakay li. Se konsa chase a vin granneg. Li vin alez kou Blez, li bati yon bel kay. Tout moun t ap poze keksyon pou konn kote riches sa a soti. Li pa janm ka di anyen. Menm pitit fi I la, li pa t ka avwe sa. Sa te fe I mal, paske li renmen pitit la anpil. Men oungan an te pale I kle. Jou I devwale sekre a, I ap mouri. Sa fe li blije femen bouch li. Yon jou msye te nan depo a ansanm ak pitit la. Li tande de rat k ap pale. Chase a koute yo, epi li kase yon gwo kout ri. Tidam Ian siprann, li v « mande papa I sa k pase. Podjab, malere a pa t ka reponn anyen. Chak fwa, se konsa. Tifi a vin ap mande si papa I pa t pedi yon fey. Men alafen, li vin konprann, papa I pa pedi pyes fey, se yon sekre li genyen. Manmzel semante fb I dekouvri sekre sa a. Li lage de gidon nan kb papa I. Pandan plizye fwa, msye manke avwe I. Men kon I sonje sa oungan an te di I, ke I kase. 11 Nan denmen, msye leve, li pran kek zepi mayi, li soti nan lakou a. Tout bet volay yo kouri nan pye I vin manje. Chase a te koute de kok ki t ap pale. Gen youn ki di: "Gade met nou! Li telman sot, li pret pou kite tifi I la touye I. Poukisa li pa ba li yon bel kal? Li ta we! An verite, li t ap korije pou tout lavi. Li t ap sispann poze keksyon." Chase a souke tet li, li di: "Se vre, wi!" Tifi a ki te gentan kanpe bo kote I la, e ki pa konprann anyen nan sa bet yo t ap di a, di li: "Papa, se jodi a ou ap ban m sekre a, w i ! " Bridsoukou, papa a deside swiv konsey kok la. Li di I: "Al tann mwen nan chanm ou, m ap vini." Manmzel kontan, li di nan ke I: "M te deja konnen papa m pa t ap kache m anyen!" Yon ti kade, papa a debake sou li. Baf! baf! "Men sekre a! Men li!" Baf! baf! Se rele manmzel ap rele, men depi jou sa a, li korije. Se nan zon Ian mwen t ap pase, yo rakonte m koze a. Mwen di: "Se bon pou li! Timoun fet pou poze keksyon, men two fouyapot pa bon." 12 YON PE SOULYE POU KONPE TIG Yon jou konpe Kabrit te grangou. Konsa li limen yon boukan dife pou boukannen kek patat. Le flanm Ian komanse monte, se konsa konpe Kabrit remake yon lonbray nan zon Ian. Li mande: "Kiles sa? Sa ou vin chache bo isit la?" Yon gwo vwa reponn: "Se mwen, marechal Chen. M vin manje patat. Debouye ou pou yo kwit vit, paske m grangou. Si ou ta fache pou sa, m ap manje ou tou." Kabrit se neg ki pridan. Le li fin we de ranje kwok dan mouche Chen, li reponn: "O non, konpe Chen, m pa ta ka fache ak ou pou de ti patat. Okontre menm, fe yon ti chita non, m ap debouye m pou yo kwit byen vit." - ' / ' ^ ^ x ^m- - Pandan sa, %'J f^f^^% B o u k i * a P P a s e w ~ nan zon Ian. Sant patat yo rale I mennen vin jous 13 kot mesye yo. "Ouch! Ala santi bon! Sa n ap fe la, mesye?" Chen kouri reponn: "Se konpe Kabrit k ap pare kek patat boukannen pou mwen la a." Bouki souke tet li, li di: "Se byen. Mwen pral manje patat yo pou komanse, apre sa m a regie ni ak ou menm, konpe Chen, ni ak konpe Kabrit." Bouki chita, I ap tann patat yo kwit. Se konsa konpe Tig vin ap pase. Li we boukan an, epi I antre we sa k genyen. Li gwonde: "Kisa k genyen la a? Kisa n ap kwit konsa?" Konpe Kabrit reponn: "Se kek patat m ap boukannen la a. Konpe Chen vin paret pou pran yo nan men m. Apre sa, se Bouki ki pwente. Se tann I ap tann mwen fin boukannen yo la pou I ka manje ni patat, ni konpe Chen ak mwen." Konpe Tig griyen tout dan I: "Enben, si se konsa, depeche ou fini ak patat yo pou Bouki manje, paske se deye I mwen vin la. Si se volonte I, nou pa ka refize I denye satisfaksyon sa a." Kabrit leve pou al vire patat yo. Zago I fe kow kow sou woch yo. Konpe Tig mande I: "Ki kote ou jwenn pe soulye sa yo? Ala bel yo bel! Di m vit, non!" Kabrit reponn: "Se 14 mwen menm ki fe yo, wi. Si sa ta fe ou plezi, m ta ka fe yon pe pou ou. Malerezman, materyo yo pa fasil." Tig mande: "Kisa ou bezwen pou fe I? Yo envite m nan yon bal kay Monwa. M ta renmen gen soulye tankou sa yo pou m ka fe kow kow le m ap mache." Kabrit reponn: "M ap bezwen kwi janm dwat konpe Bouki, ak de venn pye konpe Chen pou fe laset yo." Konpe Kabrit poko menm fin site non Bouki, msye vole tonbe lot bo barye a. Chen pwof ite sove tou. Konpe Tig, ki pa soti pou pedi bel pe soulye I la, plonje deye mesye yo. Pandan sa, Kabrit chaje tout patat yo, li mete yo nan djakout li, epi I al fe wout li. Apre yon moman, konpe Tig tounen: "Konpe Kabrit, kote ou? M poko jwenn venn pye konpe Chen yo. Tanpri, kenbe kwi janm Bouki a pou mwen toujou." Konpe Kabrit te gentan rive nan mitan lanme. Li ri: "Kwa! kwa! kwa! Depi kile ou te konnen m te kodonye? Eske se tout bon ou te kwe nan istwa sa a vre? Jan m panse ou te gen lespri! Enben, ou konn sa k rive, ou met tann mwen. M pral rele konpe Lyon pou I vin pran mezi pye ou. Se li ki konn fe soulye." Mezanmi, konpe Tig tonbe kriye telman li sezi. Depi konpe Lyon te fin manje manman konpe Tig, 15 mesye yo pa janm zanmi. Konpe Kabrit konn sa byen. Kounye a konpe Tig pedi ni sak ni krab. Li rele byen to: "Kabrit, ou met ale, ou ap peye m sa, tande! Te met se nan ven oubyen trant an." Se depi le sa a, ni Chen, ni Tig, ak tout fanmi yo vin lenmi ak Kabrit. Mari Dyevela Seza DE VOLE AP PALE Premye Vole: Monche, kouman ou te fe sove ko ou le lapolis t ap kouri deye ou la? Dezyem Vole: Enben, tokay mwen, pa t gen pwoblem menm. Mwen kouri rantre nan lakomin. M chita sou yon chez. M leve de pye mwen mete sou yon biwo, epi m ap li jounal la. Konsa lapolis pran m pou yon fonksyone Leta. KU BOOKSTORES $2.00 0-8400-5117-4 — _ _ lllllllllllllllllllllllllllll llllllllllllllll T 0 U T M 0 U N K 0 N N L L MWbiUW UH|I DUT MOUN KONN EKRI. FREEMAN, BRYANT — ^ ANN BAY LODYANS VOL.9 GCON 02/23/01