KU ScholarWorks | http://kuscholarworks.ku.edu Mwen renmen yon jenn gason : yon korespondans konfidansyèl 2001 This work has been made available by the University of Kansas Libraries’ Office of Scholarly Communication and Copyright. Please share your stories about how Open Access to this book benefits you. This is the published version of the book, made available with the permission of the publisher. The original published version can be found in the KU Library Collections at the link below. Published version: http://catalog.lib.ku.edu/cgi-bin/Pwebrecon. cgi?bbid=2813566 Terms of Use: http://www2.ku.edu/~scholar/docs/license.shtml Carrié Paultre Jim D. Ross Bryant C. Freeman By Walter Trobisch mi itwm* Walter Trobisch Mwen Renmen Yon Jenn Gason Yon korespondans konfidansyel Twazyem Paret :oo i MWEN RENMEN YON JENN GASON WOMAN CARRIE PAULTRE (1924-1999) TiJak{mS) Lerison (1966) Amarant (1967-1968) Kote Wout la ye? (1968) Manwela (1969-1971) Tonton Libert (1975-1976) Wdch nan Soley (1981-1982) Si m te konnen (1982-1983) Se konnen kife (1984-1985) Depi nan Ginen (1985-1987) Nikola (1987-1988) Lavalas pa ka pote I ale (1989-1990) Andeyd Lakay te pi bon (1990-1991) ZetLakay Granpapa I (1991-1992) Kazal (1996) TRADIKSYON CARRIE PAULTRE Leon Tolstoi', Kote ki gen Lanmou Walter Trobisch, Mwen te Renmen yon Fi Walter Trobisch, Mwen Renmen yon Jenn Gason John Bunyan, Traka yon Kretyen pandan Vwayaj li Walter Trobisch MWEN RENMEN YON JENN GASON Yon Korespondans Konfidansyel Tradiksyon: Carrie Paultre Revizyon Teks: Bryant C. Freeman ("Tonton Liben") Jim I). Ross Enstiti Etid Ayisyen Inivesite Kannzas La Presse Evangelique Port-au-Prince 2001 Copyright © 2001 by Carrie Paultre Desen yo soti nan legliz kretyen afriken Mount Oread Bookshop University of Kansas Lawrence, Kansas 66045 (Tel.: 785-864-4431) La Presse Evangelique (Boite Postale 458) 27, boulevard Harry Truman Port-au-Prince (Tel.: 222-4045) SA KI NAN LIV LA Paj: Avangou 7 Walte Twobich 7 Prefas 8 Pfcsonaj 8 Sesil ekri Wait* T. 2 jiye 9 Walte T. ekri Sesil 10 jiye 9 Sesil ekri Wait* T. 20 jiy£ 12 Sesil ekri Franswa 19 jiye . 13 Ingrid ekri Sesil 22 jiy£ 15 Franswa ekri Walte T. 27 jiyfc . . 16 Walt£ T. ekri Franswa 3 out 17 Franswa ekri Walte T. 14 out 20 Walte T. ekri Franswa 20 out .. 23 Walte T. ekri Sesil 20 out......... ........... 25 Walte T. ekri paste Amds 29 out . . .. 26 Franswa ekri Walte T. 16 septanm 28 Sesil ekri Franswa 16 septanm 31 Franswa ekri Sesil 18 septanm 31 Walte T. ekri Franswa 19 septanm 32 Paste Amos ekri Walte T. 20 septanm 34 Sesil ekri Franswa 22 septanm ... 35 Franswa ekri Walte T. 24 septanm 36 Walte T. ekri Franswa 27 septanm 37 Walte T. ekri paste Amds 28 septanm . . 38 Franswa ekri Walte T. 17 oktdb...—. . . . . . .— 41 Walte T. ekri Franswa 18 oktdb . 43 Paste Amds ekri Walte T. 23 oktdb.—. . 46 Walte T. ekri Sesil 26 oktdb....... . 49 Sesil ekri Walte ak Ingrid 1 novanm 51 Franswa ekri Walte T. 7 novanm . 52 Walte T. ekri Franswa 11 novanm 55 Sesil ekri Ingrid 12 novanm 58 Mesye Anri ekri Sesil 9 novanm..... 60 Ingrid ekri Sesil 18 novanm . 60 Ingrid ekri Franswa 19 novanm.. . . 63 Sesil ekri Ingrid Mesye Anri ekri Sesil Sesil ekri Ingrid Franswa ak Sesil ekri Walte T. ak Ingrid Denye let Walte T. ekri moun yo ki li liv la 30 novanm 19 novanm 15 desanm 21 desanm AVANGOU Pou yon moun konprann liv sa a, se pou 1 te li premye pati a. Yo rele 1 Mwen te Renmen yon Fi. Nou kapab jwenn li pou achte nan tout kote ki vann liv kretyen. Toude liv sa yo rakonte istwa de (2) jenn moun. Men poukisa Komite Pwotestan Montre Moun Li a enterese mete liv sa yo an kreyol: An Afrik, gen yon koutim ki vie le yon gason gen lide marye ak yon fi, se pou li menm ou fanmi 1, bay fan mi t ill a yon dot Chak tribi gen jan pa 1 pou 1 peye ddt la. Sa yo bay pi sou van, se bef, chwal, mouton, kabrit, poul, diri, patat, pwa, bannann. Yo bay rad tou epi la jan. Si yo pa peye dot la, maryaj la nil Tout moun konsidere madan m lan tankou yon fi ki lib. Koutim ki diskite nan liv sa a, se koutim ki egziste an Afrik. Se pa menm bagay ki gen an Aviti. Sa ki rann liv la enteresan pou nou, se jan yo konsidere pwoblem yo nan prensip Levanjil. Nou konnen prensip Levanjil kapab aplike tout kote. Se sa ki fe nou pa li liv la poutet sa ki rive moun yo. Men nou li 1, pou nou sa we kijan prensip Levanjil se pou sevi nan koze fi ak gason. Komite Pwotestan Alfabetizasyon e Literati Potoprens, Ayiti Walte Twobich (Walter Trobisch) fet an 1923 nan peyi Almay. Pandan lontan li te travay an Afrik, nan peyi Kamewoun, tankou m is von e pwotestan. Paste a te mete deyo anpil liv sou pwobl&m renmen, ak pwoblfem maryaj. Li te mouri an 1979. 7 PREFAS Liv sa a, se res let yo nou te pibliye nan ti liv yo rele: «Mwen te renmen yon fi.» Gen anpil traka ak pwobtem moun te soumet mwen apre yo te fin li premye ti liv la, mwen pale sou yo nan liv sa a. Se sa ki fe gen anpil moun nan peyi Afrik ki san yo pa vie, kolabore nan ekri ti liv sa a. Se pou sa mwen ta renmen di yo mesi pou kalite s£vis yo rann non selman mwen menm, men tout moun ki va li liv la. Kom fwa sa a gen plis let pase fwa pase a, mwen oblije pran nan let yo pati ki pi enterese nou an. Menm gendele mwen rasanble anpil let nan yon sel. Pou pa gen twop bagay repete, mwen siprime salitasyon ak adres. Gendele mwen bay sou fom Ibt bagay mwen pran nan koze. Repons let yo pa t toujou fasil. Se pou sa, gen anpil repons mwen pibliye, malgre m pa dako ak sa moun nan yo di a. Se pou nou tout nou toujou seye we pwoblem yo sou tout fas yo. Nou pa pou sispann reflechi sou sitirasyon yo. Pyes moun pa kapab deside pou yon lot. Pot la louvri, se pou chak moun pran desizyon I devan Bondye. Walter Trobisch Yawounde, Kamewoun (Afrik) PESONAJ Sesil - ki renmen Franswa Franswa - ki renmen Sesil Walte T(wobich) (Walter Trobisch) - misyone pwotestan an Afrik Ingrid (Twobich) (Ingrid Trobisch) - madan Walte Paste Amos - paste pwotestan afriken Mesye Anri - moun nan ministe Finans ki renmen Sesil 8 Sesil ekri Walte T. — Y 2 jiye Mwen ekri ou, paske ke m sere anpil. Depi kat (4) senmenn, mwen pa gen nouvel Franswa pyes. Li te pale m anpil de ou. Se sa ki fe m ekri ou. Ou konnen kijan nou te rankontre. Se te nan yon kamyon, mwen te soti lopital ak pitit yon se m, nou t ap ale lakay. Chofe kamyon an te derape anvan yo te mete bagay mwen ate. Franswa te pote bagay yo pou mwen epi li te pase nwit la lakay. Nan denmen maten, li kontinye ale lakay manman li. Kom ou konnen deja, se pou yon istwa fi yo te mete I deyo nan travay li a. Le nou te fek rankontre, se chak jou youn te ekri lot. Men depi konmansman mwa jen, let mwen yo pa gen repons. Sa ban m anpil tet chaje. Mwen pa konnen kisa pou m fe. Eske ou kapab ede m? B 10 jiyfc Walte T. ekri Sesil — Mwen kontan we ou ekri m. Nou youn konnen lot, malgre nou poko janmen we. Mwen kapab di m konnen ou pi byen pase anpil moun m rankontre chak jou. Jan Franswa fe potre ou nan let li yo ak le li ap pale de ou, kou m we ou, m ap rekonet ou. Ou konnen jan m renmen I, se bagay ki dat depi le li te lekol. Se pou sa, mwen menm ak ou nou oblije vin zanmi. Nou plis pase sa, nou konplis. Paske nou angaje nan menm batay la. Ou reveye istwa li te gen ak ti f i a. Le sa a, li te dezespere pou plas la li te pedi. Bondye fe li te ekri m sa touswit. 9 Nan epok sa a, nou te chanje kek let ou konnen ti kras. (Mwen te Renmen yon FI*) Sa ki te fe I lapenn, se jan Legliz te refize kite I pran lakonminyon. Li tankou si li te santi Legliz te abandonnen I, se pou sa mwen te pe pou I pa t pedi fwa nan Bondye. Men se lekontre de sa m te pe a ki te rive. Sa se yon mirak pou jan li vin gen lafwa. Li santi Bondye te padonnen I. Se pou sa li te vin konprann sa Bondye fe pi gran pase sa moun fe. Se paske II te mete ko I tou piti devan Bondye, konsa li we Bondye vin grandi devan je I. Moman sa a, te gen anpil enpotans pou li. Se pou ou kontan, pou ou we yon neg ki pran yon desizyon konsa renmen ou. Ou konprann se yon aza ki fe I te rankontre ou le li ap retounen an?... Men Franswa li menm kwe plis pase sa. Pou li menm, se te yon siy Bondye pa t abandonnen I, malgre tout bagay, li te renmen I toujou. Se prezans ou ki fotifye fwa I, paske ou egziste, li vin reprann konfyans nan Bondye. Se pou sa, le papa ou vin mande I yon dot 100.000 fran* pou I peye touswit, li tankou si I te resevwa yon kou. Tout konfyans ki te nan li gaye. Le sa a, li ekri m yon kalite let sa a. Ou konnen karakte I, kou II devan yon traka, II mete sa sou kont tout bagay: fwa, lanmou, Bondye, Leta, Legliz, ou menm, mwen menm. Kite m ba ou yon ti moso nan let la: «Pito yon moun mouri pase pou I ap viv san lavi.» «Mwen akize moun yo di reskonsab peyi m Ian, yo pito ap plede void lajan malere, pase pou yo anpeche neg rich yo pran tout dwa sou fi yo...» «Mwen akize sosyete diktate sa a, reny sa a, ki bay chef yon fanmi tout pouvwa, ki fe yon fi oblije fe sa fanmi *Gade nan Avangou, paj 7. 10 I vie. Yo gen dwa vann li, pou yo jwenn lajan le yo bezwen...» «Mwen akize si stem sa a, ki pen met yon papa fe pitit li vin esklav...se yon bagay ki penmet yo trafike ak maryaj jenn moun yo...» «Mwen akize papa yo, ki pa we pase nan lajan. Yo two parese pou yo travay, yo vann pitit fi yo pou peye det...» «Mwen akize Legliz... ki pito pini pase pou I ede...» « Pou kisa Bondye... montre nou chemen an, san li pa penmet nou mache ladann? Si maryaj lanmou, se bagay moun rich, pou kisa Bondye pa fe 100.000 fran mwen bezwen an, soti tonbe nan syel la?...» Let sa a, se 3 jen li te ekri m li. Depi le sa a, mwen pa konnen kisa li fe. Sesil mache, se tout tan m ap reli let la, men chak fwa se menm bagay la ki vin nan lide m: let sa a, se yon paket afe. Li telman gen rezon nan sa li ap di yo. Franswa akize tout moun, sof tet pa I. Si ou koute I, se pou ou di se li menm premye ki ap peye dot. Se konsa li ye, yon fwa se pa zafe pa I, li pa fouti konprann pa yon lot. Men si se zafe pa I, II twouve tout bagay te pou fasil. Men malgre tou, mwen pa ta renmen pou let sa a rete san repons. Li di sa anpil moun santi. Mwen sitelman sezi, m pa konnen sa pou m di. Mwen pa ta vie di I bagay ki pa gen sans. Mwen konnen nou menm ki soti nan Ewop, nou yon ti jan koupab nan koze a. Paske lontan, se te yon bon koutim dot la te ye, se nou menm ki vin gate I. Le let ou a rive, mwen t ap mande m kisa pou m voye di I, ki ta kapab konsole I. Mache Sesil, m ap mande ou, pou ou reponn Franswa ou menm. Ou kapab ede I plis pase m. Annou mete tet nou ansanm, pou nou konbat pou maryaj la. Se pou ou fe I we fanm an Afrik kapab renmen. Gen anpil moun ki kwe sa pa posib. Montre I neg an Afrik gen dwa renmen tankou tout moun. Bagay sa a, se pa yon kesyon lajan li ye, se koze konviksyon. Se pou ou fe I konprann le moun gen 11 konviksyon, li pa pou chita ap plede akize moun, se pou I sere dan I, pou I antre nan michan. Gen yon kote nan let la m patko di ou; men li: «Mwen akize jenn f i yo, ki pa di anyen devan kalite male sa a yo rele dot la. Yo kite fanmi yo fe sa yo vie ak yo, apre sa yo di maryaj pi red pase yon prizon ki bare ak miray ou ak fil fe lantouraj.» Se ou menm sel ki kapab reponn koze sa a. Fe Franswa we gen jenn fi an Afrik ki pa chita kwaze bra yo. Se yon travay ki dif isil anpil, men mwen fe ou konfyans, mwen konnen m kapab konte sou ou. Y 20 jiye Sesil ekri Walte T. — Aye, mwen te fe sa ou te mande m Ian, mwen reponn Franswa let li a. Se pa yon bagay ki te fasil pou mwen. Pou konmanse, mwen pa t vie ekri. Men kanmenm, mwen seye. Se yon let ki te difisil pou ekri. Kounyeya, li fin ekri, mwen wont voye I ale. Tout nwit la m ap refiechi pou m konnen kisa pou m fe. Se le sa a, lide m di m voye I ba ou, pou ou kapab we I. Mwen ta renmen ou I I I pou madanm ou. Si madanm ou kwe m ka voye I, se le sa a, m a voye I. Se yon bagay ki difisil, pou di yon moun laverite san 12 ou pa fe I fache. Se sa ki fe m pe repons li kapab voye ban m. Mwen kwe li pi bon pou nou retire kat (4) denye mo yo. Mo sa yo two f6. Y 19 jiye Sesil ekri Franswa — Mwen renmen yon jenn gason. Yo rele I Franswa. Sa, se yon bagay pou ou pa janm doute, malgre tout lot bagay ou pral li. Depi premye fwa nou rankontre nan otobis la, le ou te ede m pote zafe m yo lakay la, depi jou sa a, mwen santi m pa kapab kite ou. Sa ki te fe m pi konsidere ou, se paske pandan nwit la, ou pa t chache vin kote m. Sa te fe m santi se pa t pou ko m ou te we m, men se pou tet mwen. Se pa yon ti plezi ou t ap chache, men ou te vie pase tout vi ou avek mwen. Se paske m renmen ou, ki fe m kapab pale konsa nan let sa a. Paste Walte voye montre m yon ti moso nan let la ou te ekri I pou mwa jen an. Li mande m tou pou m reponn ou pou li. Le m te fek li let la, mwen te yon ti jan wont pou ou. Men kom sa penmet mwen konnen poukisa mwen pa gen nouvel ou, sa yon ti jan konsole m. Franswa monche, mwen konprann pwoblem ou. Mwen konseve tout let ou yo. Le m reli yo, mwen santi kijan sa papa m mande ou a, fe ou mal. Mwen konnen ou pa gen lajan, mwen konnen ou pedi travay ou. Men mwen santi kijan ou renmen m. Ou kapab gen rezon le ou di Legliz fe fayit. Ou gen rezon tou le ou di tout kantite enjistis Leta ap fe. Se toujou konsa le nouvo lide yo kanpe devan lide lontan yo. Men f 6 ou pa bliye se sou jenerasyon pa nou an selman tout 13 chanjman sa a rive. Tandiske, pou Idt pep yo, se anpil syek sa te pran pou chanje. Se sa ki fe tankou paste a di, yon koutim ki te bon nan tan lontan, twouve vin move jodi a. Se pa selman blan yo ki reskonsab, men nou menm tou. Paske, dot la gen yon bon kote. Li montre ki vale yon jenn fi gen devan yon gason. Nou menm fi, se konsa nou ye, nou renmen moun ki fe anpil sakrifis pou nou, moun ki lite anvan li posede nou. Nan konmansman let la, mwen te di m renmen yon gason. Men yon gason pa fet pou chita ap piede akize moun selman. Yon gason fet pou lite. Se pa le nou akize Bondye ak tout moun bagay ap chanje. Se le ou ape lite m renmen ou. Si m pa kontan sa ou ape fe, mwen pa kapab renmen ou. Se pou sa mwen mande ou pou ou lite pou mwen, pou ou lite avek mwen, pou nou kapab marye. Mwen pa vie kite ou sel, mwen vie lite ak ou. Ou gen rezon, gen anpil jennfi ki kwaze bra yo, epi ki kite yo vann yo tankou yon machandiz. Mwen p ap pran pou yo, men Sesil ou a, pa menm jan ak yo. Plis n a lite, se plis maryaj nou va gen vale. Sa ki soti tonbe nan syel tou kwit, pa gen anpil vale, sa pa kapab soude nou ansanm. Mwen kontan Bondye te fe nou youn pou lot. Mwen pa fouti di ou kijan sa fet, men se yon bagay mwen santi. Kounyeya, mwen poko konnen kijan n ap fe jwenn lajan an, si n ap kapab fe papa m chanje lide, ou si ou ape jwenn yon travay. Poutan nan mwen menm, mwen santi gen yon chemen. Gen yon jou ki pou rive nou p ap separe anko. Bondye p ap fe lajan soti tonbe nan syel, men Li ak nou nan tout traka nou, le nou mete men nou nan men pa L. Sa nou bezwen, se pa lajan, men se lafwa, pou nou kapab mete konfyans nou nan Bondye. Mwen redi ou anko: mwen renmen ou. Men se yon Franswa gason m renmen, se pa yon Franswa ranyon. 14 Ingrid ekri Sesil — B 22 jiye Jan ou te vie a, paste te li let ou te ekri Franswa pou mwen. Ou pa kapab pi bon pase sa. Se paske ou renmen neg la ki fe ou ka ekri konsa. M ap di kareman m pa t kwe yon jenn ti fi tankou ou te kapab ekri kalite let sa a. Se sa ki fe m pi konsidere ou. Mwen espere yon jou n a fe konesans pi byen. Pa gen bagay ki pi difisil pase pou ede yon moun, san ou pa fe I wont. Men yon ddkte pa kapab toutan ap pase pomad selman, gen yon le, se pou li koupe tou. Le de (2) moun renmen, youn se ddkte lot. Se moun ki kapab panse yon blese, ki ka fe I mal. Se pou sa, fok yon moun renmen yon lot anpil, pou I penmet li fe I soufri. Paske renmen toutbon pa nan «kase fey kouvri sa», se bagay ki gen fos ak kouraj. Sa ki fe m pi kontan let ou a, se jan ou etabli relasyon ant renmen ak respekte. Pou esplike komandman: «Piga nou fe adilte...» Lite di konsa: «Kisa pawol sa yo vie di?... Se pou anmenmtan, nou pe epi nou respekte Bondye tou. Pou nou viv yon vi ki pa nan dezod, pou panse nou pa janm gen detou, pou nou onet nan sa n ap fe ak nan sa n ap di. Le nou marye, se pou youn renmen I6t.» Renmen ak respekte gen pou yo mache ansanm, paske respe fe ou konsidere sa ou renmen an. Mwen kwe yon f i ki renmen toutbon, renmen mari I, menm le I ap travese move pa. Le li dekouraje, tet li pandye tankou yon vye fey bannann cheche. Se moun ki respekte moun ki renmen toutbon. Ou met voye let la ak ke poze. Se yon bon let li ye. Le yon moun gen kouraj pou I di verite, Bondye beni I. Ou pa bezwen pe, si Franswa ta move, paste konnen kijan pou I kalme I. Se nan ka sa a, nou kapab di: «Le yon moun pe, li pa gen lanmou nan li. Le li gen lanmou, li pa gen pou li pe.» 15 Franswa ekri Walte T. — E 27 jiye Anfen, ou resi fe m ekri ou ankd. Mwen fek resevwa let Sesil ou te voye pou mwen an. Ou se neg malen pou ou rive mete I nan koze a. Ou konnen ki kote pou ou kenbe m. Men let la fe m plis mal pase byen. Se pa kritike selman li kritike m, li joure m tou. Mwen te pran Sesil pou yon zanj, jodi a, zanj la montre m grif li. Men li bon konsa, paske sa penmet mwen konnen ki kote m ye. Mwen kontan li ekri m let sa a, sa louvri je m, sa m te kwe a se pa sa, mwen santi m pi leje. Mwen te gen afe ak premye ti fi a, paske I te di m mwen pa gason. Jodi a, m ap kite sa pou menm rezon an. Yon fwa ou te di m konsa: «Nan ka sa a, si yon moun gen kouraj, se pou I kouri...» jodi a, ou ban m rezon... Li fe byen demaske I anvan m marye ak li. Kijan Bib la di sa?... Efezyen chapit 5 vese 22-24. M ap kopye pasaj la pou ou, paste, ou p ap bezwen pedi tan chache I. Vese 22 - «Nou menm medam yo, soumet devan mari nou tankou nou soumet devan Senye a...» Vese 23 - «Paske yon mari se chef madanm ii menm jan Kris la se chef legliz la...» Vese 24 - «Konsa, se pou medam yo soumet devan mari yo menm jan legliz la soumet devan Kris la.» Si depi kounyeya, li kanpe tet li, kijan sa va ye, le nou marye. Mwen vie yon fanm ki pou obeyi m san kondisyon, nan tout bagay. Sa se yon bagay ki kle, sa pa gen de sans. Mwen se yon neg yo louvri je, se pou sa mwen di ou mesi. 16 B 3 out 17 Walte T. ekri Franswa — Ou fe egzakteman sa m t ap tann ou fe a. Ou se neg sot. Sa se bagay ki kle tankou lajounen: ou se yon gwo net sot. Mwen te li let Sesil la anvan, paske li te mande m fe madanm mwen li I anvan. Nou te sitelman kontan I, nou ta renmen pou anpil jenn gason ak jenn fi li I. Se pa selman isit an Afrik men nan tout lot peyi. Let sa a, se yon paket afe li ye. Kite koze pran pawol. Sesil ou we la a, se pa ti moso neges non ki la a. Sa se fanm toutbon e mwen fe ou konpliman pou jan ou konnen chwazi. Ou pa menm we kijan ou gen chans pou kalite f i sa a renmen ou. Le ou ekri m Ian, ou te ankole, se yon sel fwa ou li let la. Se pa pou ou janm fe sa. Pito ou te domi apre ou te fin li I. Konsa, ou ta pi kapab jije I. Reli let la san fe bri. Ou pa we ki kalite efo Sesil fe pou ekri let sa a?... Si li di ou mo ki di, ou pa kwe se paske I renmen ou ki fe li kapab di yo?... Ou konnen, le yon moun renmen toutbon, li pa aveg, je I we kle. Li we defo, li we febles moun Ian, men malgre sa, li renmen I jan I ye a. Ou te mande m yon le, kijan pou yon moun konnen si I renmen yon lot. Mwen te di ou konsa: se le defo lot moun Ian pa jennen I. Sa pa vie di li renmen defo yo, men li renmen moun Ian ak tout defo yo. Li santi I reskonsab moun Ian. Se sa ki rive ou, Sesil renmen ou jan ou ye a. Men ou menm, pase pou ou di Bondye mesi, ou fache. Ou genie te kwe ou pa t gen defo? Men yo pa ta renmen 16m, si li pa t gen defo. Di laverite, tou sa Sesil di a, se vre. Defo ou, se mode iage. Mwen konnen verite se bagay ki blese, sitou si I fonde. Nou tout nou sansib sou pwen sa a. Men sa fe gason pi mal le se fi ki ap plede pale. Se menm bagay la tout kote. Men an Afrik, gason pi sansib sou pwen sa a. Sa ki fe sa, se paske isit, yo pa konsidere fanm tankou si I egal ak gason. Yo pa vie sa ki pi ba pase yo kritike yo. Se sa ki fe anpil maryaj pase mal. Mwen gen yon zanmi m ki te ekri f iyanse I yon let. Nan let la, li te di fi a sa I te vie. Nan lis bagay li te voye di fi a, m ap chwazi kek ti moso pou ou. «Se pou ou toujou ap kritike m, pou domi pa pran m pou m sa ale lwen.» Ou kwe yon gason an Afrik ta renmen sa? «Menm si sa ou te kwe a, se pa sa, se pa pou ou pedi konfyans nan mwen.» «Se pou ou ede m ranpdte viktwa sou sa ki pa bon nan mwen.» «Se pa pou ou kache m anyen, si m di ou yon bagay ki fe ou mal, se pou ou di m sa touswit.» Eske ou konprann kisa zanmi an t ap chache? Se pa t yon domestik ki pou fe tout bagay 11 ap chache. Men li te bezwen yon konpany ki pou kanpe kote I, devan Bondye. Se selman le yon gason jwenn yon moun konsa li kapab vin «fe yon sel che ak li.» Men pou sa rive, fdk youn ka kritike lot. Annou retounen nan Efezyen chapit 5. Se pou ou fe atansyon ou pa pou chwazi nenpot ki vese nan Bib la, pou montre ou gen rezon. Piga ou sevi ak vese nan Bib la yo, tankou lese pase, pou jistifye tet ou devan lemonn. Ou we sa, menm Bondye panse tankou m. Pawol Bondye, se «tankou yon mato ki ap kraze woch», li ranvese sa ki pa bon, li fe mal, li kraze. Pawol Bondye vie goumen ak nou. Ou te kopye vese 22, 23 ak 24, paske yo bon pou ou. Mwen di ou mesi pou travay la. Men malgre sa, mwen te louvri Bib la epi mwen te ajoute vese 21 ak 25 pou ou. Vese 21 an ensiste sou jan pou youn soumet bay lot, li di konsa: «...se pou nou youn soumet devan lot pa respe pou Kris la...» Se apre sa, lot vese ou site yo vini di kisa 18 sa vie di pou fanm. Men vese 25 la montre kisa sa vie di pou gason. Se li menm ou bliye. Li di konsa: «...mariyo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li.» Sa, se yon paket koze. Tout vi yon moun p ap ase pou mezire fonde koze sa a. Kijan Kris te renmen Legliz?... Li te sevi I, li te travay pou li, li te konsole I, li te lave pye I tankou yon esklav. Legliz te tout bagay pou li, li menm, li te ba I tout bagay tou, li te ba I vi I. Ou we Pawol Bondye, se yon epe ki koupe de kote, li ka blese ou? Jezikri pa t jan nou ta vie I ye a, yon gwo chef, yon gwo zotobre ki vie yo vin sevi I. Se esklav Legliz li te ye. Mwen fe espre di mo sa a, paske se yon mo nou pa renmen an Afrik. Se paske li te esklav Legliz li te chef li tou. Se menm bagay la pou ou, si ou vie chef madanm ou, se pou ou kapab esklav li tou. Sa ki pi red, se jan Legliz la menm pa obeyi I toutan. Anpil fwa, li refize swiv li, jouk kounyeya, menm bagay la ap kontinye. Ou menm, ou kritike Legliz kont ou. Mwen menm tou. Li sitelman gen vye bagay, le nou chonje ki kalite batay ki gen nan mitan I. Men se Legliz sa a Jezi te renmen, se pou li menm li te mouri. Ak jan I renmen I, li fe I vin yon bagay ki gen vale. Le legliz obeyi Jezi, li pa fe sa tankou yon devwa, men se paske I vie, paske li pa kapab viv san li. Eske ou pa santi Sesil se yon sel bagay li vie, se pou I vin fe youn ak ou, tankou tet fe youn ak kb. Le li kritike ou, se yon sel bagay li ap chache, li ta vie ou vin yon tet li ka obeyi. Se pou sa li mande ou lite tankou Kris te lite pou Legliz. Le ou lite pou li, se yon sevis ou rann li. Nan sitirasyon sa a, gen kouraj pa vie di kouri, men se pou ou rete pou ou kapab vin yon gason toutbon. Se pou ou vwayaje pi vit ou kapab, pou ou sa pale ak Sesil. 19 Franswa ekri Walte T. — E 14 out Ou retounen anko ak kalite let ou yo? Si m pa t konnen ou, mwen ta dechire I. Kisa ou vie m di ou?... Se yon bel predikasyon... Ou menm, se nan syel ou vie vole, pye ou pa poze sou te menm. Ou pa vin ak anyen ki pratik. Sdl bagay let ou a di ki bon, se denye liy la. Men se pa yon bagay ki posib. Kijan ou ta vie yon bagay konsa, alewd Sesil. Si m al chache I Id li ap sdti lekdl, touswit sa ap fe yon paket pale anpil. Se lakay yon nonk li, II rete. Mwen pa kapab ale la. Nan vil la, pa gen plas ki gen ban pou moun chita. Mwen pa gen oto. Si m te gen oto, mwen ta gen lajan, mwen ta kapab marye. Ou pa di m anyen sou koze lajan an, tout pawdl ou se sou renmen. Men pi souvan, tankou nan koze m Ian, lajan ak renmen mache ansanm. Se moun ki gen lajan sel ki kapab marye. Sa m bezwen, se lajan. Si m t ap travay, mwen ta gen lajan, mwen ta nan yon lekdl ki pou Legliz. Legliz mete m deyd. Si Kris se tet e Legliz se kd, yo toude fd yon sdl. Bon, kijan Kris fe padonnen m, epi Legliz refize?... Epitou, se sou tet mwen pou m konte. Ldt jenn gason yo gen manman ak papa pou kenbe yo. Men mwen menm, men sitirasyon pa m: Granpe m te gen twa (3) pitit gason: Toni, Moyiz ak Oto. Se Toni ki te pi gran. Li menm, II te gen de (2) fanm, sa fe li pa t nan Levanjil. Dezyem Ian, se te Moyiz, se yon levanjil li te ye, se pou sa II te gen yon sdl fanm ki te fd kat (4) pitit, de (2) gason ak de (2) f i. Oto ki te pi piti te gen yon sdl fanm tou yo te rele I Mat, li te gen yon gason yo te rele Jak. Men sa ki rive. Oto mouri kite Mat vdv. An Afrik, sa se yon gwo male. Se bagay ki gen rapd ak ddt. Ou tande 20 Sesil di se yon bon bagay sa ye. Li pa rann li kont kisa sa ye. Le se madanm Ian ki mouri, sa pa pi grav pou mari a. Li pedi yon byen. Si I bezwen, li kapab ranplase I. Men yon vev, se tankou yon byen ki pedi met li. Le sa a, yo abandonnen I, yo pa ba I sekou, yo pa pwoteje I. Mat te vev ak yon pitit li, Jak. Ndmalman, Moyiz se gran fre Oto, se pou li te marye ak li. Men sa pa t kapab fet, paske Moyiz se yon levanjil ki t ap anseye katechis. Li pa t kapab genyen plis pase yon fanm. Se Iwa Legliz ki vie sa. Sa se yon bagay ki di anpil, koutim nou yo yon ti jan pi fasil. Men kom li deja levanjil, li pa kapab fe sa. Moyiz pran Jak le li gen dis (10) lanne, li mete I lekdl. Se sa selman li te ka fd. Mat menm, yo voye I bay Toni. Konsa Toni vin gen twa (3) fanm. Depi anvan, Toni te rayi ni li, ni Levanjil. Li pa t janm okipe I, li te mal mennen I, li te pdsekite I. Li pa t ba I ni rad ni soulye. Li pa t menm gen kay, li pa t gen yon kote pou fd manje. Li pa t menm gen dwa ti moso savon. Malgre sa, Toni vin gen yon pitit ak Mat: pitit sa a, se mwen menm. Toni te deja gen yon pitit gason ak dezydm madanm li a, li te renmen pase m. Mwen menm, li pa t janm rekondt mwen kon pitit li. Se manman m pou kont li ki te konnen okipe m. Se pou sa, mwen te toujou sal, an neglije. Kdm li pa t gen savon pou benyen m, mwen te vin gen yon maladi sou po m. Manman m pa t menm kapab mete rad sou mwen, se pou sa mwen pa t janm ale lekdl. Mwen te sove kite kay li, epi m te tounen yon ti vakabon pou jouk jou ou te vin rankontre m Ian. Apre sa, rds istwa m ou konnen I. Kounyeya, ou konprann poukisa m pa ka espere anyen nan men fanmi m. Pou papa m, mwen pa egziste, vin we m se yon levanjil. Nonk mwen Moyiz deja pran premye pitit manman m Ian, Jak. Epi li gen kat (4) pitit pa I. Se sdl manman m mwen genyen. Li gen jis kont pou I viv Id I 21 plante jaden I. Mwen pa menm ka konte sou yon eritaj. Menm si pitit gason papa m pi renmen an vin mouri, gen Jak ki pase anvan m, ak de (2) pitit Moyiz yo. Ou di m konsa pou m ale we Sesil?... Avek de (2) men m vid?... Non se pa yon bagay ki posib. 22 Walte T. ekri Franswa — B 20 out Mwen di ou mesi pou jan ou rakonte m istwa ou net. Nou deja gen dis (10) lanne depi nou rankontre, se kounyeya selman ou di m tout laverite. Poukisa? Let ou a, fe m konprann nou menm misyone, nou pa fe konmisyon Bondye byen. Le ou te vin we m, sa deja gen dis (10) lanne, ou te di m ni papa ou, ni manman ou pa t okipe ou. Se te vre. Men mwen pa t we ki kalite mize ki te kache deye mo sa yo. Mwen te asepte ou nan estasyon an, men mwen pa t poze ou plis kesyon. Nou toujou fe menm ere a, nou pa poze kesyon. Nou pa vie konnen twop bagay, nou pe pou chaj la pa kraze nou. Nou pe reskonsab twop afe, nou pito pa reponn fre nou ki ap rele nou. Yon misyone konprann li fe yon paket afe, le li fe gwo vwayaj vin an Afrik la. Se vre, nou rankontre chak jou nan Legliz, ou vin lekol di dimanch, men nou youn pa konnen lot. Nou two parese, pase pou nou mete nou nan plas moun yo, pou nou chache we pwoblem yo, tankou moun yo we I la, nou pito femen je nou epi nou mete Iwa. Nou f e tankou yon kalite moun ki tire je femen. Nou pa konnen ki bo bal yo ale, ki moun yo frape. Si se manman ak pitit, sa pa regade I. Jezikri dwe wont misyone sa yo. Pandan m t ap li let ou a, mwen te wont tet mwen devan Kris. Mwen te wont pou tout misyon an. Nou mande nan lanmou nou, lespri nou pa travay ase. Si la a, paske li gen yon sel fanm, li ap anseye katechis, li bon. Men fre I ki fe tankou bon samariten an, pou ale nan lanfe paske I gen de (2) fanm. An reyalite, pa gen yon solisyon ki bon pou tout ka. Yon moun pa kapab di sa bon pou tout moun, sa pa bon pou tout moun. Levanjil pa pou kwaze bra li, se pou I pran 23 tan I pou chache nan chak ka yon solisyon ki adapte swivan volonte Bondye. Sa se yon travay ki difisil, se pou nou fe sa avek lanmou. Mwen mande ou padon, paske m te manke nan travay mwen. Mwen pa t enterese poze ou piis kesyon. Let ou a, vin fe m reflechi sou de (2) kesyon. Premyeman, gen plizye madanm pa yon solisyon, ou konnen sa plis pase m, paske sa te fe ou soufri. Ou te mande m yon fwa, si yon nonm kapab renmen plizye fanm ansanm. Ou menm, ou we se pa yon bagay ki posib, swa li pa okipe yo, swa li renmen youn plis pase lot yo. Nenpot kijan, se mize, se jalouzi, se kont. Bib la gen rezon le I di se pou yon gason renmen yon sel fanm. Sipoze pitit gason papa ou pi renmen an vin mouri, ki kalite diskisyon ki pral genyen pou eritaj sa?... Ki moun ki pou demele koze: sa ki lejitim ak sa ki natirel?... Wanga p ap manke antre nan batay sa a: pitit natirel, pitit lejitim, pitit adilteren?... Se pa bagay pou ou mande. Dezyem bagay ki f rape lespri m, se jan Bondye pran ou nan men, malgre tout melimelo sa a, malgre tout ere sa yo, Li kondi ou mete sou chemen sali. Malgre tout bagay, Li chwazi ou, Li rele ou vin nan wayom Li. Bondye te la, Li te la le manman ou t ap soufri a, Li te la le papa ou te abandonnen ou a. Li penmet ou jwenn mwen, Li ba ou lafwa. Malgre ou pa fe sa Li di ou, malgre ou enfidel, Li mennen ou vin kote Sesil. Men travay Bondye fe, Li menm ki vivan. Li menm, Li pa parese, le nou tout enfidel, Li menm, Li fidel. Ou di let mwen an pa ase pratik. Mwen pa kapab montre ou plis pase sa Bondye montre m pou ou. Se pa toutan Bondye montre nou solisyon an. Li montre nou selman ki premye pa pou nou fe. Nan Sdm 119 li di konsa: «Paw6l ou se yon chandel ki fe m we kote m ap mete pye m, se yon limye k ap klere chemen mwen.» Bondye pa pwomet yon limye ki pou klere tout wout la. Li pwomet yon lanp ki pou klere pye nou. 24 Lanp la pa klere Iwen, men yon ti bout wout. Chak chemen konmanse ak yon premye pa. Premye pa pou ou fe, se travay pou ou jwenn. Mwen kontan tande ou panse sou sa. Mwen ta renmen ou fe paste Amos yon ti vizit, epi ou ta mande I pou li reprann ou. M ap ekri I tou pou m mande I si li pa kapab pale ak papa Sesil. Eske sa ase pratik pou ou?... Mwen redi ou anko, se pou ou chache we ak Sesil. Ou pa bezwen chaje tet ou pou randevou a. Se pa ak tet yon fanm ki renmen panse, se ak ke I. Menm nan bagay pratik, fanm gen plis lide pase gason. Ou met konte sou Sesil, li kapab ranje tout bagay. B 20 out Walte T. ekri Sesil — Franswa te ekri m anko. Nou te rive fe I soti kote li te kache a. Sa se travay ou, se rezilta bel let ou te ekri I la. Kounyeya, se pou ou kenbe ou pre. Kou lekdl louvri, li kapab vin tann ou le ou ap soti nan klas. Reflechi pou konnen ki kote ou kapab ale ansanm ak li pou nou ka pale san yo pa deranje nou. 25 B 29 out 26 Walte T. ekri paste Amos — Jddi a mwen ekri ou pou m pale ou de Franswa. Ou konnen istwa I, se mwen ki te batize I. Se ou menm ki konfimen I. Li te vin pwofese nan lekdl la, mwen kwe li te bay yon bon travay pandan twa (3) lanne li te fd a. Apre sa, li te vin an afd ak yon fi. Kdm eldv yo te vin konnen sa, yo te denonse I. Pou mwen menm, mwen kwe se yon pdlen yo te pare pou li. Se pou bagay sa a, yo remdsye I, epi yo prive I lakonminyon pou sis (6) mwa. Se Id sa a, youn te konnen ekri Idt. Mwen voye kdk kopi Idt pa m yo, pou ou kapab we kijan nou te konnen pale. Sa te vin mennen yon premye konvdsyon, li te menm rive konfese m tout bagay net. Mwen pa kapab di ou plis, paske kdm pastd, mwen oblije gade sa yon moun di m tankou yon sekrd. Men sa m kapab di ou, li te asepte padon Kris la ak yon kd sensd, epi li te seye derape yon Idt jan. Se ia pou nou soutni I, ou konnen ki kalite batay ki livre kont fwa nou Id kareman nou vire do bay lemonn ak tou sa ki ladann. Se moun ki pran gwo desizyon konsa Satan atake plis. Se pou sa, se pou nou antoure Franswa tankou yon f re, pou li kapab fd premye pa yo nan nouvo direksyon li pran an. Mwen ta mande ou, pou ou kite I patisipe nan lakonminyon ankd. Dapre sa m konnen, se moun ki lage tet yo net nan peche, malgre avdtisman yo jwenn, Nouvo Testaman anpeche patisipe nan konminyon ak Legliz la. Mwen pa jwenn yon sdl ka, ki di Id yon moun konfese peche I, li oblije sibi disiplin Legliz la. Kdm pastd Franswa, se pou nou ankouraje I pran lakonminyon, kou okazyon an prezante. Petdt se kounyeya, apre kout tonbe sa a, li konprann pou premye fwa kisa lakonminyon an ye vre: Jezikri ki asepte patisipe ak yon pechd. Si nou refize bay yon peche ki repanti lakonminyon, sa tounen iekontre de sa pou I te ye. L a tounen yon reyinyon moun ki saj, ki pa fe peche. Oubyen sa ki pi fasil, yo pa kenbe yo nan men ap peche. Le jenn gason an ki te kite kay papa I la retounen, apre li te pase yon bon tan ap viv nan brigandaj (Lik chap it 15 vese 11 -32), papa I pa t fe I rete sis (6) mwa nan yon chanm retire pou li verifye si se toutbon li te konveti. Men istwa a di nou, li pran I nan bra I, tankou pitit li, pou I montre I li padonnen I, li manje ak li. Se paske Jezi te manje ak peche, ki fe farizyen yo te fache. Yo te konsidere sa tankou yon blasfem kont Bondye. Se pou sa, yo te krisifye I. Gendele mwen mande m si nou pa fe menm bagay ak yo. Si nou pa krisifye Jezi anko, le nou refize kite peche yo vin chita sou ban ak li. Pou Franswa, sa poze m yon pwoblem. Li voye di m Kris padonnen I, men se Legliz ki refize. Genie Jezikri ak Legliz se pa menm bagay?... Se pou rezon sa a, mwen ta renmen mande ou tou, si ou pa kapab reprann Franswa nan lekdl la. Sa, se yon bagay ki ta montre Legliz p ap enpoze Iwa, li anonse yon bon nouvel, li p ap pini, men II padonnen. Men rezon ki fd m mande ou sa: Franswa fd konesans yon jenn fi, mwen kwd yo renmen e yo fdt youn pou Idt. Men gen kdsyon pri ddt la ki poze. Genie sa se yon pakdt afd pou Franswa, ki pa gen pyes fanmi pou ede I. Ou konnen sitirasyon an, papa fi a, mande pou yo vdsd I imedyatman 100.000 fran. Jan Franswa pale a, genld sa se sdlman yon premye vesman li ye. Mwen pa konnen si ou pa kapab rann fanmi fi a yon ti vizit sou koze sa a? Kdm ou se moun isit, yo ta kapab genyen ou plis konfyans pase mwen menm, epitou ou kapab pi fasil wd kijan sa ka ranje. Antouka, mwen ta renmen ou di m kareman sa ou panse. Kijan ou kwd koze a ka ranje. 27 E 16 septanm 28 Franswa ekri Walte T. — Nou te rive we. Se tankou le nou te rankontre premye fwa a, tout bagay ranje net. Depi kek senmenn se lakay manman m mwen ye, ti kote Iwen sa a. Toulejou, mwen rete chita lontan nan lonbraj kay la. Lespri m ap vire won. Gendele, mwen rete ap plede gade ti potre m te dekoupe nan jounal, m kole nan panno a, tankou si potre sa yo te kapab ban m konsey. Men yo te rete bouch be. Rive yon le, mwen pa t fouti sipote anko. Mwen te tankou si m te prizonye nan pwop kay mwen. Kounyeya, tout miray tonbe. Mwen santi m lib, tout chemen louvri devan mwen. Poutan, anyen pa chanje nan sitirasyon an. Mwen pov menm jan m te ye anvan an. Yon sel bagay ki rive: nou te rewe. Yon zanmi m te mennen m ale ak oto I. Li te gen pou I retounen menm jou swa a, se pou sa mwen pa t gen anpil tan. Mwen te ale tann li bo lekol la, te gen yon paket elev ap soti. Sesil pa t ak yo; ou pa bezwen mande kijan m te ye. Anfen, li rive an denye. Kom li te we m, li t ap tann lot timoun yo ale. Li ban m lanmen, san li pa gade m. Mwen lonje bra m, mwen touche dwet li tankou si m pa t pi sou bo I. Nou tankou si nou te we chak jou. Tankou si 11 ap tann mwen, li di m konsa: «Gen de (2) solisyon ki posib, swa nou ale nan Legliz katoiik la ki toujou louvri, oubyen nan restoran an.» Mwen chwazi Legliz la, paske m pa t gen lajan pou m ale nan restoran. Nou te oblije fe yon ti mache pou yon demi e. Mwen derape devan, li menm li swiv mwen ak yon ti distans. Pyes moun pa t kapab kwe nou te ansanm. Mwen pa ta janm gen lide ale nan Legliz la. Li te gen rezon, Legliz la te louvri. Mwen mande m poukisa Legliz pwotestan yo toujou femen? Nou antre, epi nou ale chita sou yon ban ki deye a. Youn pa touche Idt, youn pa gade Idt. Nou toude ap gade dwat devan nou. Ou ta vie konnen kisa nou te di? Mwen pa menm kapab di ou, paske nou pa pale prdske. Sa m te kwd a, se pa sa. Li di m konsa: «Mwen kontan ou vini.» Mwen reponn li konsa: «Mwen remdsye ou pou Idt ou a.» Mwen ta vie di I kdk Idt bagay, fd I repwdch, defann Idt mwen an. Men prezans li te fd lide m gaye tankou yon kout van. Nou rete konsa san pale. Mwen pa kapab di ou pou konben tan, pase tan ap vole. Men fd ou konprann, nou pa t move non, men nou te rete konsa san pale. Mwen ta vie di silans la te soude nou. Lontan, se te fasil pou m te di yon fi: «Mwen renmen ou.» Epi se sdlman yon plezi mwen te vie pran ak li. Men jou sa a, se premye fwa mwen te gen dwa di sa, men mwen pa t kapab. Mwen te santi mo a te twd piti, li te twd fdmen pou tou sa ki te nan kd m. Nou pa t louvri bouch nou, poutan nou te pale. San nou pa t di yon mo, nou te santi youn te renmen Idt. Konviksyon sa a te antre nan nou, II te pran rasin nan f on kd nou ak yon fds ki te ban nou yon dould ki dous. Se te pi bdl moman nan vi m. Yon moun pa t pou di youn Idt li renmen I, si li pa t viv yon moman konsa. Se tankou si nou te konnen depi lontan, tankou si youn te pou Idt, depi tout tan. Nou te santi nou te yon sdl moun Ian, li menm li se yon pati nan kd m, mwen menm mwen se yon pati nan kd pa I. Le sa a, mwen konprann anyen pa kapab separe nou, ke se Iwa, koutim, papa ou lajan, Leta ou Legliz. Menm Id a tou, nou wd nou te nan yon Legliz. Mwen panse: men nou devan Bondye, se pou nou semante pou tout lavi. Mwen pran men I nan men pa m, epi nou rete 29 konsa pandan yon bon tan. Kounyeya, mwen ta renmen konnen kisa m bezwen anplis?... Eske m pa marye?... Kile yon maryaj konmanse?... Eske se selman ka ofisye a, ou Legliz la?... Ou pa kwe maryaj la konmanse depi le de (2) moun fyanse, le youn di lot konsa: «Mwen vie renmen ou pou tout lavi a.» Si nou fe pworries sa a devan Bondye, eske maryaj la konmanse le sa a?... Mwen pa menm chonje kijan nou te separe. Mwen te tankou si m te nan yon rev. Li mande m pou m vin we I vit, mwen menm, mwen di I m ap chache travay. Apre sa, nou kite Legliz la youn apre lot, epi nou chak nou fe nan yon direksyon. 30 Y 16 septanm E 18 septanm Franswa ekri Sesil — Pinga ou kriye Sesil, mwen mande ou fe m gras, pa kriye. Mwen konprann ou, mwen konprann ou anpil, se pa pou ou pe, se pa pou ou janm pe le m la. Se mwen ki gen to. Se mwen ki te pou pale, se pou m te mande ou nenpot ki bagay, men mwen menm tou, mwen pa t ka pale. Mwen te sitelman sezi we kijan ou salye m tankou si nou pa t gen anyen, epitou pou m we kijan ou te pare tout bagay. Ou te chita kote m tankou si se pou mwen sel ou te ye. Sa te vie di plis pase tout pawol. Ou fe m chanje, ou reban m espwa anko. Jodi a, mwen ede manman m fe jaden, pase pou m rete chita ap piede gade fetay kay la. Se pa ti kontan li kontan, li sezi we sa. 31 Sesil ekri Franswa — Mwen pa t kapab domi tout nwit la, pase se kriye m ap kriye. Mwen fe tet mwen repwdch, paske m pa pale ase ak ou. Ke m te two kontan. Mwen te sitelman gen bagay pou m di ou, m pa t konnen kisa pou m di. Kounyeya, ou dwe kwe m pa renmen ou anko. Mwen mande ou, tanpri seye konprann. Si m pa t pale, se paske m te telman kontan we ou vini. Mwen pa gen pyes moun lot pase ou menm. B 19 septanm 32 Walte T. ekri Franswa — Se nan Legliz katolik la nou te ale?... Mwen te di ou Sesil t ap gen yon bon lide. Sa se yon bagay ki difisil an Afrik, le pou yon jenn gason rankontre ak yon jenn fi. Fdk Legliz te panse sou sa. Mwen kontan ou te rive viv yon moman konsa, e m konprann kisa ki pase nan kd nou. Eske ou konnen gen blan ki kwe moun an Afrik pa kapab renmen?... Kesyon ou poze m yo, difisil pou reponn. Ou se yon neg ki konnen poze kesyon, chak jou yo vin pi konplike, se pou m reflechi anpil anvan pou m reponn. Kile yon maryaj konmanse?... Bib la di se yon miste. Yon moun pa kapab esplike yon miste. Selman ou kapab seye konprann li, men ou p ap janm rive jwenn bout li. Miste a konmanse, depi nan konmansman maryaj la. Ou di konsa: «Nou te gen enpresyon nou te yon sel moun.» Kile yon moun konmanse egziste? Devan lalwa, yon moun konmanse selman le li fet. Men li te gen vi depi anvan sa. Bon, kile vi a konmanse?... Lasyans di vi a konmanse le ze gason an rankontre ak ze fi a. Men pyes moun pa konnen kite yo rankontre. Sa se yon bagay ki kache. Men depi nan le sa a, yon Idt vi konmanse, yon Idt moun egziste. Poutan li poko pardt. Tout tan yon manman ap pote yon pitit, se fdt pitit la ap fet. Se tankou si li nan wout ap vini. Sa se yon bagay ki fd ou wd ki diferans ki gen ant maryaj ak fiyansaj. Nou dakd, vi ou ak Sesil konmanse. Eske se selman Id nou te Legliz la li konmanse?... Nou te deja rankontre?... Men eske se Id nou te rankontre nan otobis la I te konmanse?... Se kapab Id nou te ekri nan premye senmenn nou te rankontre a?... Ki moun ki ka di Id sa konmanse?... Sa, se yon miste. Depi kounyeya, inyon ou ak Sesil, fds la ki pouse nou an, ki fe nou anvi rete ansanm Ian, se chemen ki ap kondi ou nan miste maryaj ou. Men chemen sa a, se yon chemen ki long. Inyon sa a bezwen grandi tankou yon pitit nan vant manman li. Grandi piti piti ansanm, se pou sa fiyansaj la. Tou sa nou fe ansanm ede inyon ap grandi; bel bagay nou gade ansanm, dif ikilte nou rankontre, ke kontan nou genie we, doule nou santi le pou nou separe, ti koze nou, silans nou, let nou ekri, repons let yo nou ap tann, espwa nou, dekourajman nou. Se tout bagay sa yo ki ede inyon an grandi, jouk tan pou yon jou li vin yon miste. Men tout bagay sa yo kache, pyes moun pa konnen yo, se Bondye ak nou menm ki konnen I, epitou kek moun ki zanmi nou, nou mete nan ti koze nou. Se konsa, maryaj la deja konmanse, malgre li poko fet. Li tankou yon pitit ki nan vant manman I, ki ap tann le pou I fet. Maryaj ou ap fome. Jou nos la, se jou maryaj la fet la. Se tankou yon lot moun ki fet, tout moun kapab we I. Le sa a, yo pare yon fet nos epi yo anonse tout vwazinaj gwo nouvel la. Le de (2) moun fiyanse, yo tankou si se chache y ap chache we si youn fet pou lot. Jou nos la, yo tankou si yo di tout moun konsa: kdm nou we sa ka mache, jodi a n ap mete nou pou nou viv ansanm. Se pa yon setif ika maryaj ki fe yon nos, tankou tou se pa yon batiste ki fe yon timoun. Men sa pa vie di pou sa papye yo pa nesese. Yon maryaj, se pa yon bagay prive li ye, se yon bagay piblik Leta rekonet. Se pou sa, pou li gen vale, se pou tout moun konnen I tou. Se le sa a, lalwa pwoteje I. Lite te di yon fwa: «Yon maryaj an kachet, se pa yon maryaj li ye.» Se pou sa, depi tout tan, tout kote, kou gen maryaj, gen fet. Ou met asire m anvi fete maryaj ou ak Sesil. Mwen deside pou m fe tou sa m kapab pou maryaj la fet pi vit posib. Se pou sa m te ekri paste Amos. Men li poko ban m O 20 septanm 34 Paste Amos ekri Walte T. — Gen anpil bagay nan let ou a ki fe m sezi. Se misyon an ki te mete disiplin sa yo nan Legliz an Afrik, malgre yo pa pratike yo ni an Ewop, ni an Amerik. Toutan misyon an te aplike yo, sa pa t gen mal. Men kou ou se paste isit, ou konmanse pale. Poutan, se sa ou te montre nou selman nou fe. Ou kwe Franswa ta vin konfese ou peche I, si yo pa t denonse I?... Si I te ranje kd I, pou se li menm ak fi a selman ki te konnen sa, se le sa a mwen ta ba ou rezon. Men se selman le yo kenbe I, li repanti. Le nou di I pou I pa pran lakonminyon pandan sis (6) mwa, se nan yon eprev nou mete I. Sa pa vie di nou refize padonnen I. Epitou, se yon avetisman pou lot manm yo. Sa kapab ede yo reziste le tantasyon an vini. Si m pa t mete Franswa an pinisyon, anpil lot ta anvi fe tankou I, se mwen ki ta reskonsab. Mwen pa gen dwa fe bagay konsa, se pou m gade Legliz la pwdp. Nan 1 Korent, chapit 11, vese 27, Levanjil la di konsa: «Se poutet sa, si yon moun manje pen Senye a, osinon li bwe nan gode Senye a yon jan ki pa konvnab, moun sa a koupab, paske li peche ni kont ko Senye a ni kont san li a.» Se pa selman vi yon moun peche a menase, men vi nou tout. Se pou sa, Legliz gen pou I pini peche devan je tout moun. Bib la montre nou Bondye tou pini peche. Paske David te fe adilte ak fanm Ouri, pitit gason I te mouri (2 Samyel, chapit 12, vese 18). Ananyas ak Safira te tonbe mouri red, paske yo te manti (Travay, chapit 5, vese 1-11). Mwen konnen jenn gason nou yo pi byen pase ou. Se fasil yo rekonet ere yo, pou yo kapab chape yon pinisyon. Sa ou vie fe la a gen danje. Si se fasil konsa ou padonnen, pito yo vin repanti pase pou yo fe efb pou yo pa viv nan peche. Konsa n ap toujou nan menm istwa a. Epitou, pinisyon fe nou repanti. Si m pa t pini Franswa, li pa ta janm repanti pou sa I te fe a. Se pou rezon sa a mwen pa vie retounen I touswit nan lekdl la. Se tout moun net ki te konnen sa I te fe a, eldv kou pwofese. Si nou pa t mete I deyo, prestij lekdl la t ap tonbe. Lontan, adilte pa t fet si souvan an Afrik, paske se bagay yo te pini red. Gen dele menm se touye yo te touye moun yo. Le misyone yo vini, yo di se yon peche I ye. Yo menm lese kwd se pi gwo peche ki genyen. Konsa, bagay la vin yon tantasyon pou moun yo. Men jddi a, ou vie anpeche m pini moun yo pou sa. Bon, kisa ou vie m fd?... Sa ta yon plezi pou m ale wd fanmi Sesil yo, maigre m fin konnen sa yo ap di pou defann tdt yo. Li ta pi bon pou Franswa ale ak mwen. Mwen ta renmen ou voye di I pou I vin rann mwen yon vizit. Y 22 septanm Sesil ekri Franswa — Ldt ou a te konsole m. Mwen kontan we ou pa t fache. Depi kdk jou m te vie ekri ou, men mwen te gen twdp devwa pou lekdl la. Mwen gen yon bon nouvdl pou m anonse ou, gen yon ti zanmi m yo rele Bdt ki gen yon nonk li ap travay nan Edikasyon Nasyonal. Li di m li ta vie fd ou antre kon pwofese nan yon lekdl Leta. Mwen mande ou pou ou asepte plas sa a. Sa va penmet ou gen yon ti lajan, epi n a kapab we chak jou. 35 E 24 septanm 36 Franswa ekri Walte T. — Mesi pou let ou ekri m 19 septanm Ian. F6k mwen panse sou li pi lontan. Jan ou konpare maryaj ak fanm ansent la, enteresan anpil. Men selman le yon timoun nan vant manman I, yo ka kalkile kile li ap fet. Mwen pa fouti di ou kite maryaj pa m ap fet. Se sa ki fe tann Ian difisil. Let ou a rive menm le ak pa Sesil la. Di m sa ou panse?... Eske m kapab travay nan yon lekol Leta, pandan m nan Levanjil la?... Eske ou kwe li bon pou nou toude nan menm vil la?... Mwen ta renmen rete kote li ye a, men depi kounyeya, mwen santi let li yo ap manke m. B 27 septanm Walte T. ekri Franswa — Natirelman, ou kapab travay nan yon lekol Leta, malgre ou se yon levanjil. Si Legliz ta vie reprann ou, fok ou asepte, men paste Amos voye di m jan bagay la te pase a, li poko kapab anvizaje sa kounyeya. Se pou nou asepte rezon li bay yo. Li menm tou, se devan Bondye pou li deside I. Sa vie di ou lib fe sa ou vie. Bondye ak nou chak jou, Li pwomet nou fe nou jwenn manje nou chak jou, men Li pa di nou L ap ban nou yon kantite ki pou sevi nou tout tan. Men sa m konseye ou, se pou ou pran plas yo vie ba ou a. Petet ou va gen yon pi bon temwayaj nan mitan moun yo ki pa levanjil la. Se pou ou siveye kondit ou, epi mete aktivite sou ou. Si ou rankontre Sesil souvan, sa bon tou, sa kapab ede maryaj la. Mwen deja di ou fiyansaj la se yon eprev li ye. Sa pa vie di pou youn seye lot, men se pou nou we si devan Bondye, nou ka vin yon sel ko. Let se bagay ki itil nan ka sa a, paske ou kapab di plis bagay pase \e ou ap pale. Men yon moun pa kapab fin konnen yon lot nan let selman. Se pou yo rankontre nan tout sitirasyon, ke yo move, ke yo kontan. Se le de (2) moun ap koze youn dekouvri lot. Menm le de (2) moun p ap di anyen, se pale yo ap pale, paske silans la nan pawol la tou. Se pandan tan sa a, ou chache mo pou ou di. Se pou nou pale epi koute sa lot moun Ian di. Paske yon maryaj ki pa gen pale, se tankou yon plant ki pa gen dlo, yon jou li va fin cheche net. Nou pa oblije dako sou tout bagay, men se pou nou telman renmen, youn respekte lide lot. Le nou rankontre chak jou, gen yon bagay ki difisil, se pou chak moun gade limit li, pou nou ka reziste nan tantasyon. Le ou avek Sesil, se pou ou chonje manman ou tou te 37 jenn fi yon le. Toujou chonje sa m te ekri ou nan konmansman lanne a: «Se le yon moun konnkenbe tet li, lise yon gason.» Sa se bagay ki enpotan anpil, le ou vie maryaj ou soti byen. Paske yon moun pa kapab met tet li nan maryaj, si li pa egzese depi anvan. Men yon lot bagay anko, paste Amos voye di m li pral we papa Sesil. Li ta renmen ou ale ak li. Pase kote I tanpri le ou nan vwayaj. Jou sa a, m a priye pou ou. B 28 septanm Walte T. ekri paste Amos — Che fre Amos, let ou a sitelman kare, li fret. Mwen we let mwen an te fe ou lapenn anpil, e m santi kijan sa te difisil pou ou reponn mwen. Men m remesye ou pou jan ou pale ak mwen kare kare. Ou gen rezon, nou menm misyone, nou fe anpil ere. Se pou nou bese tet nou devan tot nou. Se menm bagay la mwen voye di Franswa. Misyon an fe anpil betiz nan edikasyon li ba li. Se yon mirak malgre tout ere sa yo, Bondye rive kanpe yon Legliz isit la. Se pou sa, se Li menm sel ki gen tout merit la. Mwen pa vie defann tet mwen, paske se pa mwen menm ki nan ka. Se Franswa ak anpil Idt tankou I. Se pou yo nou oblije ap chache ki kote volonte Bondye ye. Mwen ta vie ou konprann se selman bagay sa a ki fd m poze ou kdk kesyon sou ddnye Idt ou a. Eske gen yon jan pou yon moun gen prdv yon Idt repanti?... Eske sa se yon prdv, Id yon moun sispann pou yon tan fd yon bagay li te konnen fd?... Ou pa kwd se Bondye sdl ki gen pouvwa pou sonde moun Ian?... Ou bay 1 Korent, chapit 11. Men nan pasaj sa a, yo di: 38 «Se pou chak moun egzaminen tet li li menm.» Se lekontre Legliz an Afrik yo fe, se paste ak ansyen yo ki egzaminen res manm yo. Men poukisa yo pa egzaminen paste yo ak misyone yo tou?... An reyalite, ki moun ki korek?... Se mwen menm?... Se ou menm?... Si se selman sa ki korek ki pou pran lakonminyon, ki moun ki ap kapab pran I? Sa ki korek, se sila yo ki konnen yo se peche. Kounyeya, Franswa konnen I se yon peche, se pou sa li bezwen chache konminyon avek Jezi. Eske nou kapab anpeche I we Bondye I?... Eske nou kapab refize ba li sa Jezi vie ba li?... Wi, mwen dako ak ou, gen dele Bondye pini. Men nan tout egzanp ou ba yo, se Bondye ki pini, men se pa moun ni Legliz. Natan ki te paste David pa t pini I, epitou, ou pa pou bliye David te viv anvan Jezi te vin mouri sou kwa pou nou. Nou menm ki ap viv apre David, nou gen pwomes ki te fet nan Ezayi, chapit 53, vese 5: «Men, se pou peche nou ki fe yo te mete san I deyo konsa. Se akdz mechanste nou ki fe yo te kraze I anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an, se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou ke poze. Avek tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.» Nan soufri I pou nou, Jezi pran pou II menm, pinisyon nou te merite. Se pou sa nou lib, depi nou konfese fot nou epi nou viv nan lafwa. Apa kalite bon nouvel sa a Bondye voye Legliz vin bay pep la, yon padon ki lib epi gratis. Padon Bondye bay la pa bon mache, se yon paket lajan sa koute, li koute lavi Jezikri. Men se sa ki fe bagay la difisil, kalite jan nou bezwen padon sa a, se gratis yo ofri nou li. Ou di gen danje, men ou gen rezon, paske yo kapab fe yon abi ak sa. Men se Bondye ki pran chans, se pa nou menm. Si Bondye asepte pran chans la, eske se pou nou leve yon gwo miray pou nou ka pwoteje kado sa a ak disiplin Legliz yo? 39 Che fre Amos, bagay sa a poze yon gwo kesyon devan nou menm ki paste. Eske deye disiplin sa yo nou pa kache ti lafwa nou ki piti anpii? Eske li pa posib pou nou fe Bondye konfyans li kapab kenbe Legliz li san tach? Eske ou kwe nou oblije ajoute kek bagay? Eske se nou ki reskonsab pou kenbe Legliz pwop? Ou pa kwe travay nou, se selman anonse Levanjil pou nou ofri padon Bondye bay san kondisyon? Si nou obeyi Bondye nan travay sa a, li menm, li konnen kijan pou I fe res la. Nou gen prev la nan egzanp Ananyas ak Safira ou te bay la. Yo pa t di laverite, yo te manti, se pou sa yo te tonbe mouri red. Wi Bondye kapab pini konsa. Men anko yon fwa, se pa Pye ki fe sa rive moun yo, se Bondye Li menm ki te fe sa. Li kapab fe sa anko jodi a. Eske nou kwe sa?... Eske nou fe L konfyans?... Men yon denye kesyon anko. Eske ou kwe se yon bagay ki fasil, yon bagay ki pa koute anyen, pou yon moun konfese peche I? Souvan se moun ki pa janm konfese peche yo ki pale konsa. Pou mwen, se bagay ki pi difisil sou te a. Pou Franswa menm, se goumen li te goumen ak tet li. Mwen kapab di ou sa, yon paste santi bagay sa yo. Pou disiplin lekdl la, mwen konprann tre byen sa ou di a. Lekdl ak Legliz pa menm. Sa ta pi bon si Franswa pa ta retounen travay nan menm lekdl la. Petet nou kapab jwenn yon lot solisyon pou li. Mwen voye di Franswa pou li vin we ou. Mwen kontan anpil pou vizit ou vie ale fe papa Sesil la. Mwen mande Bondye pou Li enspire ou pandan misyon sa a. Mwen avek nou an panse. 40 Franswa ekri Walte T. — Y 17 oktdb Men preske gen twa (3) senmenn depi m isit la. Ala tan an pase vit. Le m te fek rive, mwen te ale we paste Amos. Li te kontan we m. Sa te fe m sezi. Denmen, nou pral we papa Sesil ansanm. Jak, pitit papa m Ian, ap ale ak nou pou reprezante fanmi a. Konsa, se va yon vizit ofisyel. Men anvan m ale, m ap prese ekri ou kek ti mo. Sesil resi fe m jwenn travay. Chak maten, kou m pral lekdl, mwen chonje I. Men sa m pi kontan, se Id pou nou rankontre apremidi Id lekdl lage. Sesil gen lespri. Li toujou gen yon nouvo lide. Li prete yon bisikldt epi nou ale fd yon pwomnad, jouk Id labrin pral tonbe. Se Id sa a pou I antre lakay nonk li. Se konsa, youn konmanse dekouvri lot, tankou ou di a. Se kounyeya mwen wd ki jan m te avdg. Lontan mwen te gade yon fi tankou yon bagay ki itil, yon bwds dan nou bezwen pou sdvis nou. Mwen te vie seye youn, pou m te ka we kijan yon fi ye. Ala mal mwen te mai. Kounyeya, mwen pa vie konnen pase se Sesil. Se tankou si Idt yo pa t egziste pou mwen. Nan youn Ian, nou jwenn tout Idt yo. Mwen kite I ap pedale devan m, pou m kapab gade I byen. Li penyen cheve I monte, sa fd tout nwa kou I pardt. Li gen kou long, epi ii pliye I jan I vie. Le li ap fd efd pou I pedale, kou I balanse menm jan ak kd I. Mwen ta kapab rete lontan ap gade mouvman kd I, tank sa bel. Ld nou desann bisikldt yo, nou ale chita nan zdb la. Pa gen yon koze nou pa pale. Li gen lide I sou tout bagay. Lontan mwen pa t janm kwd yon fi te kapab gen lide pa I sou tout bagay. Sa I di a, pa gen sitan enpdtans tankou jan I di I la. Le sa a, se son vwa I sdlman mwen tande, epi men I ak je I m ap gade. 41 Kan konsa, mwen anvi manyen I. Men yon jou ou te di m konsa: «Gade kares ou yo pou fiyanse ou.» Jouk ki kote mwen ka ale?... Ou te di m se pou m rete nan limit la. Men ki kote limit la ye?... Mwen pito di ou kareman nou konnen bo. Nou toujou rive la. Se pa kou nou fek rankontre. Nou toujou konmanse tankou si youn pa t konnen lot. Chak fwa, nou toujou konmanse menm jan an. Pandan n ap pale, men nou chache rankontre. Mwen santi I ap tann mwen pran men I ak bra I. Li kite m apiye tet li sou zepol mwen, tou dousman, san di yon mo, nou bo. Eske nou ale two Iwen?... Eske kom kretyen, nou kapab fe sa?... Si ansyen nan Legliz yo te we nou?... Kite m di ou yon bagay, le m bo I, mwen gen yon anvi ki leve nan mwen ki fe m ta vie pran I net. Se yon bagay m pa kapab anpeche. Si ou pa t fe m chonje manman m, epi si Sesil pa t voye di m konsa: «Mwen te renmen ou plis anko, paske pandan nwit sa a, ou pa t seye vin kote m.» Si se pa t sa, mwen pa konnen kisa m pa ta deja fe. Le m te renmet Kris tout bagay, pandan nwit mwen te pase lakay ou a, mwen te kwe m te delivre. Ou te di konsa: «Kris pa konplike, se yon fos ki penmet nou gen laviktwa sou peche nou.» Le m te fek konveti, se te vre, men kounyeya, se pa menm bagay. Anvi sa a, pi fd pase tout bagay. Fwa m pa kapab ede m. Jezikri pa koute m le m priye, pawol mwen pedi tankou van. Anvi sa a, pi f6 pase Jezi. Poukisa Jezikri pa debarase m yon fwa pou tout ak bagay sa a?... Renmen m renmen an fe m pedi fwa m. Oubyen, ou pa kwe le yon moun nan Levanjil se pa pou I kite koze renmen?... Gen dele, mwen pe tet mwen. Mwen pe bet la ki ap domi andedan m Ian. Mwen pa konnen si ou konprann mwen?... Let sa a, se sekou li vin mande. 42 M ap pati denmen, le m tounen nan kek jou, se pou m jwenn yon let ou ap tann mwen. Si se pa sa, male ka rive m. B 18 oktdb Walte T. ekri Franswa — Li preske minwi, men mwen vie reponn let ou a touswit. Ou di konsa Jezi pa koute priye ou. Mwen mande m, kisa ou mande L nan priye a? Ou ta vie pou L fe ou pa gason?... Kisa ou vie?... Pou ou pa ni fi ni gason?... Pou ou pa janm gen anvi?... Se pa bagay ki posib. Tou sa yon moun fe, li fe I, paske I se yon gason oubyen paske I se yon fi. Ke se nan domi, ke ou reveye, sa ou ye a, ap toujou rete. Le ou nan travay, le ou nan jwet, se sa ou ye a, ki di ou sa pou ou fe. Sa dominen tout panse ou, menm le ou nan priye, li la. Si ou kwe nan Jezikri, ou konnen ko ou se kay Li. Ou pa kapab mande L pou L kraze moso nan kay Li. Ou tou konprann Li pa kapab tande ou. Si Kris ak ou, ou kapab viv jan ou ye a. Ou mande m, si moun ki kwe kapab renmen? Gen anpil kretyen ki retire tet yo nan lavi epi ki viv san yo pa renmen. Yo kwe sa kapab pwouve yo delivre ak peche. Se twonpe moun sa yo ap twonpe tet yo. Moun ki gen fwa pa pou kouri. Jezikri pa t kouri. Li te vin sou te a, tankou yon jenn gason. Fanm te poze men sou Li, yo te bo L, yo te rakonte L koze yo, yo te kriye devan L. Li vin devan kabann yon ti fi ki malad, Li pran I nan men L, yon fanm te manyen rad Li, Li te gen de (2) zanmi yo te rele Mat ak Mari. Li te konn pale sel ak fanm, yon jou se te kote yon pi, yon lot jou, Li t ap ekri sou sab la. Fanm Ian ki te bo pye Jezi a, se yon fanm ki te mennen 43 move lavi. Se sa ki fe moun yo ki te we sa pa t kontan. Se Li menm ki te pran defans Li. Jezi te lib nan rapo L ak lemonn. Se Li menm sel ki rive gen laviktwa sou tout bagay. Le pou yon moun gen laviktwa, fok li dominen tet II. Se la Li vie mennen ou, se pa kouri Li vie ou kouri. Ou pa kapab vie kouri, pase ou se gason. Se pou ou asepte ou jan ou ye a. Kite m rakonte ou yon ti istwa. Te gen yon fwa yo te kenbe yon tig, epi yo te mete I nan yon kaj. Yo te pran yon neg ki te pou ba I manje epi siveye I. Neg la te vin zanmi tig la, se pou sa II te vie toujou ap ale kote kaj la. Li te konnen ap di tig la yon kantite bon ti koze. Men tig la te toujou kale je vet li a sou li. Le neg la we sa, li vin pe tig la, epi II mande Bondye pou L fe tig la vin dou. Yon jou swa, pandan neg la ap domi, yon ti fi ki pedi wout li al kole ko I sou kaj la. Tig ia pran I ak grif li, ti fi pa menm gen tan rele, pase Id neg la leve, li we ti fi a benyen nan san. Le neg la we sa, li di Bondye pa fe tig la vin dou, li vin pi pe I anko. Li pran tig la, li femen I nan yon kacho pou pyes moun pa ka pwoche kote I. Tig la menm konmanse gwonde jou kon nwit, gwonde sa yo anpeche neg la domi. Nan pa ddmi, neg la tout tan ap we tablo ti f i a, tig la te devore a. Le sa twop, li mande Bondye pou fe tig la mouri. Bondye reponn li, men sa pa t dako ak sa neg la te mande a. Bondye di I konsa: «Fetig la vin koteou kouche a, kote ki pi bel nan kay la.» Neg la reziyen I, pito I mouri pase pou I kontinye ap tande jan tig la gwonde. Li fe sa Bondye te di I, li louvri pot kaj la, li fe tig la soti epi li di konsa: «Ke volonte ou fet.» Tig la antre nan kay la, epi li rete kanpe. Neg la menm 44 ap gade I pou we kisa I vie fe. Le tig la we neg la pa pe I, li ap viv tankou si pa t gen anyen, li tou vin kouche nan pye neg la. Konsa tout bagay te konmanse byen. Men pandan lannwit, tig la rekonmanse gwonde anko, neg la menm pe anko. Le I we sa, li oblije kite I antre pou I fe fas kare ak li. Li oblije gade I nan je anko. Epi konsa li te vin fe sa chak jou. Li pa t rive vin dominen I net yon fwa pou tout. Li te oblije toutan ap goumen pou I pa pe. Chak jou li te oblije montre kouraj li. Apre kek lanne, yo vin bon zanmi, neg la te kapab mete men I nan bouch li, men li pa t pou janm retire je I sou li. Le youn te gade lot, yo te kontan we yo ansanm, paske youn te bezwen lot pou viv. Franswa, se pou ou aprann viv ak tig la, se pou ou pran kouraj ou ak de men, pou ou gade I nan je. Se konsa Kris kapab delivre ou. Si ou kwe nan Li, ou menm ak tig la, youn kapab karese lot. Gen kretyen ki kwe pou yo fe Bondye kontan, se pou yo viv tankou si yo pa t gason. Ala sot yo sot. Se moun ki kwe toutbon ki kapab renmen, jan pou yon moun renmen. Jouk ki kote ou kapab ale?... Ale kote ou ka rive, mete men ou nan bouch tig la si ou kapab. Men pinga ou kwe ou pi granneg pase pyes moun, piga ou seye ale two vit. Se pou ou konnen le ou ka fe yon kares, paske tout moun ap plede bo san gade deye, pinga ou kwe sa pa gen danje. Pa kite je ou soti nan je tig la. Se veye I ap veye ou. Li we chak mouvman ou fe epi li konn kote ou feb. Franswa, mwen mete ou sou yon chemen ki gen anpil danje. Men m konnen ou p ap tonbe, ou p ap fayi. Mwen redi I anko, moun ki kwe pa kouri. M ap bay yon zanmi let la pou ou kapab jwenn li vit. Pou depi le minwi pase a, kounyeya li fin jou. 45 O 23 oktob 46 Paste Amos ekri Walte T. — Jodi a, m ap rakonte ou vizit nou lakay papa Sesil. Anvan sa, kite m di ou mesi pou denye let ou a. Sa fe m plezi pou m tande yon blan, yon misyone di konsa blan kapab fe ere tou. Le ou di konsa Bondye kapab bati Legliz li, menm si nou menm nou tonbe, sa fe m kontan, sa konsole m anpil. Pou istwa disiplin Legliz la, mwen kwe sa soti nan jan ou reponn kesyon sa a: «Eske gen padon san pinisyon?...» Menm moun ki pa levanjil kwe Bondye pini moun ki pa respekte sa I di. Men misyone yo vini, yo di Bondye pa pini, li padonnen. Sa fe tou, kote Levanjil ap avanse, dezod ap pran pye. Se moun ki pa nan Levanjil ki pe Bondye, men se pa kretyen. Yo menm, yo di konsa: si Bondye pa pini, nou p ap pedi anyen si nou peche. Kisa pou m fe?... Mwen p ap pran chans swiv konsey ou yo. Mwen genie m pa gen ase fwa. Nou menm ki soti nan Ewop, nou genie gen plis fwa pase m. Eske Legliz laba yo mache pi byen pase sa is it yo?... Oubyen, eske nou femen je nou pou nou pa we sa ki ap pase? Le yon moun peche isit an Afrik, se pa sou li selman peche a tonbe, men sou nou tout. Mwen kwe sou pwen sa a, nou pi pre Bib la pase ou. Ou pa t devlope kesyon sa a. Men se sa ki gen anpil enpdtans nan koze maryaj Sesil la. Papa a kwe maryaj la, se pa yon bagay ki regade selman Sesil ak Franswa. Sa regade tout fanmi an. Se pa li menm selman ki deside ki kantite lajan pou dot la ye. Gen f re Sesil yo, gen nonk li, gen granpapa I, gen gran me I ki te nan diskisyon an. Papa Sesil pa gen anyen kont Franswa. Li konsidere I kon yon gason onet, korek. Men nan ki sitirasyon papa a ye. Premye madanm li pa t fe pitit. Men k6m fdk li gen yon gason, paske yo kwe yo oblije renmet lavi papa yo te ba yo a. Si se pa sa, vi yo a pa t nesese. Se pou sa, li pran yon dezyem madanm. Se fanm sa a ki vin fe Sesil epi apre sa li vin gen twa (3) gason. Se pa neg ki raze. Se yon moun ki gen anpil aktivite, li gen yon gwo plantasyon kakawo. Men malgre sa, li pa rive peye pase mwatye nan dot manman Sesil la. Se pou yo pran sou dot Sesil la pou yo kouvri lot mwatye a. Men gen twa (3) gason tou. Li vie fe yo kontinye etidye, men chak lanne, etid yo koute pi che. Epitou, li espere marye mesye yo yon jou, men se yon sel f i li gen kont twa (3) gason. Kdm ou wd, se pa yon ndg ki kras, li pa parese tou, men se neg ki we Iwen. Nonk Sesil yo menm, yo siveye bagay la pre. Nou te pale san fd bri. Pou li menm, li kwd plis yon gason peye chd pou yon fi, se plis fi a soumdt li bay gason an. Si se pa sa, kou yo gen yon ti kont, f i a mete deyd, epi li di konsa: «Se pa byen ou mwen ye, ou pa t bay anyen pou mwen.» Men mari a tou pi atache ak madanm li, Id madanm Ian koute I lajan. Lontan, se bet yo te konn bay pou ddt la. Si maryaj la te vin kase, se pou yo te renmet bdt yo. Sa te sdvi tankou yon siman pou maryaj la. Papa Sesil di m se blan yo ki vin ak istwa lajan sa a, epi se sa ki gate bagay la. Sa se yon ti repwdch li te vie fd m, paske I di m vie viv tankou blan. Li pa di m sa kareman, men mwen konnen sa I panse. Pou li menm, ddt la se yon bon koutim li ye pou Afrik. Se yon bagay ki montre bofi renmen bopd, epitou sa penmdt ou wd si neg la kapab okipe madanm li ak pitit li. Gen yon Idt bagay tou ki fd I mande kantite lajan sa a. Mwen kwd li gen lide pran yon twazyem fanm. Li pa di m sa, men mwen santi sa. Apre tout pitit sa yo, Sesil yon ti jan fatige. Le mesye yo gen anpil madanm, yo kapab pa fd pitit twd souvan. Legliz menm di anpil fanm se peche, men li 47 pa di kijan pou yon fanm fe pou I pa gen yon pitit chak lanne. Souvan nou konn mande kijan misyone yo fe pou jwenn solisyon pwoblem sa a. Men yo pa janm di nou anyen sou koze a. Jan ou we kesyon an, kisa ou te vie m di. Mwen menm, mwen pa konnen kisa pou m fe pou fe pitit gason m yo fe klas segonde yo. Eske se pou m kite pitit fi m yo marye san m pa touche dot pou yo?... Sa nou rele renmen an, mwen pa kwe papa Sesil konprann sa. Mwen pa we kijan pou m esplike I sa. Mwen konnen ou pa kontan ak mwen, paske kbm afriken, ou te kwe mwen te ka fe plis. Nan yon sans ou gen rezon. Li pale pi lib ak mwen pase si se te ak ou menm. Men gen yon bagay ki yon ti jan difisil. Papa Sesil ak mwen, nou se moun ki soti menm kote. Nou se fanmi Iwen, se sa ki yon ti jan jennen m. Mwen two pre ak li. Nan ka sa a, ou ta kapab fe plis pase m, paske ou se blan. Se moun vini ou ye, ou pou ryen. Pito ou fe yon ti seye. Mwen te kontan Franswa, li mete ti ko I tou piti, li pa pran poz granneg li. Mwen pa we lot solisyon, pase se pou I tann le li fe yon ti ekonomi. 48 Walte T. ekri Sesil — B 26 oktdb Franswa te rakonte ou kijan vizit la te pase lakay papa ou la. Pastd Amds te voye di m kijan tout bagay te pase. Sesil, m ap mande ou pou ou pa pedi kouraj. Bondye avek ou, menm Id sa sanble I pa bon. Se Id nou pa wd kisa pou nou fd, nou konmanse travay. Ld tout bagay kite nou, Id nou pa kapab konte sou pyes moun, Id nou pa wd ki kote pou nou pase, Id sa a, nou lage kd nou bay Bondye, pase nou pa gen anyen Idt pou nou fd. Nou pa janm santi Bondye pi pre nou pase nan Id sa yo. Bib la di nou konsa, pinga nou pd, men kwd sdlman. Le se Bondye selman ki rete nou, se pou nou lage kd nou ndt ba Li. «Se kwd sdlman pou nou kwd,» sa se yon bagay pou nou aprann. Ou menm ak Franswa, se pou nou aprann sa ansanm. Se pi bon bagay ki gen pou pare maryaj nou. Se pou sa Bondye voye tendb sa yo pou epwouve nou. Se pou nou apiye sou tou sa ki kapab penmet nou mete konfyans nou an Bondye sdl. Pi bon jan pou ou aprann sa, se pou ou kite Bondye pale epi pou ou koute vwa L. Ld nou ansanm, louvri Bib nou epi li kdk vese. Pale sou sa nou li a, pou nou konprann kisa I di. Kite Bondye konsole nou, konseye nou, epi kondi nou. Apre sa, kenbe men ansanm, di L tout tdt chaje nou. Se Li ki konnen wout la. Li va pran men nou epi L a montre nou kote pou nou pase, L a mete nou ansanm, Li p ap kite pyes moun separe nou. Se pou nou kwd sa ak tout kd nou. Se pa pou youn wont Idt. Priye ansanm, se yon bagay ki mande anpil efd. Se depi kounyeya pou nou aprann sa. Se pou nou wd depi kounyeya si nou ka pale sou tout bagay, menm sou sa nou kwd. Ld fwa nou fonde sou menm bagay, sa sdvi fondasyon pou maryaj nou. Si nou bati kay nou sou wdch sa a pa gen van ki pou kraze I. 49 Ye, mwen t ap pale ak madanm mwen pou we kisa nou ta kapab fe nan koze a. Pou konmanse, mwen ta renmen ou ekri paste Amos yon let pou di I mesi. Se yon bon beje li ye. Sa fe plezi pou we kalite tonton sa a, fe tout longe vwayaj sa a nan kalite move wout sa yo. Nou renmen I anpil. Gen yon bagay, se ou menm nou mande I. Malgre let la pou Franswa tou. Let ou te ekri Franswa pou 19 jiye a, fe nou we ou se yon moun ki konnen ekri bon let. Se pou sa, nou mande ou si ou pa ta vie ekri papa ou. Nou konnen se pa abitid jennfi fe isit, men se pou rezon sa a nou kwe let la ka fe anpil bagay. Nan sa paste Amos voye di nou, gen bagay ki fe nou gen espwa. Li di konsa papa ou pa gen anyen kont Franswa. Epi: «Se pa yon moun ki konprann sa yo rele renmen toutbon.» Se pou ou seye bay papa ou yon lide sou sa, esplike I sa yo rele renmen. Nou toujou ap fe papa yo repwoch, di yo pa pale ase ak pitit f i yo. Men tou, pitit f i yo pa di papa yo sa yo santi, sa yo espere. Pa ekri let sa a an franse, ekri I nan lang manman ou a. Di I ou renmen I, ou konprann tout bagay, ou pa ta vie manke nan devwa ou, ou pa vie abandonnen I. Fe I yon pwopozisyon ki pratik. Fe sevo ou travay. Men, fok Franswa dako ak ou. Konsa n a we si nou ka mete tet nou ansanm pou nou fe yon bidje pou lajan nou. Nou pa selman bezwen konnen, si youn ka konprann lot, si youn ka renmen lot, men nou bezwen aprann priye, aprann espere ansanm. Fok nou konnen tou, si nou kapab antann nou sou kesyon lajan, pou nou deside ansanm kijan n ap depanse lajan nou. Yon madanm fet pou konnen konben lajan mari I ap touche. Epi, se pou yo dako sou jan pou yo depanse I. Sa pi enpotan, pase pou yo gen anpil lajan. Gen yon lot bagay anko Sesil. Nan konmansman lanne a, le sa a Franswa patko konnen ou, mwen te voye di I 50 konsa: «Se ou menm ki reskonsab fi ou renmen an devan Bondye.» Jddi a, m ap di ou menm bagay la: kdm jenn fi, se ou menm ki pou deside jouk ki kote Franswa ka ale. Yon jenn gason pa fouti ale pi Iwen pase yon jennfi penmet li. Pa gen jwet nan sa. Se yon renn ou ye, ou renmen yon jenn gason. Se pou ou fd I vin yon nonm... Y 1 novanm Sesil ekri Waltd ak Ingrid — Mwen di nou mdsi anpil pou Idt la. Mwen te li I pou Franswa, nou te kontan wd kijan ou menm ak madanm ou seye pran plas nou pou konsole nou epi konprann pwobldm nou. Si se pa t ou menm, nou pa ta konnen Bondye ap okipe nou, nitou maryaj ak fwa mache ansanm. Si nou pa t gen fwa, nou ta oblije kite sa. Men se paske nou pa konnen kijan sa ap fini, nou santi nou soude youn ak Idt. Se premye fwa nou seye li Bib la ansanm. Ld nou te fek konmanse, nou te wd sa yon ti jan dwdl, men apre nou vin wd jan sa bon. Sa ede nou Id nou pa vie rete nan koze renmen sdlman. Sa penmet nou fd yon Idt bagay ansanm. Mwen wont priye fd devan Franswa. Mwen te seye ekri papa m men sa pa t mache. Mwen pa kapab di ou kijan se yon bagay ki difisil. Se pa fasil pou yon blan konprann sa. Se tankou si m te gen yon miray ki separe m ak papa m. Isit, papa yo pa kontan Id pitit fi yo di yon bagay. Yo pe pou yo pa pedi otorite yo. Yo kwd nou pa respekte yo, sa fd yo pa kontan. Mwen konnen sa ou di m fd a, se pou byen m. Se pou sa, mwen konmanse Idt la, m ap seye fini I. Men chak liy pou m ekri, se yon pakdt afd. Se pa fasil pou jwenn mo 51 pou di sa m panse. Men, menm si m fin ekri let la, mwen konnen depi kounyeya, m p ap gen kouraj pou m voye I bay papa m. Y 7 novanm Franswa ekri Walte T. — Mwen te kontan jwenn let ou a, le m te soti fe vwayaj initil sa a lakay papa Sesil la. Sa te fe m chonje kantite moun ki pa gen pyes moun pou ekri yo, pou ba yo yon ti konsey. Istwa tig la bon menm. Li fe nou we ni moun ki femen tig la, ni moun ki lache I pa sou bon chemen. Ni moun ki lage tet yo net nan lemonn, ni moun ki ale kache tet yo, tout se lach yo ye. Nou pa pou kouri devan batay. Si nou tonbe, se pa fot tig la si I vin lenmi nou, se f6t pa nou. Nou konprann sa tre byen. Men gen yon koze ki twouble m. Kisa sa vie di: «Mete men ou nan bouch tig la?» Eske sa vie di m ka ale net, si m met tet mwen, epi si m «pa ale two vit,» tankou ou di a. Eske nou ka ini nou?... Te gen yon le, mwen te poze ou kesyon sa a deja. Le sa a, se pou yon t ifi m pa t renmen, mwen te fek konnen I, e m pa t menm gen lide marye ak li. Eske ou chonje sa?... Le sa a, mwen te di m te vie pare m pou m marye. Men ou te di m konsa: «Sa pa bon, se bagay ki pou vin le m gen move abitid, epi abitid sa yo pou jennen maryaj mwen pita.» Mwen te reponn ou konsa: pou m pa maiad, se pou m ale nan fanm tanzantan. O u t e d i m : se pa vre, se ale nan fanm Ian ki ka fe m vin maiad. Mwen te di ou m vie montre m se gason. Ou menm, ou te di m sa montre m se ranyon. 52 Le sa a, mwen te ba ou rezon. Men nou pa t anvizaje le moun nan renmen. Bon, sl de (2) moun yo renmen. Sa a, mwen dako ak ou, le se vye jennes nan lari. Men si se avek fiyanse ou?... Jennfi ou renmen an, sa ou santi ki ka viv ak ou a?... Sa ou pwomet pou rete ak li pou tout lavi a? Poukisa se nan ti kares selman pou nou rete? Nou deja konnen youn se pou lot?... Mwen te tande yon paste di yon fwa: «Maryaj, se yon jaden kote tout bagay ka fet. Si se pa nan jaden sa a, anyen pa ka fet.» Se jou nos la selman pou m vin mari f i a toutbon?... Kijan pou sa fe posib?... Se pou ou konprann, mwen pa mande dwa pou m pase nwit ak nenpdt ki f i sou gran chemen. Se pou Sesil selman m ap pale, sa m vie marye a. Se toutbon, fok nou gen yon set if ika Leta ou Legliz pou nou ka gen relasyon? Pou nou menm, nou santi depi kounyeya, nou se madanm ak mesye, tankou apre sevis maryaj la. Gen de (2) jou, mwen santi Sesil ap tann san pale, le pou nou toude fe yon sel. Mwen te gen yon zanmi m ki te deja peye mwatye dot la. Men li pa t vie kouche ak fi a anvan nos la. Yon bon jou, fanmi fi a renmet li lajan I, paske yo te pe I pa gason. Eske yon lide konsa p ap antre nan tet Sesil?... Eske I p ap kwe m pa renmen I?... Lot jou, li te kouche nan zeb la. Pandan li te rete tankou yon ti zanj ap gade syel la, wdb li fe yon ti leve epi jenou I paret. Le sa a, mwen santi m pa kapab anko, mwen pran I nan bra m epi m sere I sou mwen ak tout f 6s mwen. Menm le a, li degaje I soti, epi li kouri ale kote bisiklet yo te ye a. Le n ap retounen sou wout la, youn pa pale ak lot. Men nan denmen le nou rankontre, nou pa di anyen sou koze sa a. Konben tan pou sa dire anko? Konben tan n ap kapab kenbe?... Sa bon si nou te we yon solisyon. Men pou nou menm, nou pa gen espwa yon moun ap ban nou yon 53 otorizasyon, ni nan senk (5), ni nan dis (10) ianne. Eske se pou nou sove?... Ki kote pou nou ale?.. B 11 novanm 55 Walte T. ekri Franswa — «Yon moun ki nan Levanjil, se yon moun ki konnen tann.» Pawol sa m di ou la a, se yon paste ki te di m sa yon fwa. Se pou ou tann, two prese pa fe jou louvri. Sa pa ka ranje anyen, se gate pou I gate tout bagay, ni libete ou, ni ke kontan ou. Ou ap pedi libete ou. Kite m rakonte ou istwa yon fi ak yon gason m konnen. Moun sa yo te kwe yo te renmen anpil, nan yo menm, yo te santi yo te madanm ak mesye. Men apre yon Ianne yo vin konprann sa yo te kwe a se pa t sa. Yo pa fe ni de ni twa, pase yo kite sa san fe kont. Si yo te deja ale two Iwen, eske bagay la ta ka pase konsa? Mwen tou konprann jan ou renmen Sesil la, se pa menm jan an ou te renmen premye ti f i ou te rankontre nan konmansman Ianne a. Se pou sa menm, mwen ba ou konsey pa ale two Iwen. Plis ou renmen, se plis sa fe ou mal le pou ou separe. Mwen konnen tande gason ki gen lontan depi yo marye, di konsa: «Depi anvan mwen te marye, mwen te konnen m t ap fe yon betiz. Men mwen te rive telman Iwen, m pa t santi kouraj mwen pou m te fe bak. Jddi a, m ap peye konsekans la.» Mwen kontan we ou renmen, nan let ou yo mwen santi sa. Men sa pa vie di ou pa twonpe tet ou. Sa mande anpil tan pou konnen si yon renmen ap dire. Nan resansman yo te fe an Amerik, yo te wd maryaj ki pi bon, se maryaj moun ki te zanmi depi lontan, men ki fd sdlman kek mwa fiyanse anvan yo marye. Yon egzamen gen vale Id li posib ou pa pase. Tan de (2) moun pase fiyanse, se yon egzamen li ye. Li gen vale si apre sa, maryaj la kapab pa fet. Ld yon fiyansaj kase, se pa yon bon bagay, sa fd tout moun lapenn pase yo pa ta vie wd sa. Men eske sa ka konpare ak yon divds, sa poko pret pou rive la. Kite m pran konparezon timoun ki an vant la, pou m ka fe ou konprann mwen. Le m konpare maryaj la ak yon timoun ki pral fet, fiyansaj la, se le manman an ansent. Le fiyansaj la kase, se tankou yon f6s kouch. Sa vie di pitit la pa t kapab viv, se tou natirel pou I soti. Men si timoun Ian fin deja fbme, pou retire I nan vant manman I, se pou ou touye I. Konsa, ou pedi libete ou. Men sa ki pi red, nou gate tout plezi ki gen le pou renmen an grandi pandan n ap tann Ian. Yon madanm marye t ap pale sou sa I te konnen fe anvan I te marye, li di konsa: «Pandan yon tan, sa pa t two mal. Men le m vin ansent, nou oblije chanje plan nou vit, epi nou oblije chache rezon pou bay kile nos la fet pi vit. Sa fe tou, maryaj nou konmanse mal, li te pedi prestij li, tout cham bagay la te pase. Sa pa t vo lapenn.» Li pa janm bon pou yon timoun fet anvan le I. Sa mete vi timoun Ian an danje. Se vre, gen anpil timoun konsa ki viv. Se menm jan an tou, gen anpil moun ki te ale Iwen depi anvan yo marye, yo vin gen yon vi nomal, men sa te difisil anpil pou yo. Le Sesil te sove apre ou te fin kenbe I la, se san reflechi li te fe sa, se ensten I ki pwoteje I. Kom li pa nan dezod, li santi le a poko rive. Si I fe yon fo pa, sa ka kontrarye bone I. Se pou sa jou sa a nou te fache, youn pa t pale ak lot. Mwen pa kwe Sesil ap doute ou, pase ou metrize tet ou. L ap vin pi renmen ou. Kounyeya, renmen nou se an kachet li ye. Nan kondisyon sa a, li pa bon pou nou ale two Iwen. Jou maryaj la, n a gen kont tan pou nou dekouvri tout lot bagay yo. Si ou pa kapab tann, ou vie goute anvan, se tout pi bon bagay la, sa ki pi bel nan maryaj la, n ap gate. Nou tou nou konnen nan renmen, anvi se yon paket afe. Sesil konnen tankou ou, se gason ou ye. Si ou doute, ale we yon dokte, li va ba ou asirans. Pou ou pwouve yon bagay ou doute, ou pa gen dwa fe Sesil mal pou sa, ou pa gen dwa mete bone ou an danje. 56 Se pa posib pou ou verifye depi anvan maryaj li, si ou dako ak madanm ou. Pou de (2) moun dako sou bagay sa a, yo bezwen de (2) kondisyon pou sa: dabo, se pou yo gen kont tan yo, epi yo pa gen ke kase. Si Sesil ta oblije mete nan lide I: «J6di a, se pou m fe sa ak Franswa. Se pou sa bon, si se pa sa, neg la ap kite m.» Mwen kapab di ou depi kounyeya, lide sa a ta travay tet li sitelman, si nou ta fe sa, nou ta degoute net. Nan kalite kondisyon sa yo: youn pe fe lot desepsyon, nou toude pe yo bare nou. Kijan ou vie jwenn yon plezi nan sa? Si sa pa ta pase jan nou te kwe a, eske n ap oblije deside pou n separe? Mwen pa kwe ou mete sa nan lide ou?... Renmen nou an, se pa yon ti renmen sou zel li ye?... Mwen kwe se yon bagay ki pi solid pase sa nou vie seye a?... Pyes moun pa mande ou pou jou nos la, ou gen esperyans yon gran jou. Epitou, pa gen moun ki fet tou konnen, se ansanm pou nou aprann. Gendele fok anpil lanne anvan yon mari vin gen abitid ak madanm li. Tan nou bezwen pou youn vin konnen lot, se selman nan maryaj pou nou jwenn li. Anvan maryaj la, se pou nou fe atansyon pou nou pa fe bagay ki pou anpeche lanmou nou kontinye grandi. Yon moun pa kapab vie gen ni be, ni lajan be anmenmtan. Tout cham, tout bote f iyansaj la, tout sekre I, se paske gen yon pyes nan kay la ou pa kapab vizite, tout tan le a pa rive. Si papa ou te anvi fe ou kado yon bisiklet pou fet Nwel, li achte I, li sere I pou jou jou a. Men ou menm, ou pa fe ni de ni twa, pase ou plede ap moute I an kachet. Le jou Nwel la rive, ou ap fe tankou si ou kontan, men fet la pedi tout sik la. Ni fet nos la, ni premye nwit maryaj la, yo tout ap pi bel si ou tann. Se jou premye nwit sa a ou va chonje sa m te di ou, epi se le sa a ou va konprann mwen. Maryaj la, se pa selman yon fomalite li ye, le nou fin pran angajman di 57 devan Bondye: «Youn se pou I6t,» se le sa a, nou va we ki paket afe sa ye. Se le sa a nou pral we ki moun nou ye. An Ewdp, gen yon ti istwa yo konnen rakonte timoun yo. Istwa a di konsa: «Te gen yon manbo ki te fe yon wanga pou fe pitit fi wa a domi pandan san (100) Ianne. Men jou pou I reveye, se pou yon jenn gason vin bo men I. Pou pwoteje I pandan tan li ape domi an, manbo a te fd yon paket raje ak lyann pouse sou tout bo chato kote li t ap domi a. Tout jenn gason ki te vie antre nan chato a anvan san (100) Ianne a fin pase, pikan ak raje te mare yo, epi yo mouri. Men Id jou a rive jenn gason ki te fdt pou f i a, pase san anyen pa rive I. Sa m ka fd pou ou, se pou m renmdt ou bay Bondye. Se li menm ki va fd ou yon bel kado. Se pou sa m ap repete anko: «Ld yon moun se levanjil, li fdt pou li tann.» Pandan senmenn ki ap vini yo, ou mdt ekri m. Mwen gen pou m ale nan No kote Idt pa ka vini. Men kdm m ap retounen anvan Nwdl, m a jwenn yo. Y 12 novanm Sesil ekri Ingrid — Yeswa apre sdvis la, Id Franswa prezante m ba ou a, mwen te tdlman sezi, m pa t konnen sa pou m di ou. Mwen regret anpil ou te oblije ale si vit, epitou, pastd pa t la, jan m ta renmen fd konesans li tou. Depi lontan mwen te anvi ekri ou, men kounyeya, sa pi fasil, paske m konnen ou. Se yon bagay ki dwdl, mwen pa kapab ekri papa m. Mwen gen yon paket Idt ki konmanse. Men mwen pa janm ka fini yo. Mwen pa kwd m a janm fini youn. Mwen santi ou konprann mwen. Ou kwd m kontan anpil, ou gen rezon mwen se yon fi ki gen chans. Men souvan, mwen gen yon kd sere, mwen doute e sa fd m pd. 58 Mwen doute Franswa renmen m toutbon. Li pa janm di m li renmen m, toutan I ap mande m si m renmen I. Li pa janm bouke tande m di sa. Men li menm, li pa janm di m li renmen m. Se konsa, piti piti mwen vin doute, mwen pa kapab renmen I, si I pa renmen m. Li pa janm we nesesite pou I di m li renmen m, ni poukisa li renmen m. Kijan ou vie pou m reponn li. Eske I renmen m toutbon?... Kijan yon moun fe pou I konnen si yon gason renmen I?... Lot jou, nou te fe yon kont. Se te pou yon ti bagay san enpdtans. Kawdtchou bisikldt mwen an pa t ka kenbe van, le nou te ale fe pwomnad nou fe chak jou a. Kdm mwen te gen siman ak para, li replen I pou mwen. Sa te fd nou anreta, paske nou te pedi anpil tan. Ld li fin ranje wou a, mwen wd m te bliye ponp la. (Mwen pa janm sdti ak ponp la, pou yo pa vdld I.) Pou sa selman, Franswa joure m yon paket joure. Li deklare konsa sa montre I fanm pa gen tdt. Sa sitdlman vekse m pou m wd jan I pale mal, Id n ap pouse bisikldt yo retounen, mwen pa desere bouch mwen ak li. Sa pa t si grav, paske nan denmen nou rekonsilye. Men malgre sa, mwen mande m kijan sa va ye pita, si depi kounyeya, nou konmanse nan goumen. Sa fd m pd. Mwen ta renmen konnen si m ka fd pitit. Mwen pe si m pa ka fd pitit, li pa divdse ak mwen, oubyen li pa chache yon dezydm madanm, tankou papa m. Ou pa kwd yon maryaj gate, si I pa gen timoun?... Pou fini, gen yon lot pwobldm. Ldt jou mwen te resevwa Idt sa a m voye montre ou la a. Se yon neg ki ap travay nan ministd Finans yo rele Mesye Anri, ki voye I. Se nonk ti zanmi m yo rele Bet la, sila ki te fd Franswa jwenn travay la. Neg sa a rich anpil, li te vie vin chache m nan oto I. Mwen refize envitasyon an. Men si yon lot fwa li envite m anko, kisa pou m fd?... Mwen pa ta vie sanble yon moun ki pa gen lizaj. Tanpri, reponn mwen sou sa. 59 Y 9 novanm B 18 novanm Ingrid ekri Sesil — Mwen konprann ou, tankou si se yon se m ou te ye. Mwen ta kapab montre ou let le m te f iyanse, se menm jan an mwen te pe epi m te doute. Men se pou ou konprann, Sesil, nou bay gason yo traka, nou pa konnen kisa nou vie. Yon le nou vie yo f 6, yo solid, yo reflechi sou tout bagay. Yon lot le, nou ta renmen we yo feb, pou se nou ki fe tout bagay pou yo. Kijan ou vie pou yon gason konsa. Mwen pral ekri Franswa. Si I pa montre ou let la, pa mande I pou I montre ou li. Se yon sel bagay pou ou fe, se pou ou di I kareman sa ou bezwen. Toutan ou ka pale ak li konsa, maryaj ou pa an danje. Toutjan, yon moun pa pou ale two Iwen anvan I marye. Se pa fe lanmou ki fe yon maryaj fet. Men se maryaj la ki penmet piti piti nou rive nan lanmou toutbon. Nan Ansyen Testaman, yo rakonte istwa Izarak ak Rebeka e yo di: «lzarak mennen Rebeka lakay li... Li pran I pou madanm li. Izarak te renmen Rebeka» (Jenez, chapit 24, vese 67). Yo te marye san yo patko janm we. Apre sa, yo vin renmen. Anpil fwaye ou konnen, fonde san pa t gen istwa renmen anvan. Yo pa t menm mande fi yo si yo te dako. Maryaj sa yo pa pi mal soti pase sa. Souvan, se apre maryaj la moun yo vin renmen, tankou si se maryaj la ki mennen sa. 60 Mesye Anri ekri Sesil — Madmwazel Bet, zanmi ou a, di m jan ou se yon moun enteresan. Mwen ta renmen fe konesans ou, se pou sa mwen penmet mwen vin tann ou ve senke, le lekdl lage. M ap vin nan oto m. Yon endou te di yon blan konsa: «Ou menm blan, ou marye ak f i ou renmen, nou menm endou, nou renmen ak fi nou marye.» Yon I6t endou di yon bagay ki pi red anko, li di konsa: «Nou menm endou nou mete yon soup fret sou dife, epi piti piti li vin cho. Ou menm blan, ou mete yon soup cho nan yon asyet fret, epi piti piti li vin fret tou.» Chache pou ou we ki kote Afriken yo ye. Mwen voye di ou tout bagay sa yo, pou ou pa kwe yon moun oblije fe tout bagay depi anvan I marye. Nou tout nou konnen sa gen anpil enpotans, men se le de (2) moun marye sa posib. Sa bon pou tanzantan nou fe ti kont nou. Paste toujou pe marye de (2) moun ki pa janm gen kont. Sa ki gen enpotans, se pa ti joure a non, se jan n a kapab rekonsilye a. Sa se bagay pou nou aprann depi anvan nou marye. Toutan youn ka padonnen lot, pa gen danje pou maryaj la. Se moun ki pa konnen kijan pou yo rekonsilye ki pa t pou marye. Epitou, moun ki pa konnen ri, bay lodyans. Apre yon ti kont, li bon le ou kapab pase tet ou nan betiz. Le ou te kouri, pandan Franswa te kenbe ou a, se sa ki lantouraj raje ak pikan, ki te pwoteje jenn f i wa a, pandan li t ap domi a. Fi ki lage ko yo bay, pa janm konnen anyen ki bon. Se sa ki fe nan Kantik Salomon ki nan Bib la, an twa fwa, yo di konsa: «Piga ou reveye, piga ou reveye lanmou, anvan le I rive.» Mo sa yo te pou ekri ak dife devan pot ki mennen nan maryaj. Si nou pa t rankontre chak jou, sa ta ede nou tann pi fasil. Le nou ta rankontre, youn ta pi kontan we lot. Sa pa vie di se sa pou nou fe, men se nou menm ki pou deside. Se natirel pou yon fi anvi gen pitit. Men pi souvan se maladi ki konnen fe moun yo pa fe pitit. Se pou sa, yon fi ki vyej gen anpil chans pou li fe pitit. Men se le ou marye selman ou ka konnen si ou ap fe. Pa gen lot jan pou ou konnen sa, se pou ou mete konfyans ou sou Bondye, pou jouk le ou marye. 61 Pinga ou kwe yon fi ki ansent anvan I marye, gen menm ke kontan ak yon f i ki vin ansent pandan I marye. Si ou vin ansent, ou konnen ou kapab gen pitit, men ou poko gen kote pou ou resevwa I, pa gen papa pou pran I nan bra I. Gen yon paket diskisyon tout tan papa a poko peye dot la, li pa ka di I gen pitit. Se pou ou oblije kite lekdl, pwofese yo ap plede joure ou, zanmi ou yo ap pase ou nan betiz. Se pou ou ta twoke tout bel bagay ou ka genyen, pou repwdch, avilisman. Pito ou kite sa, ou va pedi twdp. Genie ou kwe si ou vin ansent, papa ou ap fe maryaj la?... Tanpri souple, pa fe sa. Pinga ou rive jouk tan pou ou fe pitit ou sevi chemen pou ou. Se pou ou tann, Bondye gen yon lot solisyon pou ou. Di Bondye jan ou anvi gen yon pitit. Epitou, se pa paske yon moun pa gen pitit li oblije divdse pou sa. Si depi anvan ou marye, ou di se ou menm, ki pou sdl madanm, mari ou pa kapab vin marye ak Idt fi. Yon maryaj ki fdt nan Levanjil pa pedi, menm si Bondye pa bay moun yo pitit. Bib la pa pale anpil sou maryaj. Men nou pa pou bliye li di menm bagay la kat (4) fwa: «Se poutdt sa, gason an va kite papa I ak manman I pou I mete tet li ansanm ak madanm li, pou toude fd yon sel.» (Jendz 2:24, Matye 19:5, Mak 10:7, Efezyen 5:31) Se pou ou re­ make vese kle sa a, pa janm pale sou koze pitit. Pou Bib la, pitit se yon benediksyon Bondye ajoute. Men se pa sdl rezon maryaj genyen. Renmen an, jan yon gason ak yon fi vin ini devan Bondye, sa deja, se yon pakdt afd. Se pou ou pran prekosyon ou ak neg yo rele mesye Anri a, sa se bagay ki serye. Ldt li a pa di anyen ki bon. Rakonte Franswa tout bagay pou I pa sispek ou. Pinga ou asepte pyes envitasyon, nan pyds kondisyon. 62 B 19 novanm 63 Ingrid ekri Franswa — Kom paste ale nan vwayaj, se mwen ki ekri ou jodi a. Se tankou se ou, mwen ta vie pale ak ou. Bondye fe ou yon gwo kado, li fe Sesil renmen ou. Mwen ta renmen ede ou, pou kado sa a pa pedi. Le de (2) moun renmen, se pa pou yo pran sa mete nan poch yo tankou nenpot ki bagay. Se chak jou pou yo bay renmen an swen, pou li ka grandi. Anvan m te marye, fiyanse m te voye di m yon fwa: «Le de (2) moun renmen, yo pa pou kont yo anko. Moun yo renmen an toujou la, youn pa janm viv pou tet pa I. Li toujou vie se moun li renmen an ki nan premye plas. Le sa a, li santi I rich epi ke I kontan. Li tankou yon moun ki ap lonje men pran. Yon gason ki renmen, se yon moun ki rekonet li pa kapab viv sel.» Sesil anvi kwe toutbon ou pa kapab viv san li. Men, kijan pou ou fe i kwe sa? Se pou toutan ou repete I sa, san ou pa janm bouke. Se pou ou fe I konprann ou bezwen I. Li p ap janm bouke tande sa. Se pou ou gen kouraj pou ou vin yon nonm ki konnen li pa kapab viv sel. Ke yon jennfi kase, \e li we neg li renmen an kwe li pa bezwen pedi tan ap di I li renmen I. Jan yon f i renmen yon gason, se pa menm jan I renmen pitit li ou fre I. Pou Sesil santi I ap viv, se pou I santi ou renmen I tou. Apot P6I te voye di moun yo nan Legliz Efez la: «Nou menm mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen Legliz la.» Nou renmen Kris, paske L te renmen nou anvan. Le nou vin renmen L, se tankou yon repons nou vin bay lanmou Li te gen pou nou. Se yon bagay ki tou dwol, Pol pa janm di madanm yo pou yo renmen mari yo. Se pa paske ou pran Sesil nan bra ou, pou ou karese I, li kwe ou renmen I. Kares sa yo pa vie di anyen, si moun Ian pa santi gen yon bagay ki pi fo pase ti anvi sa a. Sesil vie santi se ke ou ki ap chache ke pa I. Se ii menm OL renmen, le ou renmen ko I. Yon jenn gason konnen ko I, se li menm. Men yon jennfi kwe ko I se yon rad ki sou li. Sesil santi li plis pase ko I, se pou sa li vie yo renmen I plis pase ko I. Se pou sa tou, Sesil mete plis enpotans nan jan ou renmen I Ian, pase nan kares yo. Si ou janti ak li, si ou ede I moute bisikldt, si ou louvri yon pot epi ou kite I pase anvan ou, bagay konsa pi enpotan pase yon ti bo. Gen yon madanm ki marye depi lontan ki di m konsa: «Mwen pa mande mari m plis pase pou I ta di m mesi, le m fe yon bon ti manje pou li.» Yon fi santi I fache, si ou pi janti ak yon lot moun pase ak li. Li panse ou konsidere I tankou yon byen ou pa kapab pedi, se pou sa ou pa bezwen fe pyes efo. Lot jou, Id m te rankontre ou apre legliz la, ou te janti ak mwen, ou te prezante m Sesil. Men ou pa t ba I tan pou I te di yon mo. Mwen te fd I kado kek liv pou ede I nan pwobldm maryaj li. Ld li ap ale, ou kite I pote yo pou kont li. Ou ri, ou di konsa ti bagay konsa pa gen enpotans. Pou yon fi, se yon pakdt afd, pou Sesil se sa ki konte. Pinga ou pe pale. Se pou ou ede I di ou kisa I bezwen. Pa rete ap koute I konsa, men koute I ak kd ou. Se pa ou menm ki pou kontan, se li menm, se pa li menm ki pou konprann ou, se ou menm ki pou konprann li. 64 Y 30 novanm Y 19 novanm Mesye Anri ekri Sesil — Sa fe m mal anpil pou m we jouk kounyeya ou pa jwenn yon ti tan pou ou rankontre m. Chak jou mwen renmen ou plis. Ou se yon kou won pou ke m. Ou bel tankou yon reyon lalin. Mwen te mande fre m Ian pou I ale we papa ou. Nan kek jou anko, m a pote 50.000 fran pou papa ou. Sa pa anyen pou mwen. Le sa a, p ap gen anyen ki pou anpeche nou renmen. Senmenn pwochen, gouvenman ap fe yon gwo fet. Mwen ta renmen envite ou, nonk ou a va vini tou. Si ou 65 Sesil ekri Ingrid — Sa ki fe m pi kontan, se jan ou di ou menm tou, ou te doute, ou te tranble, ou te pe tankou m. Blan yo fe nou kwe nan mennaj yo pa gen pwoblem, tout bagay mache byen. Men le nou li jounal, nou we ki kantite divos ki gen an Ewop ak an Amerik. Nou pa kapab konprann de (2) bagay sa yo mache ansanm. Let ou a te fe m pran kouraj. Mwen santi m kapab di ou tout bagay. Let papa m Ian preske fini, li long anpil. Mwen voye di I tou sa m ta vie di I, si m te kapab. Men mwen pa kapab, mwen pa menm ka voye let la ale. Mesye Anri pa kite m an repo pyes. Men denye let li soti voye ban m Ian. Preske chak de (2) jou, li voye yon paket charabya konsa ban m. Li genie li kopye yo nan yon ti woman bon mache. Mesi pou sa ou di m fe a. Mwen te di Bet di I pa vini. Mwen pito pa ekri I, paske m pa vie pou m nan ekri ak li. marye ave m, ou se yon fi ki sove. Ou va gen domestik pou sevi ou, epi lajan tou. Ou ta viv tankou yon madanm blan. Se ak neg lespri selman n ap mele. Men sa ki ap pi bon, se lannwit, le nou ap fe lanmou. Y 15 desanm Sesil ekri Ingrid — Depi de (2) senmenn mwen nan traka. Mwen t ap tann yon let ou, men m konnen ou sel ak timoun yo. Epitou, ak fet Nwel la, ou pa gen anpil tan. Mesye Anri vin tann mwen chak jou ak oto I, kou lekdl ap lage. Le nou soti sou bisiklet, II swiv nou. Li mete moun veye nou, pou I konnen ki kote nou ale, kisa nou fe. Lot jou, le m soti lekdl, mwen rankontre I kay nonk mwen an. Apre sa, nonk Bdt la, sa ki fd Franswa jwenn plas la, vin rive. Se Id sa a m wd tout bagay te ranje depi anvan. Nou tout, nou ale nan yon «koktel pati», se konsa yo rele reyinyon sa yo. Yo konnen fd yo nan anbasad etranje yo. Se nan fet sa yo blan yo aprann nou sivilize. An Afrik, yon fi pa kapab di non Id papa I vie yon bagay. Mwen pa t danse. Men mwen pa t kapab anpeche mesye Anri mennen m retounen nan oto I. Li di m li gen lide marye ak mwen. Li di m sa konsa, tankou si se yon ond I fd m. Li pa menm mande m kisa m panse. Menm Id a tou, li te vie bo m, tankou si 11 ap manje yon bannann. Li te santi alkdl, sa te fd kd m plen. Li gen ven (20) lanne pase m, epi li gen yon premye madanm ak de (2) pitit deja. Li di madanm sa a pa konnen li, li pa konnen pale franse, epi li pa ka vin rete lavil. Kom li fek anplwaye nan gouvenman an, li bezwen yon fanm lavil ki prezante byen epi ki konnen kijan pou I resevwa moun. Se pou sa I chwazi m. Li di m li ka peye dot mwen an. Mwen kwd I touche ven 66 (20) fwa plis pase Franswa. Li vie ale we papa m ak kek boutey wonm epi yon kes bye. Li deja achte yon radyo pou papa m, yon machin a koud pou manman m. Li mande m kisa f re m yo ta renmen. Mwen pa reponn li. Men le m resi chape ko m, kite oto a, mwen santi m kontan we anyen pa rive m. Men mwen fe nwit la ap kriye. Lajan?... Yon bon fanm ki koute lajan?... Malere yo menm, yo met Iwe yon fi pou yon nwit, youn nan malerez pyes moun pa vie peye dot pou yo. Non, mwen te twonpe m... lajan pa ban nou pyes vale. Lajan avili nou. Li fe nou tounen yon machandiz. Li fe nou vin tankou fanm yo ki nan kafe. Se pou nou vin dezyem ou twazyem fanm yon nonm rich. Afe dot sa a, se pa yon bon bagay. Nou pa kapab di fanmi nou mesi pou kado sa a. Se vann yo vie vann nou. Si papa m pran lajan nan men mesye Anri, mwen fini. Se tankou si m te marye ak li. Mwen tankou yon plak devan pot mesye Anri. Maryaj la vie di yon fanm pou mari a montre. Mwen rakonte Franswa tout bagay, si paste pa t nan vwayaj, li te ekri li deja. Bagay sa a telman kraze Franswa, li santi I telman piti devan koze a, m vin renmen I plis. Men kijan pou nou soti nan afe sa a?... Franswa di si papa m pran lajan an ak kado yo, se yon sel bagay ki rete nou, se sove pou nou sove. Kisa ou panse, mwen bezwen ou ban m yon repons touswit?... «Moun ki kwe pa kouri...» Wi, men se tankou si ou kouri, le ou lese yo marye ou san ou pa vie, pou ou sispann goumen, pou ou kite moun Ian ou renmen an?... 67 21 desanm Franswa ak Sesil ekri Walte T. ak Ingrid — Se premye fwa n ap ekri ansanm. Se pou sa, nou adrese let la bay nou toulede. Nou sove. Se sa ki fe repons let 15 desanm Ian pa t rive jwenn nou. Nou kwe sa nou fe a p ap fe ou plezi, men nou kwe ou konprann nou. Nou pa t kapab fe lot bagay. Nou te vin konnen papa Sesil ti pran 50.000 fran mesye Anri a. Ou konnen kisa sa vie di. Depi sa te rive la, li te gen tout dwa sou Sesil. Se yon sel bagay nou te gen pou nou fe, se sove pou nou te sove. Nou te pran desizyon an ansanm, nou vie peye konsekans la ansanm, ke I bon, ke I move. Kdm yo ta pral bay vakans, sa te ranje tout bagay. Nou ranje afe nou san yo pa menm konprann sa. Nan yon let ou te di konsa jou nos la, se maryaj la ki pran nesans. Men ou te di anko: «Yon akouchman ki fdt anvan Id I gen anpil danje.» Men, eske pa gen akouchman ki fdt apre Id I? Eske yo pa gen plis danje anko?... Ld sa a, ddktd a oblije fd yon «sezarydn», li louvri vant fi a, II pran pitit la pou I pa mouri. Sove nou an, se tankou yon «sezaryen» li ye. Nou pa konnen si n ap kapab kenbe, ki kote nou pral viv, ak kisa nou pral viv. Nou pa konnen pase yon sdl bagay, nou se mesye ak madanm. Nou kite papa ak manman, pou nou atache nou youn ak Idt, pou nou vin fd yon sel end, Jendz, chapit 2, vdsd 24, akonpli pou nou. Nou pa bezwen ni lajan, ni ofisye leta sivil, ni pastd. Nou pa bezwen ni bonbon ak likd, ni papye, ni kantik. Se Bondye sdl nou bezwen. Li p ap abandonnen nou, tout Idt moun fin abandonnen nou. Koutim Ian pa garanti maryaj, II mache sou li. Li penmet yon moun vdld madanm yon Idt ak yon chdk. Kds Leta soutni jennfi ki fd pitit, ak pitit ki san papa. Li pa fd anyen pou moun ki fiyanse, men ki pa gen lajan. Legliz di nou 68 tann, men li pa fe anyen le nou ap tann. Li pa ede nou tou le n ap sove a. Pa gen yon paste ki ta oze pran nou lakay li. Sesil malad, li kouche. Jou lannwit nou sove a, li sitelman mache li pran yon refwadisman. Li voye bonjou anpil pou timoun ou yo. Nou pa di pyes moun ki kote nou ye, pa menm ou menm. Se pou sa ou p ap ka reponn nou let sa a. Se yon sel bagay ou kapab fe pou nou, se priye pou ou priye pou nou. Nou konte anpil sou sa. 69 Denye let Walte T. ekri moun yo kl li liv la — Pandan lavi nou, Bondye konnen mennen nou de kote nou pa we kijan pou nou fe pou nou soti. Pou Franswa ak Sesil, kote sa a, se te dot la. Pou yon lot ki viv an Ewdp, kote sa a kapab pote anpil non: klas sosyal, pati politik, koze relijyon, pa gen kote pou rete. Nou pa konnen nan ki kote sa yo ou ka rive, men sa ki gen enpotans, se jan ou chache soti la. Sa te fe m lapenn anpil, jou m soti nan vwayaj epi m jwenn let sa a. Li fe m we m pa t fe tou sa pou m te fe. Poukisa se nan epdk sa a, mwen te fe vwayaj la?... Poukisa m pa t ale jwenn papa Sesil pou m pale ak li fasafas?... Madanm mwen mande poukisa denye let Sesil la te rete tout tan sa a, san repons? Se tankou si nou te pale ak yo pandan nou nan yon avyon, men nou pa t ale pran men yo pou mache ak yo. Anpil moun ki li liv la dwe ap mande, men poukisa se nan raje yo ale? Poukisa pyes moun pa vin pwoteje yo, pote yo sekou?... Se Franswa ki gen rezon, an Afrik, pa gen moun ki ap penmet II pran pozisyon kont tout yon kot fanmi, pou de (2) jenn moun selman. Se pou sa li pa t vie mete m nan tet chaje tou. Epi, jan Afrik ye jddi a, sove konsa, se bagay ki fdt chak jou. Anpil gason ak fi chwazi chemen sa a, malgre li pa pi bon pase sa. Paske sa pa janm bay yon bon solisyon. Chemen yo te difisil anpil. Refwadisman Sesil la te chita sou pwatrin li. Ld li wd jan I malad, li mande pou yo mennen I nan vil kote li te ye anvan an. Franswa te vin chache m, mwen te pase yon senmenn nan tdt kabann li. Pandan kek jou, nou te pd I mouri. Ld papa Sesil wd se toutbon pitit fi I la manke mouri, li chanje lide. Li asepte kite timoun yo marye. Jddi a, yo toude marye devan lalwa, y ap mache ansanm, malgre wout la pa fasil. Yo rekonsilye ak pastd Amds. Denye let nou pral li a, se yon let ki pa t resi sdvi nan 70 koze a. Se let Sesil te ekri papa I la, nou te pale anpil sou let sa a deja. Pandan maladi Sesil la, Franswa te jwenn bouyon let la. Se lide yo ki te ekri sou papye, men pa t gen yon f raz ki te fini. Gen anpil bagay ki te korije, gen de (2) paj ki te bare net, yo te reyekri yo. Sa te penmet nou we ki travay ki te fet, pou let sa a te ekri. Sa montre nou ki kalite batay yon jennfi ki vie viv pwop te oblije mennen, pou I te ka fe papa I konprann li. Mwen rasanble tout moso let sa yo, mwen ranje yo, mwen mete ti kras tou, epi m voye I bay papa Sesil. Che papa, Mwen pa janm ekri ou yon let. Se pou sa, li yon jan difisil pou m fe I jddi a. Men kdm sa ta pi red anko pou m ta pale ak ou, mwen pito voye let la vin pale nan plas mwen. Mwen ta renmen tout jennfi an Afrik vin louvri yo ak mwen bay papa yo, bagay yo pa ta penmdt yo fd anvan. Mwen konnen si yo te jwenn mo, yo ta di menm bagay m ap seye di a. Mwen vie fd ou konprann poukisa m renmen Franswa. Pdtre I mwen pi renmen, se kote li lonje men I Ian. Mwen santi m mdt konte sou men sa a. Gendele nan lide m, mwen wd Franswa ap mache devan m. Yon moman li rete, li vire pran men m, pou I ede m pase move pa yo. Ld sa yo, mwen kapab pwoche kote I, epi I ban m konfyans. Se li menm sdl ki ka ban m kouraj, paske m ka reponn li, Id I pale ak mwen. Li pa seye fds li sou mwen, se sa ki fd, fds li pa fd m pd. Men kou m santi m bezwen yon moun pou pwoteje m, pou soutni m, li fd m santi fds li la. Ld m ak li, mwen renmen santi m feb, paske I pa pase m nan betiz. Men li menm tou, li bezwen m, li pa wont kite m wd sa. Malgre li se yon gason ki fd, li konnen santi I feb tankou yon timoun piti. Gwo men I yo, vin tankou yon men ki ap 71 mande. Le sa a, mwen pa we yon bagay ki pi bon pase pou m plen men I. Se sa m ta vie fe ou konprann, le m di ou: «Mwen renmen Franswa.» Le m pale konsa, mwen konnen ou di m vie chare blan yo. Ou repwoche m, paske m meprize koutim Afrik yo. Paske m vie marye ak yon nonm m renmen, paske m ref ize yon gason ki vie peye pou I marye ak mwen. Men dot la, se pa yon koutim ki gen an Afrik selman. Yo peye I tou an Ewop, an Izrayel. Men tout kote Levanjil pran, koutim sa a disparet. Mwen pa ekri ou tankou yon Afriken ki ap chare blan, men m ekri ou, tankou yon Afriken ki asepte Jezikri. Kom kretyen, mwen kwe se Bondye ki fe m. Se Li menm sel ki gen dwa sou vi m. Pa gen papa sou te a ki te bay Bondye anyen pou pitit yo. Se pou rezon sa a tou, pa gen papa sou te a ki pou mande lajan pou pitit li. Kom kretyen, mwen kwe Jezikri te mouri pou mwen. Se Li menm sel ki peye pri yo ka peye pou mwen an, Li bay san I pou mwen. Tout pri, se pri esklav. Kom kretyen, mwen kwe se Lespri Sen ki ap kondi m. Li pa kapab kondi m, si m pa gen libete pou m chwazi. Kom se mwen ki chwazi Franswa, m a toujou rete f idel. Eske se toutbon ou kwe dot kapab anpeche yon fanm kite mari I?... Mwen gen yon zanmi yo te achte 400.000 fran. Le pou I te marye, le li we sa, li di konsa: «Si ko m vo tout lajan sa a, se pou m pwofite l.» Depi le sa a, li konmanse vann tet li bay lot gason. Men, si dot la se yon bon bagay, jennes nan kafe se yon bon bagay tou. Ou kwe Franswa ta viv pi byen ak mwen si I te peye pou mwen?... Si se pou rezon sa a, pou I ta respekte m, mwen pa ta renmen viv ak li. Nan kondisyon sa a, se tankou yon bagay li konsidere m. Men mwen, se yon moun mwen ye. Se pa vre, le ou di lajan fe yon fanm obeyi pi byen, sa fe 72 mari a pi f idel. Lajan se yon chenn ki sevi kote ki pa gen lanmou. Men yo ap kase yon chenn. Yo ka renmet lajan an, oubyen bagay yo. Men le yon moun renmen, le li chwazi san yo pa f ose I, vin gen yon inyon ki pa kapab kase. Papa che, pinga ou kwe mwen engra, mwen renmen ou ak tout ke m. Mwen we tout sakrifis ou fe pou mwen. Le pou m te ale lekdl, mwen konnen jan lajan te difisil pou ou jwenn. Pinga ou kwe nou vie abandonnen ou. Nou mande ou yon sel bagay: kite nou konmanse san det. Kite nou fonde fwaye nou. Se la selman nou kapab ede ou, n a montre ou nou renmen ou toutbon. Franswa di m Id nou marye, touletwa frd m yo ka vin lakay pou yo ale lekdl. Ou pa kwd sa se yon prdv li renmen nou, ou pa kwd sa plis pase si I te peye yon gwo lajan li pa menm genyen?... Papa cheri, ban nou yon chans, kite nou konmanse. 73 "Le de (2) moun renmen... se chak jou pou yo bay renmen an swen, pou li ka gre M—fr if am 100501319 "Mwen te renmen ou plis anko, paske pandan nwit sa a, ou pa t seye vin kote m." Gen dele, mwen pe tet mwen. Mwen pe bet la ki ap domi andedan m Ian." "Nou menm mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen Legliz la." Li te vin konprann sa Bondye fe pi gran pase sa moun fe " Enstiti Etid Ayisyen Inivesite Kannzas mm W\& &M^£iufuC 27 B O U L E V A R D H A M Y T R U M A N B O I T S P O S T A L * 4 5 t - P O H T A U - P K i W C f . H A I T I